Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 4

« Lik 3 Lik Lik 5 »
1 Alèkile, Jezi, ki ranpli ak Lespri Sen an t al kite Jouden an, epi Lespri a kondui L nan dezè a,
2 kote ke dyab la te tante L pandan karant jou. E, pandan jou sa yo Li pa t manje anyen; epi, lè jou yo fin pase, apre sa Li te vin grangou.
3 Lè sa a, dyab la di L konsa: Si W se Pitit Gason Bondye a, pase wòch sa a lòd pou l vin tounen pen.
4 Alò, Jezi reponn li, Li di: Men sa ki ekri: Se pa ak pen sèlman lòm va viv; men, se ak tout pawòl Bondye.
5 Apre sa, dyab la monte avè L sou yon mòn byen wo; epi, nan yon ti moman, li montre L tout wayòm ki genyen nan lemonn.
6 Lèfini, li di L konsa: M ap ba W tout pouvwa sa a ansanm ak glwa ki nan wayòm sa yo; paske pouvwa sa a, yo ban mwen l, e moun mwen vle a, m ap ba li l.
7 Alò, si W adore m, yo tout ap pou ou.
8 Lè sa a, Jezi reponn, e Li di l: Wete kò w sou Mwen, Satan! Paske, men sa ki ekri: Ou va adore Senyè Bondye w la, e se Li menm sèl ke w dwe sèvi.
9 Apre sa, dyab la mennen L Jerizalèm, li fè L kanpe anlè tèt tanp lan, epi li di L: Si se Ou ki Pitit Gason Bondye a, lage kò W anba kote W kanpe a.
10 Paske, men sa ki ekri: Li va met zanj Li yo osèvis ou, pou yo pwoteje w;
11 epi, se nan men yo va pote w pou sa pa janm rive ke pye w frape nan yon wòch.
12 Jezi reponn pou di li: Men sa ki di: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w la.
13 Alèkile, lè dyab la fin pase L anba tout kalite tantasyon, l al kite L pou yon tan.
14 Epi, avèk puisans Lespri a, Jezi te retounen nan Galile; e, popilarite L te gaye nan tout zòn ozalantou yo.
15 Li t ap anseye nan sinagòg yo, e tout moun te ba L glwa.
16 Apre sa, Li vin Nazarèt, kote li te grandi a; epi, jan L te gen abitid fè l la, Li antre nan sinagòg la nan jou Saba a, e Li kanpe pou L fè lekti.
17 Se konsa, yo lonje liv pwofèt Ezayi a ba Li. Alèkile, lè Li te louvri liv la, li jwenn pasaj kote ki te ekri:
18 Lespri Senyè a sou Mwen, paske li onksyone M pou m anonse levanjil la bay pòv yo; Li voye M pou Mwen geri moun ki ak chagren nan kè yo; pou Mwen preche delivrans bay kaptif yo, bay avèg yo kapasite pou wè, pou M met moun ki oprime yo an libète;
19 pou M anonse ane gras Senyè a.
20 Epi, Li fèmen liv la, Li lonje l bay sekretè a, ansuit, Li chita. Alò, je tout moun ki te nan sinagòg la te fikse sou Li.
21 Lè sa a, Li pran pou L di yo: Jodi a, pasaj ekriti sa a akonpli nan zorèy nou.
22 E yo tout t ap temwaye sou Li, e yo te sezi pou pawòl ki plen ak gras ki t ap sot nan bouch Li a. Se konsa yo t ap mande: Èske se pa pitit gason Jozèf la?
23 Lè sa a, Li di yo konsa: Sètènman, nou pral itilize pwovèb sa a sou Mwen: Doktè, geri tèt ou! Bagay sa yo nou tande ke W fè Kapènawòm yo, se pou W fè yo nan peyi W tou.
24 Epi, Li di yo: Anverite M ap di nou sa: Okenn pwofèt pa byen resevwa nan pwòp peyi l.
25 Men, se yon verite M ap di nou: Te gen anpil vèv ann Izrayèl nan jou Eli yo, lè syèl la te fèmen pandan twazan sis mwa a, lè te gen gwo grangou toupatou nan peyi a;
26 epoutan, se pa t kote youn nan yo ke yo te voye Eli non, men pito, se te nan vil Sarepta nan peyi Sidon kote yon dam ki te vèv.
27 Menm jan an tou, te gen anpil moun ak lalèp ann Izrayèl nan epòk pwofèt Elize a; epoutan, okenn nan yo pa t pirifye, eksepte Nahaman, Siryen an.
28 Alò, tout moun nan sinagòg la, lè yo tande bagay sa yo, yo te plen ak yon sèl kòlè;
29 epi, yo leve, yo bourade L soti deyò vil la, yo mennen L ale arebò tèt mòn kote vil yo a te bati a, dekwa pou yo te voye L jete tèt anba.
30 Men Li menm, Li fofile nan mitan yo, epi L al fè wout Li.
31 Se konsa, Li te desann Kapènawòm, yon vil nan Galile, e Li t ap anseye moun yo nan jou Saba yo.
32 E, moun yo te ret sezi devan ansèyman Li yo, paske Li te pale ak otorite.
33 Epi, twouve ke nan sinagòg la, te gen yon nonm ki te gen yon lespri move demon sou li; e, li rele ak yon vwa byen fò,
34 li di: Kite nou trankil! Ki rapò nou gen avè W Jezi, moun Nazarèt? Èske se detwi W vin pou W detwi nou? Mwen konnen kiyès ou ye wi, Ou se Sen Bondye a!
35 Men, Jezi obsève l, Li di l: Pe bouch ou la, epi soti sou li! Alò, lè demon an fin lage nonm lan atè nan mitan yo, li soti sou li san l pa fè l anyen mal.
36 Lè sa a, tout moun yo te sezi, e youn t ap di lòt: Ki koze sa a?! Se ak otorite ak puisans Li pase move lespri yo lòd, epi yo soti!
37 Konsa, popilarite L te simayen tout kote nan peyi ki ozalantou yo.
38 Apre sa, Li leve, Li leve soti nan sinagòg la, Li antre lakay Simon. Twouve, manman madanm Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv; e, yo fè apèl a Jezi pou li.
39 Alò, Li panche sou bèlmè a, Li fè lafyèv la obsèvasyon, e lafyèv la tonbe; epi lamenm, bèlmè a leve, li sèvi yo.
40 Kounye a la a, lè solèy la t apral kouche, tout sila yo ki te gen moun malad ki t ap soufri anba kèlkeswa maladi a, yo te mennen malad sa yo ba Li; alò, Li poze lamen sou yo chak, e Li geri yo.
41 Konsa tou, demon te soti sou anpil nan yo; yo t ap rele byen fò: Ou se Kris Pitit Gason Bondye a! E, li te fè yo obsèvasyon, Li pa t pèmèt yo pale, paske yo te konnen ke se Li menm ki te Kris la.
42 Men, lè l te fè jou, Li soti, L ale yon kote apa; alèkile, foul moun yo te pran chèche L; e, yo jwenn kote L te ye a, yo te kenbe L, dekwa pou L pa t al kite yo.
43 Alò, Li di yo konsa: Fò M al preche wayòm Bondye a bay lòt vil tou, paske se poutèt sa yo te voye M.
44 Konsa, Li te preche nan sinagòg ki nan Galile yo.
« Lik 3 Lik Lik 5 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!