Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Matye

Chapit 21

« Matye 20 Matye Matye 22 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Epi, lè yo te rive pre Jerizalèm, e yo te antre Betfaje, nan Mòn Oliv, alò, Jezi voye de disip,
2 Li di yo konsa: Ale nan bouk ki anfas nou la a, e dwat devan nou, n ap jwenn yon manman bourik mare, e yon ti bourik avè l; demare yo, epi pote yo ban Mwen.
3 E, si yon moun di nou yon bagay, nou va di: Senyè a bezwen yo; e, menm lè sa a, li va voye yo.
4 Tousa te fèt, pou li te akonpli sa ki te pale pa pwofèt la, ki te di:
5 Di pitit fi Siyon an, Gade, men Wa w la ap vini jwenn ou, Li dou, e Li chita sou do yon bourik, yon ti bourik, pitit yon manman bourik.
6 Epi, disip yo ale, yo fè jan Jezi te kòmande yo a;
7 e, yo mennen manman bourik la ak ti bourik la; apre, yo mete rad yo sou do bourik yo, epi, yo mete Jezi chita sou li.
8 E, yon gwo foul moun blayi rad yo atè sou wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa e simayen yo sou wout la.
9 E, foul ki te devan an, ansanm ak sa ki t ap suiv la, t ap rele, yo t ap di: Ozana pou Pitit Gason David la, Sila ki vin nan non Senyè a beni; Ozana pi wo nan syèl la!
10 Epi, lè Li te vin rive nan Jerizalèm, tout vil la te twouble, yo t ap di: Kiyès sa a?
11 Epi foul la di: Se Jezi, pwofèt Nazarèt nan Galile a.
12 Epi, Jezi ale nan tanp Bondye a, e, Li chase tout moun ki t ap vann ak achte nan tanp lan; epi, Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ansanm ak chèz moun ki t ap vann pijon yo.
13 Epi, Li di yo: Sa ekri: Kay Mwen an a va rele yon kay lapriyè; men, nou fè l tounen yon rezo vòlè!
14 Epi, moun avèg ak moun ki bwete vin kote L nan tanp lan, e, Li geri yo.
15 E lè sakrifikatè an chèf yo ak pwofesè Lalwa yo wè mèvèy Li te fè yo, ak timoun yo ki t ap rele anndan tanp lan, ki t ap di: Ozana pou Pitit Gason David la; yo te fache anpil.
16 Alò, yo di Li: Èske W tande sa y ap di a? Epi, Jezi di yo: Wi! Èske nou pa janm li sa: Se nan bouch timoun piti ak tibebe ke W pèfeksyone louwanj?
17 Epi, Li kite yo, e, Li soti nan vil la, L ale Betani, e, Li pase nuit la la.
18 Kounye a, nan maten, pandan Li t ap retounen nan vil la, Li te grangou.
19 Li wè yon pye figfrans sou wout la; Li pwoche sou li, Li pa jwenn anyen ladan l, apa de fèy sèlman, epi, Li di l: Ke okenn fwi pa janm donnen nan ou apati de kounye a ajamè! Epi menm lè sa a tou, pye figfrans lan seche nèt.
20 E, lè disip yo wè sa, yo te etone, yo di: Gade kòman pye figfrans lan seche vit!
21 Jezi reponn, Li di yo: Anverite, Mwen di nou sa, si nou gen lafwa, e nou pa doute, nou ta ka non sèlman fè sa ki rive pye figfrans lan, mentou, nou ta ka di mòn sa a: wete kò w la, epi al jete tèt ou nan lanmè, sa t ap fèt.
22 E, tout bagay, kèlkeswa sa nou ta va mande nan lapriyè ak konfyans, nou va resevwa.
23 E, lè Li te vin rive nan tanp lan, sakrifikatè an chèf yo, ak Ansyen pami pèp la vin kote L pandan Li t ap anseye; yo di: Ak ki otorite W ap fè bagay sa yo? Epi, kiyès ki ba W otorite sa a?
24 E, Jezi reponn, e Li di yo: Mwen menm tou, Mwen pral mande nou yon bagay, si nou ka di M, Mwen menm tou M ap di nou ak ki otorite M ap fè bagay sa yo.
25 Batèm Jan an, kote li te soti? Nan syèl, oswa nan lèzòm? Alò, yo reflechi ant yo menm, yo di: Si nou ta di, nan syèl; L ap di nou: Alò, poukisa nou pa t kwè l?
26 Men, si nou ta di: Nan lèzòm, nou kraponnen devan pèp la, paske yo tout te pran Jan kòm yon pwofèt.
27 Alèkile, yo reponn Jezi, yo di: Nou pa ka di. Alò, Li di yo: Mwen menm nonplis, Mwen p ap di nou ak ki otorite M ap fè bagay sa yo.
28 Men, kisa nou panse? Yon nonm ki te gen de pitit gason; epi, li pwoche kot premye a, li di li: pitit gason m, jodi a, al travay nan jaden rezen m lan non.
29 Li reponn, li di: Mwen pa prale! Men, apre, li repanti, epi, l ale.
30 Apre, li pwoche kote dezyèm nan, e, li di l menm bagay la. E, li reponn, e, l di: Mwen prale, mesye! Alòske, li pa ale.
31 Kiyès nan yo de a ki fè volonte papa l? Yo di Li: Premye a! Jezi di yo: Anverite, Mwen di nou sa, pèseptè yo ak pwostitye yo ap antre nan wayòm Bondye a anvan nou.
32 Paske Jan vin sou nou nan chemen ladwati, e, nou pa t kwè li, men pèseptè yo ak pwostitye yo te kwè l; epi, nou menm, lè nou te wè sa, nou pa t repanti apre sa, dekwa pou nou ta kwè nan li.
33 Tande yon lòt parabòl, te gen yon pwopryetè ki te plante yon jaden rezen, e, li te klotire toutotou l, e li te fouye yon basen pou ji rezen an, epi, li te konstwi yon gerit; apre, li afèmen l ak kiltivatè, epi, l ale nan yon peyi byen lwen.
34 E, lè tan sezon rekòt la te pre rive, li voye sèvitè l bò kote kiltivatè yo, pou yo te ka resevwa rekòt la.
35 Epi, kiltivatè yo pran sèvitè li yo, yo bat youn, yo tiye yon lòt, epi, yo kalonnen youn ak wòch.
36 Apre ankò, li voye lòt sèvitè toujou, plis pase premye fwa a; e, yo fè yo menm bagay.
37 Men, andènye, li voye pitit gason l kote yo, li t ap di: Omwens, yo va respekte pitit gason m nan.
38 Men, lè kiltivatè yo wè pitit gason an, yo di antre yo: Men eritye a, vini, ann al tiye l, epi n a sezi eritaj li a.
39 Epi, yo met men sou li, yo mennen l deyò jaden rezen an, epi yo tiye l.
40 Alò, lè mèt jaden rezen an vini, kisa l ap fè kiltivatè sa yo?
41 Yo di Li: L ap detwi bann nonm mechan sa yo nèt; lèfini, li va mete jaden rezen li a nan men lòt kiltivatè, ki yo menm va remèt li fwi yo lè sezon yo rive!
42 Jezi di yo: Èske nou pa t janm li Lèzekriti: Wòch moun ki t ap bati yo te jete a, se li menm ki vin wòch poto mitan an; sa, se travay Senyè a, e, se yon mèvèy nan je nou?
43 Konsa donk, Mwen di nou sa, yo va wete wayòm Bondye a nan men nou, epi y ap bay li ba yon nasyon k ap pote fwi wayòm nan.
44 E, nenpòt ki moun ki va tonbe sou wòch sa a, l ap kase, men moun ke l tonbe sou li a, l ap kraze l tounen poud.
45 Apre sa, lè sakrifikatè an chèf yo ak pwofesè Lalwa yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann ke se de yo ke Li t ap pale.
46 Men, lè yo t ap chèche met men sou Li, yo te pè foul la, paske yo te pran L pou yon pwofèt.
« Matye 20 Matye Matye 22 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!