Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 5

« Lik 4 Lik Lik 6 »
1 Yon lè, sa rive ke pandan moun yo te kwense toutotou Jezi pou yo koute Pawòl Bondye a, Li te kanpe bò lak Jenezarèt la,
2 epi, Li gade, Li wè de kannòt ki te kochte bò lak la, men pechè pwason yo te desann kannòt yo; e, yo t ap lave filè yo.
3 Alò, Li monte abò youn nan bato yo, sa k te pou Simon an, epi Li mande misye pou l deplase fè yon ti bak kite rivaj la. Apre sa, Li chita, e Li anseye moun yo etan L sou kannòt la.
4 Lè L te fin pale, Li di Simon konsa: Vanse nan fon lanmè, epi lage filè nou pou n peche.
5 Men, pou l reponn Li, Simon di L konsa: Mèt, se tout lannuit la nou pase ap travay di e nou pa pran anyen non; men, poutèt pawòl Ou di a, m ap lage filè a.
6 Epi, yonfwa yo te fin fè sa, yo pran yon gwo kantite pwason, jis filè yo pete.
7 Alèkile, yo fè lòt asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy pou vin ede yo. Epi, yo vini vre, e yo plen tou de kannòt yo, sitèlman ke yo t ap fè fon.
8 Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan jenou Jezi, li di: O Senyè, pa rete nan prezans mwen, paske se yon nonm ki nan peche mwen ye!
9 Paske, li te ret sezi, e tout lòt moun ki te avèk li yo tou, pou kantite pwason yo te pran.
10 E, se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, pitit gason Zebede yo, ki te patnè ak Simon. Alò, Jezi di Simon konsa: Ou pa bezwen pè; apati jodi a, se moun ke w pral kenbe.
11 Apre sa, lè yo fin rale bato yo fè tè, yo abandone tout bagay, epi yo suiv Jezi.
12 Yon lòt lè, pandan ke Li te nan yon sèten vil, twouve te gen yon nonm plen ak lalèp; lè li wè Jezi, li lage kò l fas atè, epi li sipliye Jezi, li di: Senyè, si se volonte W, Ou kapab fè m vin pwòp.
13 Lè sa a, Jezi lonje men L, li touche nonm lan, Li di l: Wi Mwen vle! Se pou w pwòp! Lamenm, lalèp la disparèt sou nonm lan.
14 Li pase misye lòd pou l pa di pèsonn sa; ansuit Li di l: Al fè sakrifikatè a wè w, epi bay yon ofrann poutèt geri w geri a, dapre sa Moyiz te kòmande a; se va yon temwayaj pou yo.
15 Men, se atò nouvèl t ap gaye sou Li, e gwo foul moun te vin rasanble pou yo koute L, e pouke Li geri yo anba maladi yo te genyen.
16 Apre sa, Li wete kò L poukont Li nan dezè a; e, Li lapriyè.
17 Sa vin rive ke antan Li t ap anseye, te gen Farizyen ansanm ak pwofesè lalwa ki te sot nan tout bouk nan Galile ak nan Jide, e nan vil Jerizalèm ki te chita la. E, puisans Senyè a te sou Li pou L geri moun yo.
18 Epi, twouve te vin gen kèk mesye ki t ap pote yon nonm paralize sou yon kabann; yo t ap chèche mwayen pou antre dekwa pou yo depoze l devan Jezi.
19 Alèkile, lè yo pa t ka jwenn mwayen pou antre avè l akoz foul la, yo monte sou tèt kay la; lèfini, atravè til yo, yo glise l desann ak tout kabann lan, la a nan mitan devan Jezi a.
20 Alò, lè Jezi wè lafwa sa a nan yo, Li di nonm lan: Mesye, peche w yo padonnen.
21 Lè sa a, pwofesè lalwa yo ansanm ak Farizyen yo te kòmanse fè refleksyon, yo t ap di: Kiyès Nonm sa a ye pou L ap blasfeme konsa a? Ki moun ki gen dwa padonnen peche, apa Bondye sèlman?
22 Men, lè Jezi wè panse ki te nan tèt yo; pou Li reponn, Li di yo konsa: Ki rezònman n ap fè nan kè nou konsa a?
23 Kisa ki pi fasil? Di: 'Peche w yo padonnen', oswa, di: 'Leve kanpe, epi mache!'?
24 Men, pou nou ka konnen Pitit Gason Lòm nan gen pouvwa sou latè pou Li padonnen peche; (Li di nonm paralize a): Mwen di w: leve, pran branka w la, epi al lakay ou.
25 Menm kote a tou, misye leve devan yo, li pran sa l te kouche sou li a, epi l al lakay li pandan li t ap bay Bondye glwa.
26 Lè sa a, tout moun te sezi, yo pran bay Bondye glwa, e yon laperèz te anvayi yo, yo t ap di: Ala de kalite mèvèy nou wè jodi a!
27 Apre bagay sa yo, Li sot deyò epi Li wè yon pèseptè ki rele Levi ki chita nan biwo kontribisyon an; Li di misye: Suiv Mwen!
28 Epi, misye kite tout bagay, li leve, epi li suiv Li.
29 Ansuit, Levi òganize yon gwo resepsyon lakay li pou Jezi. Te gen yon pakèt pèseptè ak lòt moun ankò ki te chita atab avèk yo.
30 Men, Farizyen ak pwofesè lalwa nan zòn nan pran mimire kont disip Li yo, yo di: Kòman fè n ap manje e bwè ak pèseptè ansanm ak moun k ap viv nan peche?
31 Alò, Jezi, pou reponn yo, di konsa: Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè non, men se moun ki malad yo.
32 Mwen pa vin rele moun ki jis non, men se pechè, pou mennen yo nan repantans.
33 Lè sa a, yo di L konsa: Kijan fè disip Jan yo fè jèn souvan, epi yo lapriyè; tankou disip Farizyen yo fè l tou a; alòske, disip Ou yo, se manje y ap manje ak bwè y ap bwè?
34 Epi, Jezi di yo: Èske nou ka fè gasondonè yo fè jèn pandan lemarye a la avèk yo?
35 Men, jou yo ap vini kote y ap rape lemarye a nan men yo; se nan jou sa yo, yo va fè jèn.
36 Ansuit, Li di yo yon parabòl: Pèsonn p ap pran moso nan yon rad nèf pou l pyese l sou yon vye rad. Si l fè sa, ebyen, alafwa, twal nèf la ap chire vye rad la, epi twal nèf la t ap depaman ak vye rad la.
37 Se konsa tou, pèsonn p ap mete yon diven nèf nan ansyen veso. Si l fè sa, diven nèf la ap pete veso yo, l ap tonbe atè, epi veso yo ap tou detwi.
38 Men, diven nèf, se nan veso nèf pou yo vide l; konsa, toude ap prezève.
39 Pa gen pèsonn k ap fin bwè yon ansyen diven epi pou lamenm li ta vle youn ki nèf. Paske, l ap di: Sa k ansyen an pi bon!
« Lik 4 Lik Lik 6 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!