Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Rezime

Pwojè Bib KJV Kreyòl

Entwodiksyon

Objektif pwojè sa a se tradui Orijinal King James Version Bib la, ki konsidere kòm youn nan vèsyon angle ki pi egzak, pi fyab e pi popilè.

Tradiksyon KJV Kreyòl la prezante verite ki pa chanje, verite ke Bondye revele bay limanite atravè Pitit Gason Li a, Jezi Kris. Se konsa ke moun ap rive jwenn chemen repantans lan, e konsa ke Kretyen ap ogante konesans yo ak konfyans yo nan Jezi Kris. Elèv k ap etidye Teyoloji kapab konte sou tradiksyon sa a tou, kòm yon sous serye pou devwa yo e pou fè rechèch sou Ekriti Sakre yo. Anplis de sa, moun k ap chèche Bondye ak kèsensè ap jwenn verite ki pa dekoupe ak dlo ki ka dirije yo a yon konpreyansyon pi pwofon sou kiyès Jezi Kris ye: Sèl Medyatè ant Bondye ak lèzòm. E se Lespri Sen ki va kondui lektè yo nan direksyon wayòm Bondye a ki mande lafwa nan Wa a, Senyè Jezi: Chemen an, Verite a e Lavi a. Pèsonn pa ka rive kote Papa a si li pa pase pa Pitit Gason an!

Antan ke Kretyen, nou konprann ke se sèlman verite a ki kapab gide nou nan wayòm syèl la. Pawòl Ekrit Bondye a gen verite ke Senyè a revele a, epi li sèvi kòm zouti, sèl bousòl pou mennen pechè yo fè konesans ak Pawòl Vivan Bondye a, ki se Kris Jezi, Sovè a e Senyè a, Redanptè a, Kreyatè a.

Ozetazini e nan lòt pati nan mond lan kote yo pale angle, King James Version an (KJV) se yon Bib ki gen bon renome, epi li disponib gratis pou tout moun, paske li nan Domèn Piblik. Pou rezon sa a, nou chwazi KJV kòm baz pou yon tradiksyon Kreyòl ki fè konfyans, san bezwen aplike pou okenn lisans ni peye okenn frè.

Version King James (KJV) genyen 66 liv, 1,189 chapit, 31,102 vèsè, ak 788,280 mo. Pwojè tradiksyon an kòmanse ak Nouvo Testaman an, ki gen 27 liv, 260 chapit, 7,957 vèsè, ak prèske 200,000 mo. Nouvo Testaman an fini, e anrejistreman lekti 260 chapit yo fin fèt tou

Kanta pou Ansyen Testaman an, ki gen 39 liv, 929 chapit, ak 23,145 vèsè, n ap travay pou finalize Jenèz ak Sòm yo.

Poukisa Pwojè Sa a Enpòtan?

Antan ke Kretyen, nou tout konnen ke Pawòl Bondye nesesè e endispansab nan lavi nou ; se Pawòl la ki sèl sous verite nou, se Pawòl la ki sèl bousòl nou, se Pawòl la ki ogmante lafwa nou, se Pawòl la ki sanktifye nou, elatriye. Sa pa diferan pou Kretyen Ayisyen yo! Frè ak sè an Kris ki pa ka li yo bezwen tande Pawòl la tou. Se pa al legliz yon jou pa semèn k ap ban nou manje solid ke nanm nou bezwen. Se nou tout ki dwe gen aksè a nouriti espirityèl ke Pawòl Bondye a ban nou dekwa pou nou grandi konesans e konfyans nou nan Bondye Pitit Gason an, Jezi Kris, Senyè nou an e Sovè nou an! Men, Ayisyen dwe gen aksè a yon tradiksyon Labib ki pa gen erè. Tout tradiksyon Kreyòl aktyèl yo, pa egzanp, fè referans a Jezi kòm "Pitit Bondye," sa ki pa tradiksyon kòrèk Fils (en Français), ni Son (in English) ni Hijo (en Espaňol). Lè w bay Jezi tit Pitit Bondye a, se yon fòm erezi, yon mank dega, paske se Pitit Gason Bondye Li ye. Sèks dezyèm pèsonn nan Trinite a se maskilen, e sa se yon detay ki chaje ak enpòtans. Pawòl Bondye, nan fòm orijinal li, sèvi kòm yon zouti ki dwat, ki klè e ki egzak ke Bondye bay lèzòm, e kenpòt devyasyon ki rive fèt nan tèks la kapab detounen lektè yo de Verite a. Si ou menm k ap li a, ou te konn bay Jezi tit Pitit Bondye, korije erè a, bay Senyè a tit Li ki se Pitit Gason Bondye a

"Bib KJV Kreyòl" la diferan de lòt Bib Kreyòl ki egziste yo paske li pa eseye senplifye langaj la oswa febli pouvwa entelektyèl ak rezònman lojik verite Lespri Sen an revele sou Bondye. Olye de sa, tradiksyon an te konte sou anpil nòt anba paj Bib Etid, anpil kòmantè sou pasaj biblik dekwa pou nou fè chwa mo ki egzak dapre kontèks vèsè yo, pou asire ke lektè yo ka byen konprann Pawòl Bondye a.

Konparezon ak Bib ki Egziste Deja

  • Bib La: Se vèsyon sa a ki itilize plis pami manm legliz e ann Ayiti e nan dyaspora a - ak yon estimasyon 4 a 5 milyon kopi ki an sikilasyon kounye a. Malerezman, tradiksyon sa a fè Pawòl Bondye a vire devan dèyè e tèt anba. Nou pa ankouraje pèsonn itilize vèsyon Bib sa a.
  • Bib Kreyòl La: Tradiksyon Bibles International sa a se yon gran amelyorasyon nan Nouvo Testaman an. Sepandan, li minimize kèk verite fondamantal epi li gen erè, tankou omisyon 7 "Je suis" sitasyon Jezi nan liv Jan an, kote ke Senyè Jezi deklare ke Li gen menm atribi ak Papa a.
  • Lòt Bib Kreyòl yo: Prèske tout tradiksyon Bib Kreyòl Ayisyen soufri menm erè mansyone pi wo a, anplis de lòt erè ankò.
  • Louis Segond se vèsyon fransè Ayisyen fè konfyans, men li prezante pwòp defi pa l. Gen anpil kote li met dlo nan diven Pawòl Bondye a, (olye de péchés, li di fautes – olye de la vierge enfantera un Fils, li di la jeune fille – nan Jenèz 1:2 li mete l'esprit de Dieu olye de l'Esprit de Dieu) e gen plizyè lòt pwoblèm ankò. Bib Louis Segond an ekri nan yon estil fransè inivèsitè ke anpil lektè Ayisyen pa konprann.

Konklizyon

OSS Ministry ap pote mesaj levanjil la, Bòn Nouvèl Jezi Kris la bay pèp Ayisyen an depi plis pase 23 an. Nan ane 2014-2015, nou te reyalize yon mach Repantans nan tout peyi a. Nou te pote mesaj Repantans ak Lafwa nan Kris la bay 10 depatman, 140 Komin, ak 570 Seksyon Kominal.

Kounye a, nou bezwen pibliye Nouvo Testaman an, e nan chak Bib n ap mete yon kat memwa ki gen lekti 27 liv yo ak tout 260 chapit yo.

Guy R. Mompoint Direktè Pwojè KJV Kreyòl la. Guy te enterese travay sou yon pi bon tradiksyon Bib la an kreyòl depi lontan. Lè te li plizyè pasaj nan Bib la, e an angle, e an fransè, li te reyalize ke vèsyon kreyòl ki genyen yo se yon danje yo ye!
  1. Kòm yon Kretyen nedenouvo, ki pase tan nan lekti ak etid Labib, li gen yon konpreyansyon kòrèk sou Pawòl Bondye a
  2. Kòm yon elèv lang angle, li jwi yon konpetans akademik ki elve
  3. Epi, antan ke Ayisyen natif natal k ap viv nan milye riral peyi a, li ekri, li, epi pale Kreyòl nan yon fason ki gen rapò ak pèp la, san ke li pa sitire iyorans ak medyokrite.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!