Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 2

« Lik 1 Lik Lik 3 »
1 Twouve, nan jou sa yo, te vin gen yon dekrè ke Seza Ogis te pase pou ke tout monn lan te anrejistre.
2 (Premye resansman sa a te fèt lè Kiriniyis te gouvènè Siri.)
3 E tout moun t al anrejistre; yo chak nan vil pa yo.
4 Kidonk, Jozèf li menm tou te soti kite vil Nazarèt nan Galile, li monte Jide, nan vil David la, ki rele Bètleyèm, (paske se moun lakay David li te ye, se nan desandans David li te soti);
5 pou l anrejistre ansanm ak Mari, madan marye li, ki te ansent.
6 E se konsa ke pandan yo te la a, jou yo te vin bout pou li te akouche a.
7 E, li fè premye Pitit Gason li a, li vlope L ak twal lenn, e li mete L kouche nan yon krèch; paske pa t gen plas pou yo nan otèl la.
8 Alèkile, nan menm zòn sa a, te gen kèk bèje ki te pase nuit yo deyò ap voye je sou twoupo yo.
9 Epi, men li! Zanj Senyè a parèt sou yo, e glwa Senyè a klere toutotou yo. Alò, se pa ti pè yo te pè.
10 Men, zanj lan di yo: nou pa bezwen pè! Paske gade, se bòn nouvèl yon gwo lajwa m ap anonse nou ki va pou tout pèp.
11 Paske se pou nou jodi a ke gen yon Sovè ki fèt nan vil David la; se Kris la, Senyè a.
12 E, se siy sa a ki pou nou: N ap jwenn tibebe a vlope ak twal lenn, e kouche nan yon krèch.
13 Epi toutakou, ansanm avèk zanj lan, te vin gen yon bann lòt zanj nan lame syèl la ki t ap louwe Bondye, yo t ap di:
14 Glwa pou Bondye Trèwo a, lapè sou latè pou tout moun Li fè favè yo.
15 Alèkile, antan zanj yo t al kite bèje yo pou tounen nan syèl, bèje yo pale youn ak lòt, yo di: Se Bètleyèm menm pou n ale, pou nou ka wè bagay sa a ki rive a; sa ke Senyè a te fè nou konnen an.
16 E, se konsa yo te ale byen vit; epi, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak tibebe a ki kouche nan yon krèch.
17 Lè yo wè Li, yo pran rakonte pawòl ke yo te anonse ba yo sou tipitit la.
18 E, tout moun ki te tande sa te ret sezi konsènan sa bèje yo te rakonte a.
19 Men, Mari te kenbe tout pawòl sa yo, li t ap reflechi sou yo nan kè li.
20 Apre sa, bèje yo retounen, yo t ap glorifye e louwe Bondye; paske, tout sa yo te tande yo, e sa yo te wè yo, te pase jan ke yo te anonse l ba yo a.
21 Epi, lè uit jou a te bout pou yo te sikonsi pitit la, non Li te rele JEZI, ki se non zanj lan te rele L depi anvan manman L te ansent Li.
22 Apre sa, lè kantite jou pou Mari pirifye tèt li a te vin bout, dapre jan lwa Moyiz la mande l la, yo mennen Pitit la Jerizalèm pou yo prezante L bay Senyè a;
23 (jan sa ekri nan lwa Senyè a: Tout premye gason ki sot nan vant, yo va deklare l konsakre apa pou Senyè a);
24 epi, pou yo te ofri yon sakrifis, dapre sa ki di nan lwa Senyè a: Yon pè toutrèl oubyen de jenn pijon.
25 Alò, twouve te gen yon nonm nan Jerizalèm ki te rele Simeyon; se te yon moun ki jis, devwe pou Bondye; e, li t ap tann konsolasyon pou Izrayèl la; e, Lespri Sen te sou li.
26 Se konsa sa ke Lespri Sen te fè misye konnen davans ke li pa t ap wè lanmò pazavan ke l wè Kris Senyè a.
27 Epi, anba direksyon Lespri a, misye antre nan tanp lan; alèkile, lè paran yo vin antre ak Jezi Pitit la, pou yo fè sa koutim lalwa a mande yo fè pou Li a;
28 alò, Simeyon pran Pitit la nan bra l, epi li beni Bondye; apre sa, li di:
29 Kounye a Senyè, Ou mèt kite sèvitè W la ale anpè, jan ke W te di l la.
30 Paske, je mwen wè sovtaj nanm Ou an,
31 sa ke W te pare pou mete devan tout pèp;
32 e, se yon limyè ki pou klere Payen yo; e, se glwa Izrayèl, pèp Ou a.
33 Lè sa a, Jozèf ak manman Li te ret sezi lè yo tande bagay yo t ap di sou Li yo.
34 Apre sa, Simeyon beni yo; epi, li di Mari, manman Timoun lan: Gade! Pitit sa a ap lakòz anpil moun chite e anpil moun leve kanpe ann Izrayèl; e, L ap yon siy ke moun ap opoze,
35 (wi, yon epe va gen pou transpèse pwòp nanm pa w tou,) se dekwa pou panse ki nan kè anpil moun ka vin parèt aklè.
36 Epi, te gen yon sèten Àn, yon pwofetès, pitit fi Fànwèl la, nan tribi Asè a; se moun ki te aje anpil; e ki te pase setan ap viv ak mari l apre l te tifi;
37 e madanm sa a te yon vèv katrevenkatran konsa, ki pa t janm deplase kite tanp lan, men ki te ret ap sèvi Bondye nan jèn ak lapriyè lannuit kon lajounen.
38 Epi, se te menm lè a ke li te parèt; e, li menm tou li te pran remèsye Bondye; an plis, li kòmanse pale de Pitit la ak tout moun ki t ap chèche redanpsyon nan Jerizalèm.
39 Ansuit, lè yo fin regle tout bagay dapre jan lwa Senyè a te mande l la, yo retounen Galile, nan vil yo a, Nazarèt.
40 E, Pitit la t ap grandi, Li t ap devlope nan entelijans; Li te plen ak sajès, e gras Bondye te sou Li.
41 Kounye a menm, chak ane paran Li yo te konn al Jerizalèm nan fèt Pak la.
42 Se konsa ke lè Li te vin gen douz an, yo monte nan fèt la, dapre koutim fèt la.
43 Epi, lè jou yo te konplete, e ke yo t ap retounen, timoun nan, Jezi, te ret dèyè nan Jerizalèm, e Jozèf ak manman L pa t konn sa.
44 Men, kòm yo te sipoze ke se an konpayi gwoup vwayajè yo Li te ye, yo te gentan fè yon jounen nan wout; epi, yo pran chèche L pami fanmi ak zanmi yo.
45 Alò, lè yo pa jwenn Li, yo vire tounen Jerizalèm ankò al chèche L.
46 Se konsa ke apre twa jou, yo jwenn Li nan tanp lan, chita nan mitan pwofesè lalwa yo; an menm tan, Li t ap koute yo e poze yo kesyon.
47 Tout moun ki t ap koute L yo te ret sezi devan entèlijans Li ak repons Li yo.
48 Lè paran L yo wè Li, yo te etone. Alò, manman L di L konsa: Pitit Gason m, poukisa W aji avèk nou konsa? Gade, papa W avèk mwen, se ak kè kase n ap chèche W wi.
49 Epi, Li reponn yo: Kòman fè nou t ap chèche Mwen an? Nou pa konnen fòk Mwen okipe zafè Papa M yo?
50 Men, yo pa t konprann pawòl Li te di yo a.
51 Kidonk, Li desann avèk yo ale Nazarèt. Li te soumèt tèt Li devan yo; men, manman L te kenbe tout pawòl sa yo anndan kè l.
52 E konsa, Jezi t ap ogmante nan sajès, nan wotè, e nan gras avèk Bondye e devan lèzòm.
« Lik 1 Lik Lik 3 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!