Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 1

« Mak 16 Lik Lik 2 »
1 Kòm plizyè moun te pran sa an chaj pou ekri yon rapò sou evènman sa yo ke pami nou menm nou kwè nan yo a;
2 menm jan sila yo ki te temwen depi okòmansman an te rakonte nou bagay sa yo, antan ke sèvitè Pawòl la;
3 etandone ke m vin konprann tout bagay alapèfeksyon depi nan premye sa ki te rive yo, sa ta bon pouke mwen ekri yo pou ou nan lòd yo te pase a, Sonnekselans Teyofil;
4 se dekwa pou w ka gen asirans ke bagay yo te anseye w yo se laverite yo ye.
5 Nan epòk Ewòd, wa Jide a, te gen yon sakrifikatè ki te rele Zakari, nan gwoup Abiya a; e, madanm li te youn nan pitit fi desandan Arawon yo, li te rele Elizabèt.
6 E, yo toude te jis devan Bondye, paske yo te mache san repwòch dapre tout kòmandman ak tout lwa Senyè a.
7 Men, yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit; e kounye a, toulède te bonjan avanse nan laj.
8 Twouve ke pandan Zakari t ap fè sèvis li antan ke sakrifikatè devan Bondye, dapre lòd gwoup li a;
9 selon koutim nan sèvis sakrifikatè yo, se te tou pa l pou li boule lansan lè l antre anndan tanp Senyè a.
10 E, tout foul moun yo t ap lapriyè deyò a nan lè ofrann lansan an.
11 Se konsa ke yon zanj Senyè a parèt devan l, li te kanpe adwat lotèl lansan an.
12 Lè Zakari wè li, misye sote, e laperèz anvayi l.
13 Men, zanj lan di l konsa: Ou pa bezwen pè, Zakari, paske lapriyè w la egzose; e, madanm ou Elizabèt va ba w yon pitit gason; epi, ou va rele non li Jan.
14 Ou va gen lajwa ak kè kontan, e anpil moun va rejwi lè l fèt.
15 Paske, li va gran devan Senyè a; e, li p ap bwè ni diven, ni gwòg fò; epi, li va ranpli ak Lespri Sen depi nan vant manman l.
16 Anplis de sa, anpil nan pitit Izrayèl yo, se li menm ki va fè yo tounen vin jwenn Senyè a, Bondye yo a.
17 Konsa, l ap mache devan Senyè a ak menm lespri e ak menm puisans Eli te genyen an, pou l fè kè papa yo vire jwenn timoun yo; pou l fè dezobeyisan yo vin gen sajès moun ki jis yo, dekwa pou l prepare yon pèp pou Senyè a.
18 Alèkile, Zakari di zanj lan: Kijan m ap ka rekonèt sa? Paske, m se yon granmoun, e madanm mwen avanse nan laj.
19 Zanj lan reponn, li di l konsa: Mwen se Gabriyèl, se mwen ki kanpe nan prezans Bondye; e, yo voye m pale avè w, pou anonse w bòn nouvèl sa yo.
20 E, gade non! W ap bèbè, e ou p ap ka pale, pou jis jou bagay sa yo va fèt la; poutèt kwè w pa kwè nan pawòl mwen yo, ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou sa a.
21 Antretan, pèp la t ap tann Zakari, e yo te etone difèt ke li te rete lontan konsa anndan tanp lan.
22 E, lè li sot deyò, li pa t ka pale avèk yo; alò, yo reyalize ke se yon vizyon li te fè nan tanp lan; paske, se siy li t ap fè yo; men, li te ret bèbè.
23 Se konsa ke yon fwa sèvis li t ap fè nan tanp lan vin bout, li pati l al lakay li.
24 Alèkile, apre jou sa yo, Elizabèt, madanm li, te vin ansent; e, li kache tèt li pandan senk mwa, li t ap di:
25 Gade sa Senyè a fè pou mwen nan jou sa yo, kote li vire je gade m pou wete dezonè m lan pami lèzòm.
26 Sou sizyèm mwa a, zanj Gabriyèl, ke Bondye te voye, ale nan yon vil nan Galile ki rele Nazarèt,
27 kote yon fi vyèj ki te fiyanse ak yon nonm yo te rele Jozèf, yon desandan David; e non vyèj la, se te Mari.
28 Konsa, zanj lan antre lakay li, li di l: Mwen salye w! Ou menm ki resevwa anpil favè; Senyè a avèk ou; ou se yon moun beni pami fanm yo.
29 Men, lè Mari te wè zanj lan, pawòl li yo te twouble l; e, li t ap poze tèt li kesyon sou sa salitasyon sa a te vle di.
30 Alèkile, zanj lan di l: Ou pa bezwen pè non, Mari, paske w jwenn favè nan men Bondye.
31 Gade! Ou pral vin ansent, w ap fè yon pitit gason, e ou va rele Li JEZI.
32 L ap vin gen anpil grandè; y ap rele L Pitit Gason Sila ki Trèwo a. E Senyè Bondye a va ba Li twòn David, papa L la;
33 Li va renye sou kay Jakòb la pou toutan; e wayòm Li an p ap janm fini.
34 Alò, Mari di zanj lan konsa: Kòman sa pral rive, alòske mwen poko konn gason?
35 Zanj lan reponn, li di l: Lespri Sen ap vin sou ou, e puisans Trèwo a ap kouvri w. Se pou rezon sa a tou, timoun sen sa a ke w ap bay nesans lan, yo va rele L Pitit Gason Bondye.
36 Epi, gade! Elizabèt, kouzin ou, ansent yon tigason tou, pandan vyeyès li; e li gentan sou si mwa; li menm yo t ap di ki pa ka fè pitit la.
37 Paske, avèk Bondye, pa gen anyen ki enposib.
38 Lè sa a, Mari di: Men mwen, se sèvant Senyè a mwen ye! Se pou sa rive m jan w di l la. Epi, zanj lan ale kite l.
39 Se konsa ke nan jou sa yo, Mari leve, prese prese, li monte al nan rejyon mòn yo, nan yon vil nan Jida.
40 Li antre lakay Zakari, epi li salye Elizabèt.
41 Epi, sa ki rive, sèke lè Elizabèt tande Mari salye l la, tibebe a sote nan vant li; e, Elizabèt vin ranpli avèk Lespri Sen an.
42 Alèkile, li pran lapawòl, li di byen fò: Ou se yon beni pami fanm yo, e fwi zantray ou a beni tou!
43 Kote m jwenn onè sa a, pou manman Senyè mwen an twouve vin wè m?
44 Paske, ou wè, lamenm mwen tande vwa w ki salye m nan, tibebe a sote nan vant mwen, ak kontantman.
45 E, benediksyon pou sila a tou ki te kwè a, paske tout bagay Senyè a voye di li yo ap akonpli.
46 Epi Mari di: Nanm mwen ap louwe grandè Senyè a;
47 e, lespri m rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.
48 Paske, Li bese je L gade eta sèvant li an ki ba; epi, men li, depi kounye a, tout jenerasyon va deklare ke mwen beni.
49 Paske, Sila ki puisan an fè yon kantite gwo bagay pou mwen; e, non Li se yon non ki sen!
50 Konsa tou, mizerikòd Li rete sou tout moun ki gen krentif pou Li yo, soti nan yon jenerasyon rive nan yon lòt.
51 Li demontre fòs ponyèt Li; Li gaye moun ki gen lògèy nan tèt yo;
52 e, Li met gwo chèf puisan atè sou twòn yo, alòske Li leve tèt moun ki nan nivo ba yo.
53 Li plen moun ki grangou yo ak bon kalite bagay, alòske Li voye moun ki rich yo ale de men vid.
54 Li pran swen Izrayèl, sèvitè Li a, an memwa de mizèrikòd Li,
55 jan ke L te pwomèt li a bay zansèt nou yo, e bay Abraram ak desandan l yo pou toutan.
56 Epi, Mari rete avèk Elizabèt pandan twa mwa konsa; lèfini, li retounen lakay li.
57 Kounye a, lè a te vin rive pou Elizabèt akouche; e li te fè yon pitit gason.
58 Epi, vwazen l yo ak fanmi l tande jan Senyè a te trete l ak anpil mizèrikòd, e konsa, yo rejwi avèk li.
59 Sa vin rive ke sou uityèm jou a, yo te vin sikonsi timoun lan, e yo te rele l Zakari, tankou papa l;
60 men, manman l reponn pou l di: Non. Li va rele Jan!
61 Lè sa a yo di li: Men, pa gen pèsonn nan fanmi w ki gen non sa a!
62 Alèkile, yo fè siy bay papa a, pou l di kijan li te vle rele timoun lan.
63 Alò, misye mande pou yo ba l yon adwaz, epi li ekri sou li: Non l se Jan! Lè sa a, tout moun te sezi.
64 Epi, lamenm, bouch li louvri, lang li lache, li pran pale, e li louwe Bondye.
65 Konsa, yon laperèz te tonbe sou moun nan katye yo a; epi, bwi tout bagay sa yo t ap kouri nan tout zòn mòn ki nan Jide a.
66 E konsa, tout moun ki te tande pawòl sa yo te kenbe yo nan kè yo, yo t ap di: Ki kalite timoun sa a ap ye menm? E, men Senyè a te ret la avèk li.
67 Epi papa li, Zakari, te vin ranpli ak Lespri Sen, e li pwofetize, li di:
68 Senyè Bondye Izrayèl la beni, paske Li pote sekou bay pèp Li a, e Li rachte yo.
69 E,Li fè yon kòn delivrans leve pou nou menm nan kay David, sèvitè L la;
70 jan ke Li te di l ak bouch pwofèt sen L yo depi okòmansman;
71 ke nou t ap delivre anba lènmi nou yo, ak anba men tout sila ki rayi nou yo;
72 dekwa pou Li te akonpli mizèrikòd zansèt nou yo te gen kòm pwomès la, e pou ke Li te sonje alyans Li a ki sen;
73 sèman ke L te fè bay papa nou Abraram,
74 kote L te di ke Li t ap pèmèt nou sèvi L san ke n pa pè, yonfwa nou fin delivre anba lènmi nou yo;
75 pouke nou fè sa yon jan ki sen e ki dwat devan je Li toulejou nan lavi nou.
76 E, ou menm, ti pitit, yo va rele w pwofèt Sila ki Trèwo a; paske, ou va ale anvan prezans Senyè a, pou pare chemen L yo.
77 Pou w fè pèp Li a gen konesans sovtaj nanm pa mwayen padon peche yo,
78 grasa tandrès mizerikòd Bondye nou an; ansòt ke gran Limyè ki sot anwo a twouve vin vizite nou,
79 pou klere moun ki chita nan fènwa yo, ak sa ki nan lonbray lanmò yo; e, pou gide pye nou nan chemen lapè.
80 Epi, se konsa ke pitit la te grandi, e ke lespri l te devlope; ansuit, li te ret nan dezè a pou jis jou li te prezante tèt li bay pèp Izrayèl la.
« Mak 16 Lik Lik 2 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!