Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 6

« Lik 5 Lik Lik 7 »
1 Sa vin rive ke nan dezyèm Saba apre premye a, antan Li t ap travèse kèk jaden ble, disip Li yo te rache grap ble, yo fwote yo nan men yo, pou yo manje.
2 Alèkile, kèk nan Farizyen yo di yo konsa: Poukisa n ap fè sa ki ilegal pou moun fè nan jou Saba yo?
3 Lè sa a, pou reponn yo, Jezi di: Èske menm sa nou pa li; kisa David te fè lè limenm ak moun ki te avè l yo te grangou?
4 Kijan li te antre nan kay Bondye a, epi l te pran e li te manje pen sakre yo; lèfini, li te bay moun ki te avè l yo tou, alòske sa ilegal pou moun manje pen sakre yo; eksepte sakrifikatè yo sèlman.
5 Apre sa, Li di yo: Pitit Gason Lòm nan se Senyè Saba a Li ye tou.
6 Epi, sa vin rive ke nan yon lòt jou Saba, Li antre nan sinagòg la, e Li te anseye; se konsa ke te gen yon nonm la a ke men dwat li ki te pòk.
7 Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo t ap veye Jezi pou yo wè si Li t ap geri nan jou Saba a, dekwa pou yo ka jwenn yon akizasyon kont Li.
8 Men, Li te konn panse ki te nan tèt yo; alò, Li di nonm ki te gen men pòk la: Leve, vanse kanpe nan mitan la a. Epi nonm nan leve, li vanse kanpe.
9 Epi Jezi di yo: M ta renmen mande nou yon bagay: Èske sa legal nan jou Saba a pou fè byen, oswa pou fè mal? Pou sove lavi, oswa pou detwi lavi?
10 Epi, antan L t ap pwomennen je L sou yo tout, Li di nonm nan: Lonje men w; misye fè sa vre, epi men l te vin geri toutantye tankou lòt la.
11 Lè sa a, yo menm, kòlè te plen kè yo, e yo te pran pale youn ak lòt sou kisa pou yo ta fè Jezi.
12 Ansuit, sa te rive ke nan menm jou sa yo, Li te soti al sou yon mòn pou L lapriyè; e, Li te kontinye tout lannuit la nan lapriyè a Bondye.
13 Epi, lè l fè jou, Li rele disip Li yo vin jwenn Li; lèfini, Li chwazi douz ladan yo; e, se yo menm tou ke L te nonmen apot yo.
14 Simon, (ke Li te rele Pyè tou a), Andre, frè Simon an, Jak ak Jan, Filip ak Batèlmi,
15 Matye ak Toma, Jak pitit gason Alfe a, Simon, yo te rele Zelòt la,
16 Jida, frè Jak la, epi Jida Iskaryòt, li menm tou ki te trèt la.
17 Epi konsa, Li desann avèk yo, L al kanpe nan yon kote ki apla ansanm ak disip Li yo avèk yon gwo foul moun ki te soti toupatou nan Jide, nan Jerizalèm, ak nan bòdmè Ti ak Sidon, ki se moun ki te vini pou yo tande Li, e pou yo te geri anba maladi yo;
18 konsa tou, moun ke move lespri t ap toumante yo te geri.
19 E, se tout foul la ki t ap chèche touche L, paske yon fòs ki te sot nan Li te geri yo tout.
20 Epi, Li leve je L gade disip Li yo, Li di: Nou menm ki pòv yo, nou se moun beni, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21 Nou menm ki grangou kounye a, nou se moun beni, paske nou va kontante. Nou menm k ap kriye kounye a, nou se moun beni, paske nou va ri.
22 Nou se moun beni, lè lèzòm va rayi nou; e ke yo va fè nou soti nan mitan yo; lè yo va joure nou; lè yo va rejte non nou tankou se mechanste l ye; tout sa, poutèt Pitit Gason Lòm nan.
23 Se pou nou rejwi nan jou sa a, se pou nou ponpe ak kè kontan; paske, gade, nou gen yon gwo rekonpans nan syèl la! Paske, se menm bagay la wi, zansè moun sa yo te fè pwofèt yo.
24 Men, malè pou nou menm ki rich yo, paske nou deja resevwa konsolasyon nou.
25 Malè pou nou menm ki nan abondans kounye a, paske nou va grangou. Malè pou nou menm k ap ri kounye a, paske nou va nan lapenn ak dlo nan je.
26 Malè pou nou, lè tout moun ap pale an byen de nou, paske se menm bagay la zansèt moun sa yo te fè pou fo pwofèt yo.
27 Men M ap di nou menm k ap koute a: Renmen lènmi nou yo, fè byen pou moun ki rayi nou yo,
28 beni moun ki modi nou yo, e lapriyè pou moun k ap maltrete nou yo.
29 Epi, moun ki souflete w sou yon bò figi, ofri l lòt bò a tou; e, moun ki rale pran palto sou ou a, pa anpeche l pran chemiz ou an tou.
30 Bay tout moun ki mande w; e, moun nan ki pran afè w yo, pa mande li yo ankò.
31 Epi, jan ke nou ta renmen moun trete nou an, se menm jan an nou dwe trete yo tou.
32 Bon, si se moun ki renmen nou ke nou renmen, ki bravo nou merite pou sa? Paske, pechè yo fè menm bagay la tou.
33 E si se pou moun ki fè nou dibyen ke nou fè dibyen, ki bravo nou merite pou sa? Paske pechè yo fè menm bagay la tou.
34 Epi, si se bay moun nou gen espwa k ap remèt nou ke nou prete, ki bravo nou merite pou sa? Paske pechè yo prete pechè, pou yo ka resevwa menm kantite yo te prete a.
35 Men nou menm, renmen lènmi nou yo, fè dibyen, prete moun san nou pa espere resevwa anyen ankò; alò, rekonpans nou an va gwo; e, nou va pitit Sila ki Trèwo a; paske, Li menm, Li bon e pou engra yo, e pou moun k ap fè mal yo.
36 Kidonk, se pou nou gen mizèrikòd, menm jan Papa nou gen mizèrikòd la.
37 Pa jije, e yo p ap jije nou; pa kondane, e yo p ap kondane nou. Padonnen, e yo va padonnen nou.
38 Bay, e yo va ban nou nan bon mezi, byen foule, byen sekwe, e ki plen grennen, se konsa moun va gen pou vide bagay nan kòsaj nou. Paske, se ak menm mezi nou mezire a ke yo va mezire pou nou tou.
39 Apre sa, Li di yon parabòl ba yo: Èske yon avèg ka mennen yon lòt avèg? Èske toude p ap tonbe nan twou?
40 Disip la pa sou tèt mèt li; men, yon moun ki rive alapèfeksyon va vin tankou mèt li.
41 Donk, poukisa w ap gade pay ki nan je frè w la, men ou pa wè gwo poto bwa ki nan je pa w la?
42 Epi, kijan w ka di frè w: Frè m, kite m wete pay ki nan je w la pou ou, alòske ou menm, ou pa wè gwo poto bwa ki nan pwòp je pa w la? Ipokrit! Wete gwo poto bwa ki nan pwòp je pa w la anvan, lè sa a, w a wè klè pou w wete pay ki nan je frè w la.
43 Paske yon bon pyebwa pa donnen move fwi; e, move pyebwa pa donnen bon fwi.
44 Paske, chak pyebwa, se dapre fwi l donnen yo rekonèt li. Se pa nan pikan moun ranmase figfrans, ni se pa sou lyann yo keyi rezen.
45 Yon bon moun, se nan kòfrefò bon bagay yo ki nan kè l, li met bagay ki bon sot deyò; men, yon move moun, se nan kòfrefò move bagay yo ki nan kè l, li rale met move bagay deyò. Paske, se nan abondans sa ki nan kè yon moun ke bouch li pran pou pale.
46 Epi, poukisa n ap rele M Senyè, Senyè; lèfini, nou pa fè bagay Mwen di yo?
47 Nenpòt moun ki vin kote M, e, ki koute pawòl Mwen yo; epi, ki swiv yo, Mwen pral montre nou ak kiyès moun sa a sanble:
48 Li sanble ak yon moun k ap bati yon kay, ki fouye fon pou fondasyon an poze nan wòch; e konsa, lè inondasyon monte, lavalas dlo frape kay la, men, li pa t ka souke l, paske se sou wòch li te bati.
49 Men, sila ki tande, men ki pa swiv, li sanble ak yon moun ki bati kay li ra sòl, san fondasyon; e, lè dlo lavalas la frape sou kay la, lamenm kay la tonbe; e, dezas kay sa a sibi, se gwo zafè.
« Lik 5 Lik Lik 7 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!