Liv Mak
Chapit 12
1
Epi, Li kòmanse pale avèk yo an parabòl; Te gen yon nonm ki te plante yon jaden rezen; misye te fè yon kloti pou li; e, li te fouye yon basen pou kraze rezen yo; epi, li te bati yon gerit; lèfini, li anfème jaden an bay kèk kiltivatè; apre sa, misye pati al nan yon peyi byen lwen.
2
Twouve, lè sezon rekòt la rive, li voye yon sèvitè bò kote kiltivatè yo, dekwa pou l te ka resevwa nan men kiltivatè yo nan pwodui ke jaden rezen an te fè a.
3
Men, yo pran sèvitè a, yo bat li, epi yo voye l ale de men vid.
4
Yon fwa ankò, li voye yon lòt sèvitè kote yo. Sa a menm, yo kalonnen l wòch, yo blese l nan tèt, epi yo voye l ale apre yo fin imilye l.
5
Epi ankò, li voye yon lòt, sa a li menm, yo tiye l; li te voye plizyè lòt ankò; genyen yo bat, genyen yo tiye.
6
Alò, kòm li te rete yon pitit gason ke l te renmen anpil; li voye l kote yo an dènye; li te di nan tèt li: Y ap gen respè pou pitit gason m nan.
7
Men, kiltivatè yo pale youn ak lòt, yo di: Men eritye a wi! Vini, annou tiye l, konsa eritaj la ap ret pou nou.
8
Epi, yo pran l, yo tiye l, e yo voye l jete pa deyò jaden rezen an.
9
Alò, kisa mèt jaden rezen an va fè? L ap vini, l ap detwi kiltivatè yo, epi l ap kite jaden rezen an nan men lòt kiltivatè.
10
Èske nou pa t janm li sa, pasaj sa ki di nan Ekriti a: Wòch moun k ap bati yo te jete a, se li menm ki vin tounen wòch ki nan tèt kwen an;
11
se Senyè a ki fè sa rive, e se yon mèvèy sa ye nan je nou?
12
Lè sa a, yo te chèche met men sou Li; men, yo te pè foul la; paske yo te vin konprann ke parabòl sa a, se te kont yo Li te bay li. Alò, yo vire kite L; y al fè wout yo.
13
Apre sa, yo voye kèk Farizyen ansanm ak kèk Ewòdis kote Li pou yo te ka kenbe L nan pawòl L ap di.
14
Lè yo rive, yo di L konsa: Mèt nou konnen W se yon moun ki di sa ki vre; e, Ou pa gade moun sou aparans; men, Ou anseye chemen Bondye a dapre laverite. Èske sa legal pou peye enpo bay Seza; wi ou non?
15
Èske nou dwe bay li, oswa nou pa dwe bay li? Alò, kòm Li te konnen ipokrizi yo a, Li di yo: Poukisa n ap teste Mwen an? Pote yon denye ban Mwen pou M ka wè l.
16
Epi, yo pote l. Lè sa a, Li di yo: Pòtre kiyès ak non kiyès ki sou li la a? Yo di L konsa: Seza!
17
Alèkile, Jezi reponn, Li di yo: Bay Seza bagay ki pou Seza; epi, bay Bondye bagay ki pou Bondye! E, yo te etone akòz de Li.
18
Lè sa a, Sadiseyen yo, yo menm ki di pa gen rezireksyon an, vin kote Li; epi, yo mande L:
19
Mèt, Moyiz te ekri ban nou ke si yon nonm gen frè l ki ta mouri, epi frè sa a kite madanm li dèyè; epi, li pa t gen pitit, nonm sa a dwe pran madanm nan pou l ka fè pitit avè l pou frè li a ki mouri a.
20
Kounye a, twouve te gen sèt frè. Premye a marye, men li mouri san l pa kite pitit.
21
Dezyèm nan pran madanm nan, men li mouri san l pa kite pitit nonplis. Epi, twazyèm nan, menm jan an.
22
Kidonk, toule sèt te pran l pou madanm, e yo mouri san yo pa kite pitit. Alafen, madanm nan mouri tou.
23
Lè rezireksyon an atò, lè yo resisite a, madanm kiyès nan yo l ap ye? Paske, li te madanm toule sèt.
24
Lè sa a, Jezi di yo: Èske se pa twonpe nou twonpe nou, difèt ke nou pa konn ni Ekriti yo ni puisans Bondye?
25
Paske, lè moun resisite pami mò yo, yo p ap ni marye, ni bay fi pou maryaj; men, y ap tankou zanj ki nan syèl la.
26
Epitou, konsènan mò yo ki gen pou leve a; èske nou pa li nan liv Moyiz la, kijan nan touf bwa a, Bondye te pale avè l, Li te di l: Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?
27
Li pa Bondye moun mouri; men, Li se Bondye moun vivan; konsa donk, nou twonpe nou anpil.
28
Alèkile, youn nan pwofesè Lalwa yo parèt, misye te tande yo ki t ap diskite ansanm nan; e, kòm li te wè ke Jezi te byen reponn yo, li mande L: Kiyès nan kòmandman yo ki an premye pami yo tout?
29
Alò, Jezi reponn li: Men premye nan tout kòmandman yo: Tande, o Izrayèl, Senyè a, Bondye nou an, se yon sèl Senyè Li ye.
30
Ou va renmen Senyè a, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse w, e ak tout fòs ou.
31
Epi, dezyèm nan, se menm jan an; men li: Ou va renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. Pa gen okenn kòmandman ki pi enpòtan pase sa yo.
32
Epi, pwofesè Lalwa a di Li: Se byen, Mèt, se laverite W di; paske, se yon sèl Bondye ki genyen; e, pa gen pyès lòt apa de Li menm.
33
E, lè yon moun renmen L ak tout kè l, ak tout entèlijans li, ak tout fòs li; epi, li renmen pwochen l tankou li renmen tèt li, sa yo gen plis valè pase tout olokos ak sakrifis.
34
Alò, lè Jezi wè ke misye te reponn ak bonkonprann, Li di l konsa: Ou pa lwen wayòm Bondye a non! E apre sa, pèsonn pa t pran chans poze L kesyon ankò.
35
Epi, pandan Jezi t ap anseye nan tanp lan, Li di: Kòman pwofesè Lalwa yo fè di Kris la se pitit gason David Li ye?
36
Alòske, David li menm te di dapre direksyon Lespri Sen an: Senyè a di Senyè m nan: Chita adwat Mwen jiskaske Mwen mete lènmi W yo anba pye W.
37
Kidonk, David li menm rele Kris la Senyè; alò, kòman Li fè pitit gason misye? E, se te avèk plezi foul moun yo t ap tande L.
38
Epi, Li di yo nan ansèyman Li a: Fè atansyon ak pwofesè Lalwa yo ki renmen ap pwomennen ak wòb long sou yo; e, pou moun ap salye yo sou plas piblik;
39
epi, ki renmen chèz devan nan sinagòg, ak plas donè nan resepsyon.
40
Se yo ki piye kay vèv yo, e ki pran pòz lapriyè byen long yo pou fè wè; moun sa yo ap gen pou resevwa yon kondanasyon ki pi gwo.
41
Apre sa, Jezi t al chita anfas kès yo met ofrann nan, Li t ap gade moun yo k ap met lajan nan kès la; e, te gen plizyè moun rich ki te met anpil kòb.
42
Men, vin gen yon malerèz vèv ki parèt, epi li lage de ti pyès lajan ki te vo yon kadran.
43
Lè sa a, Li rele disip Li yo vin jwenn Li, Li di yo konsa: Anverite, M ap di nou ke malerèz vèv sa a mete plis pase tout moun ki met lajan nan kès la.
44
Paske yo tout, se sa yo te gen anplis ke yo mete; alòske li menm, nan mitan nesesite l, se tousa l posede li bay; menm mwayen pou l viv.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!