Liv Matye
Chapit 20
1
Paske wayòm syèl la, se tankou yon nonm ki se yon pwopriyetè, ki soti bonè nan maten pou anplwaye travayè nan jaden rezen l lan.
2
E, lè li fin dakò ak travayè yo pou yon denye pou jounen an, li voye yo ale nan jaden rezen li an.
3
Epi, li soti vè twazyèm è a, e li wè lòt moun ki te kanpe p ap fè anyen sou plas la,
4
Epi, li di yo: Nou menm tou, ale nan jaden rezen an, m ap ban nou nenpòt sa ki jis. Epi, yo ale la.
5
Apre ankò, li soti nan vè sizyèm è a, ak nevyèm è a, epi, li fè menm bagay la.
6
Epi, vè onzyem è a, li soti, e li jwenn lòt moun kanpe p ap fè anyen, epi li di yo: Pouki nou kanpe la a tout lajounen san nou pa fè anyen?
7
Yo di li: Paske pèsonn pa anplwaye nou. Li di yo: Nou menm tou, ale nan jaden rezen an; e, nenpòt sa ki jis, nou va resevwa.
8
Konsa, lè aswè te rive, mèt jaden an di administratè li a: Rele travayè yo, epi peye yo salè yo; kòmanse pa dènye yo, rive sou premye yo.
9
Epi, lè sila yo ki te anplwaye nan onzyèm è a vini, yo chak resevwa yon denye.
10
Men, lè premye yo vini, yo panse yo ta pral resevwa plis; e, menm jan an, yo chak resevwa yon denye.
11
Alò, lè yo resevwa l la, yo pran bougonnen kont bon mèt kay la;
12
yo di: Dènye sa yo travay inèdtan sèlman, epi w trete yo egal avèk nou menm ki sipòte traka ak chalè lajounen an?
13
Men li reponn youn nan yo, li di: Zanmi, mwen pa fè w anyen ki mal; èske w pa t dakò avèk mwen pou yon denye?
14
Pran sa k pa w la, epi al fè wout ou. M ap bay sa ki vini an dènye a menm bagay avè w.
15
Èske sa pa legal pou m fè sa mwen vle ak sa k pou mwen? Èske w gen move je paske m bon moun?
16
Konsa, dènye yo va premye, e, premye yo, dènye; paske anpil ap jwenn apèl, men se detwa k ap chwazi.
17
Epi, sou wout pou ale Jerizalèm nan, Jezi rele douz disip Li yo apa nan chemen an, e Li di yo:
18
Gade, n ap monte Jerizalèm, e, Pitit Gason Lòm nan, y ap trayi L, lage L anba men sakrifikatè an chèf yo, ak pwofesè Lalwa yo; epi, yo va kondane L amò.
19
E, yo va livre L bay Payen yo, pou yo pase L nan rizib, pou yo bat Li, epi krisifye L; apre sa, nan twa jou, L ap leve ankò.
20
Epi ansuit, se manman pitit Zebede yo ki vini ak tigason l yo bò kote L, li ajenou nan pye L; te gen yon bagay li te bezwen nan men L.
21
Epi, Li di li: Kisa w vle? Li di Li: Pèmèt pou de tigason m sa yo chita youn sou men dwat Ou, lòt la sou goch, nan wayòm Ou an.
22
Men Jezi reponn e di: Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske n ap kapab bwè nan gode ke Mwen pral bwè a, epi pou nou batize ak batèm ke M ap batize avè l la? Yo di Li: Nou kapab!
23
Epi, Li di yo: N ap bwè nan gode Mwen an tout bon vre, epi, n ap batize ak batèm ke M ap batize avèk li a; men kanta pou chita sou men dwat Mwen, ak men goch Mwen, se pa Mwen menm ki bay sa; y ap bay yo, bay moun ke Papa M te prepare pou yo a.
24
E, lè dis yo tande sa, yo te endiye anpil kont de frè yo.
25
Men, Jezi rele yo vin jwenn Li, Li di yo: Nou konnen jan chèf pèp Payen yo gen pouvwa sou yo, epi moun ki grannèg yo gen otorite sou yo;
26
epoutan, sa pa dwe konsa pami nou; men, nenpòt moun ki vle gran pami nou, kite ke se li ki sèvitè nou.
27
E, nenpòt moun ki vle chèf pami nou, kite ke se li ki esklav nou.
28
Se menm jan tou ke Pitit Gason Lòm nan pa vini pou yo sèvi Li, men pou Li sèvi, e bay lavi Li kòm lajan ranson anpil moun.
29
Epi, pandan ke yo t ap kite Jeriko, yon gwo foul t ap suiv Li,
30
e, twouve te gen de nonm avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande ke Jezi ap pase la a, yo pran rele, yo di: Gen mizerikòd pou nou, O Senyè, Pitit Gason David la!
31
E, foul la fè yo obsèvasyon pou yo fèmen bouch yo; men, yo rele plis toujou, yo di: Gen mizerikòd pou nou, O Senyè, Pitit Gason David la!
32
Epi, Jezi ret kanpe, e, Li rele yo, epi L di: Kisa nou vle pou M ta fè pou nou?
33
Yo di Li: Senyè, pou je nou ka louvri.
34
Alò, Jezi gen konpasyon pou yo, epi Li touche je yo, e, menm lè a, je yo te vin wè; epi, yo suiv Li.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!