Liv Mak
Chapit 4
1
Apre sa, Jezi rekòmanse anseye nan bòdmè a; e, te gen yon gwo foul ki te rasanble kote Li; kifè ke Li antre nan yon kannòt, epi L chita sou lanmè a; e, tout foul la te atè sou bòdmè a.
2
Alèkile, Li te anseye yo anpil bagay an parabòl; e, Li di yo nan ansèyman L lan:
3
Koute non! Vwala se te yon kiltivatè ki te soti al simen semans;
4
epi, sa rive ke antan l ap simen an, kèk te tonbe arebò wout la; lèfini, zwazo nan syèl la vini, yo devore sa.
5
Te gen kèk ki te tonbe nan yon tè ki ak wòch, kote k pa t gen bon kou tè; epi, li te pouse lamenm, paske l pa t antre fon nan tè.
6
Men, yonfwa solèy la vin leve, li te boule; e, difèt ke l te san rasin, li seche.
7
Ansuit, gen kèk ki te tonbe nan mitan pikan; epi, pikan yo pouse, yo toufe li, e li pa bay ankenn fwi.
8
Epi, te gen kèk ki te tonbe nan bon tè; e, li te bay fwi, li te leve pouse, li te grandi; epi, li donnen; gen sa ki te bay trant, gen sa k te bay swasant, e gen sa k te bay san.
9
Lèfini, Li di yo konsa: Moun ki gen zòrèy pou tande, se pou l tande!
10
Epi, lè Li te vin pou kò L, sila yo ki te avèk Li yo ansanm ak douz yo poze Li kesyon sou parabòl la.
11
Alèkile, Li di yo konsa: Se bay nou menm ke yo pèmèt pou konprann mistè wayòm Bondye a; men, a moun sa yo ki deyò a, tout bagay sa yo fèt an parabòl;
12
ansòt ke se gade yo ka gade, men yo p ap wè; se tande yo ka tande, men yo p ap konprann; pou anpeche nenpòt lè ke yo ta va konvèti, e ke peche yo ta va jwenn padon.
13
Epi, Li di yo: Nou pa konprann parabòl sa a? Bon, kijan nou pral fè konprann tout parabòl yo atò?
14
Moun k ap simen an, li simen Pawòl la;
15
Epi, gen sa yo ki bò wout la kote Pawòl la simen an; men, apre ke yo te tande l la, lamenm, Satan vini, epi l rape Pawòl ki te simen nan kè yo a.
16
Epi, se menm jan an pou sa yo ki te simen nan tè ki gen wòch la; yo menm, yonfwa yo fin tande Pawòl la, lamenm yo resevwa l ak kèkontan;
17
Men, yo pa gen rasin nan yo menm; e, se pou yon moman ase yo andire; apre sa, lè tribilasyon oswa pèsekisyon leve nan kò yo poutèt Pawòl la, menm lè a, yo chite.
18
Epi, sa yo ki te simen nan mitan pikan yo, se yo menm ki fin tande Pawòl la,
19
lèfini, pwoblèm nan monn sa a, e twonpri richès yo, ak dezi cho pou lòt bagay vin antre anndan yo, toufe Pawòl la; alèkile, yo vin pa ka bay fwi.
20
Kanta pou sa yo ki te simen nan bon tè a, se yo menm ki fin tande Pawòl la, yo resevwa l; epi, yo pwodui fwi: kèk donnen trant, kèk swasant, kèk san.
21
Epi, Li di yo konsa: Èske yo vin ak yon chandèl pou mete l anba yon panye oswa anba yon kabann? Èske se pa sou yon chandelye y ap mete l?
22
Paske, pa gen anyen ki te kache ki p ap vin parèt aklè; nonplis tou, pa gen anyen ki te kenbe an sekrè ki p ap vin sot deyò.
23
Si kenpòt moun gen zorèy pou l tande, se pou l tande!
24
Epi, Li di yo konsa: Fè atansyon ak sa n ap tande a; santimèt ke w mezire avèk li a, se avè l yo va mezire w tou; e, a nou menm ki tande a, va gen plis ke yo bay.
25
Paske, moun ki genyen an, se a li menm ke yo va bay; epi, moun ki pa genyen an, se nan men l yo va pran menm sa ke l te genyen an.
26
Apre sa, Li di: Men kijan wayòm Bondye a ye: se tankou si yon nonm ta va lage semans nan tè a;
27
alèkile, kit misye ta dòmi, kit li ta veye lajounen kou lannuit, semans lan ap pran, e l ap pouse; misye p ap konn kijan.
28
Paske, tè a donnen fwi pou kont li; an premye, se flèch la; apre, se grap la; lèfini, se grenn yo okonplè sou grap la.
29
Men, depi fwi a fin mi, se menm lè a y ap voye sèpèt, paske rekòt la rive.
30
Lèfini, Li di: Ak kisa nou va konpare wayòm Bondye a? Oubyen, ak ki konparezon nou ta va reprezante l?
31
Li tankou yon grenn moutad, ke apre li fin simen nan tè a, se li ki pi piti pami tout grenn semans ki sou latè;
32
men, lè li fin simen an, li grandi, epi l vin pi gwo pase tout pye legim; e li pouse de gwo branch, ansòt ke zwazo nan syèl la kapab fè nich anba lonbraj li.
33
Se te ak plizyè parabòl konsa ke Jezi te anonse Pawòl la ba yo; selon mezi sa yo te ka tande.
34
Men, Li pa t pale avèk yo san se pa ak yon parabòl; epi, lè yo te pou kont yo, Li te eksplike tout bagay bay disip Li yo.
35
Epi, menm jou sa a, lè aswè rive, Li di disip Li yo: An nou travèse al lòt bò a.
36
Alèkile, apre ke yo te fin voye foul moun yo ale, yo pran Jezi antan L te nan kannòt la. E, te gen lòt ti kannòt tou avèk Li.
37
Se konsa te vin gen yon gwo van tanpèt ki leve, e vag lanmè yo t ap bat anndan kannòt la, nan pwen kounye a ke l te plen ak dlo.
38
E, Jezi, Li menm, te pa dèyè kannòt la, Li t ap dòmi sou yon zorye; kidonk, yo leve L, epi yo di Li konsa: Mèt, sa pa di W anyen ke n ap peri?
39
Alò, Li leve, epi Li fè van an repwòch; apre sa, Li di lanmè a: Lapè, ret trankil! Epi, van an sispann, e te gen yon gwo kalmi.
40
Alèkile, Li di yo konsa: Sa k fè nou kapon konsa a? Kòman fè nou pa gen lafwa?
41
Alò, yo te vin pè yon sèl pè! Epi, youn t ap di lòt: Ki kalite moun sa a ye menm, pou twouve atò van ak lanmè obeyi L la?
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!