Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 3

« Lik 2 Lik Lik 4 »
1 Kounye a la a, sou kenzyèm ane rèy Tibè Seza a, alepòk, Pons Pilat te gouvènè Jide, Ewòd te Tretrak nan Galile, e Filip, frè l la, te Tretrak Litire nan rejyon Trakonitid la, epi Lisànyas te Tretrak Abilèn,
2 se Àn ak Kayif ki te sakrifikatè prensipal. Pawòl Bondye a te rive jwenn Jan, pitit gason Zakari a, nan dezè a.
3 Alèkile, Jan ale nan tout peyi a ki alantou Jouden an, li t ap preche batèm repantans, pou jwenn padon peche.
4 Epi, tankou sa ekri nan liv ki gen pawòl pwofèt Ezayi yo, Jan t ap di: Koute! Gen vwa yon moun k ap rele byen fò nan dezè a: Pare chemen Senyè a, fè wout Li yo dwat.
5 Tout vale yo a vin plen; Tout mòn yo ak bit yo a bese ba; sa ki kwochi a, y ap fè l vin dwat; e move wout yo ap vin swa.
6 Konsa, tout moun va wè delivrans Bondye a.
7 Alò, li di foul moun ki te mache vin jwenn li, pou yo te batize nan men l lan: O, jenerasyon vipè, kiyès ki avèti nou pou nou kouri chape anba kòlè k ap vini an?
8 Kounye a, se pwodui pou nou pwodui fwi ke repantans bay; lèfini, se pa pou nou kòmanse ap di nan kè nou: Nou gen Abraram kòm papa nou; paske, m ap di nou sa: Bondye gen pouvwa pouke ak wòch sa yo Li fè pitit sot leve pou Abraram.
9 E, kounye a tou, rach la deja poze sou rasin pyebwa yo; kifè, tout pyebwa ki pa donnen bon fwi, y ap koupe yo, e voye yo jete nan dife.
10 Lè sa a, foul moun yo t ap poze l kesyon, yo di l: Alò, kisa pou n ta fè?
11 Li reponn yo, e li di yo konsa: Moun ki gen de rad, kite l pataje ak sa ki pa genyen an; e, moun ki gen manje, kite l fè menm jan an tou.
12 Alèkile, te gen kèk pèseptè ki te vini tou pou yo batize, e yo di li: Mèt, kisa pou nou ta fè?
13 Li di yo: Pa pran plis pase sa ki fikse pou nou pran an.
14 Epi, sòlda yo, yo menm tou, yo mande l, yo di: E nou menm, ki sa pou nou ta fè? Li reponn yo: Pa fè vyolans sou pèsonn; nitou, pa fè fo akizasyon kont pèsonn; epi, kontante nou ak salè nou.
15 E, kòm pèp la te alatant, se tout moun ki t ap fè refleksyon nan kè yo sou Jan, si wi ou non se pa li menm ki Kris la.
16 Jan reponn, li di yo tout konsa: Se vre ke mwen batize nou nan dlo; men, gen yon moun ki gen plis pouvwa pase m k ap vini; menm lasèt soulye L mwen pa merite pou m demare; Li va batize nou ak Lespri Sen an e nan dife.
17 Laye L nan men Li, e Li va netwaye glasi L byen pwòp, e L ap ranmase ble a met nan depo L; men, kanta pay yo, L ap boule yo ak yon dife ki pa ka etenn.
18 E, te gen anpil lòt bagay nan egzòtasyon l yo ke li t ap preche bay pèp la.
19 Men, Ewòd, Tetrak la, ke Jan te repwoche poutèt Ewodyad, madanm Filip frè l la, e poutèt tout mal ke Ewòd te fè yo,
20 li vin ajoute sou tout move aksyon l yo: li fèmen Jan nan prizon.
21 Alò, nan epòk tout moun yo t ap batize a, sa te rive ke Jezi te vin batize tou; e, antan L t ap lapriyè, syèl la te louvri;
22 epi, Lespri Sen desann sou Li sou yon fòm kò tankou yon pijon; ansuit, yon vwa sot nan syèl la, ki di: Ou se Pitit Gason Byenneme Mwen an; nan Ou Mwen gen anpil plezi!
23 Anplis de sa, lè Jezi te kòmanse ministè L la, se anviwon trantan Li te genyen. Dapre sa moun te kwè, se pitit gason Jozèf Li te ye; e, Jozèf se te pitit gason Eli,
24 ki te pitit gason Matat, ki te pitit gason Levi, ki te pitit gason Mèlki, ki te pitit gason Janayi, ki te pitit gason Jozèf,
25 ki te pitit gason Matatyas, ki te pitit gason Amòs, ki te pitit gason Nayim, ki te pitit gason Esli, ki te pitit gason Nagayi,
26 ki te pitit gason Mahat, ki te pitit gason Matatyas, ki te pitit gason Semeyi, ki te pitit gason Josèch, ki te pitit gason Joda,
27 ki te pitit gason Jowanan, ki te pitit gason Resa, ki te pitit gason Zowobabèl, ki te pitit gason Salatyèl, ki te pitit gason Neri,
28 ki te pitit gason Mèlki, ki te pitit gason Adi, ki te pitit gason Kozam, ki te pitit gason Èlmodam, ki te pitit gason È,
29 ki te pitit gason Jezi, ki te pitit gason Elyezè, ki te pitit gason Jorim, ki te pitit gason Matat, ki te pitit gason Levi,
30 ki te pitit gason Simeyon, ki te pitit gason Jida, ki te pitit gason Jozèf, ki te pitit gason Jonam, ki te pitit gason Elyakim,
31 ki te pitit gason Meleya, ki te pitit gason Mena, ki te pitit gason Matata, ki te pitit gason Natan, ki te pitit gason David,
32 ki te pitit gason Izayi, ki te pitit gason Obèd ki te pitit gason Bowaz, ki te pitit gason Salmon, ki te pitit gason Nahason,
33 ki te pitit gason Aminadab, ki te pitit gason Aram, ki te pitit gason Joram, ki te pitit gason Eswòm, ki te pitit gason Farès, ki te pitit gason Jida,
34 ki te pitit gason Jakòb, ki te pitit gason Izarak, ki te pitit gason Abraram, ki te pitit gason Tera, ki te pitit gason Nakò,
35 ki te pitit gason Sewou, ki te pitit gason Rago, ki te pitit gason Pelèg, ki te pitit gason Ebè, ki te pitit gason Sala,
36 ki te pitit gason Kayinam, ki te pitit gason Afaksad, ki te pitit gason Sèm, ki te pitit gason Noye, ki te pitit gason Lemèk,
37 ki te pitit gason Matousela, ki te pitit gason Enòk, ki te pitit gason Jarèd, ki te pitit gason Malaleyèl, ki te pitit gason Kenam,
38 ki te pitit gason Enòs, ki te pitit gason Sèt, ki te pitit gason Adan, ki te pitit gason Bondye.
« Lik 2 Lik Lik 4 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!