Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 7

« Lik 6 Lik Lik 8 »
1 Kounye a la a, lè Li te fini ak tout pawòl ke L t ap di nan zòrèy moun yo, Li antre nan Kapènawòm.
2 Epi, twouve ke sèvitè yon santenye, ki te pwòch anpil avè l, te malad e li te prèt pou mouri.
3 Lè santenye a tande pale de Jezi, li voye kèk ansyen pami Juif yo mande L pou Li ta vin geri sèvitè l la.
4 Alèkile, lè yo rive kot Jezi, yo sipliye Li san rete, yo di ke se yon moun ki merite pou L ta fè sa pou li:
5 Paske, li renmen nasyon nou an, e li bati yon sinagòg pou nou.
6 Alò, Jezi ale avèk yo. Men, lè Li te rive pa twò lwen kay la, ofisye a te voye kèk zanmi kote L, pou di Li: Senyè, Ou pa bezwen deranje W, paske mwen pa merite pou W ta antre anba fetay lakay mwen.
7 Se poutèt sa, ke nonplis tou, mwen pa t panse m te gen merit pou se mwen ki ta vini kote W; men, di yon pawòl, e sèvitè mwen an va geri.
8 Avrèdi, mwen menm tou, mwen se yon nonm ki anba otorite; e, mwen gen sòlda sou zòd mwen. Lè m di youn: Ale! Li ale. Lè mwen di yon lòt: Vin isit! Li vini. Lè mwen di sèvitè m lan: Fè sa a! Li fè l.
9 Alò, lè Jezi tande bagay sa yo, Li te emèveye pa santenye a; epi, Li vire, Li di moun ki t ap suiv Li yo: M ap di nou sa: Mwen pa jwenn kalite gwo lafwa konsa non; now, menm pa ann Izrayèl.
10 Epi, lè moun ke yo te voye yo retounen nan kay la, yo jwenn sèvitè malad la te refè.
11 Epi, sa rive ke nan jou apre a, Li vwayaje al nan yon vil ki rele Nayin; e anpil nan disip Li yo te ale avè L ansanm ak bon kou moun.
12 Alèkile, antan Li te rive tou pre gerit vil la, twouve te gen yon mò yo t ap pote soti; se te sèl pitit gason manman l; lèfini, se yon vèv madanm lan te ye; e, anpil moun nan vil la te avèk li.
13 Lè Senyè a wè dam lan, Li gen konpasyon pou li, e Li di l: Pa kriye.
14 Ansuit, Li vanse, Li touche branka a; e, moun ki t ap pote l yo kanpe; epi Li di: Jennòm, Mwen di w: Leve!
15 Epi nonm ki te mouri a leve chita; li kòmanse pale, epi Jezi remèt li bay manman l.
16 Tout moun yo te vin gen yon sèl laperèz; e, yo te pran bay Bondye glwa, yo t ap di: Yon gwo pwofèt leve kanpe pami nou; e, ke Bondye vin vizite pèp Li a.
17 Konsa, nouvèl sa a sou Li te gaye nan tout Jide ak nan tout zòn ozalantou yo.
18 Alò, disip Jan yo rapòte tout bagay sa yo ba li.
19 Konsa, Jan rele de nan disip li yo vin kote l; li voye yo kote Jezi pou mande: Èske W se Sila ki te gen pou vini an, oubyen nou dwe tann yon lòt?
20 Lè mesye yo rive kote Li, yo di L: Jan Batis voye nou kote W pou mande W: Èske W se Sila a ki te gen pou vini an; oubyen se pou nou tann yon lòt?
21 Nan menm lè sa a, Li geri anpil moun anba maladi ak enfimite, anba movezespri, e Li bay anpil moun ki te avèg kapasite pou yo wè.
22 Lèfini, pou L reponn yo, Jezi di yo: Ale non, rakonte Jan bagay sa nou wè ak sa nou tande yo: Kijan moun avèg wè, moun enfim mache, moun ak lalèp vin pwòp, moun soud tande, moun mouri leve; epi, Bòn Nouvèl la preche bay pòv yo!
23 Konsa, kikeseswa moun ki pa chite akoz Mwen, se yon moun beni li ye.
24 Lè mesaje Jan yo fin ale, Jezi pran pale foul moun yo de Jan. Li di yo: Kisa nou te soti al gade nan dezè a? Yon wozo ke van ap souke?
25 Men, ki sa nou te soti al gade menm? Yon nonm ki abiye ak bèl rad? Twouve ke moun ki gen bèl rad e k ap viv byen alèz yo, se nan kay wa yo ye.
26 Donk, ki sa menm nou te soti al gade a? Yon pwofèt? Wi, M ap di nou sa, pi plis pase yon pwofèt.
27 Se li menm yo te ekri sa sou li a: Gade! Men M ap voye mesaje M nan pa devan prezans Ou, ki va pare chemen W lan devan W!
28 Vrèmanvre, M ap di nou sa: Pami moun ki pran nesans soti nan fanm, pa gen youn ki gen pi gran pwofèt pase Jan Batis; epoutan, sila a ki pi piti nan wayòm Bondye a pi gran pase l.
29 Avredi, tout moun ki te tande L yo, pèseptè yo tou, yo te deklare Bondye jis, e, yo te batize nan batèm Jan an.
30 Alòske, Farizyen yo ansanm ak avoka yo te rejte konsèy Bondye a kont pwòp tèt pa yo, yo pa t batize nan men l.
31 Apre sa, Senyè a di: Kidonk, ak kiyès Mwen ta konpare moun nan jenerasyon sa a? E, ak kisa yo sanble?
32 Yo tankou timoun ki chita sou plas piblik, kote youn ap rele lòt, y ap di: Nou jwe flit pou ou, epi w pa danse. Nou chante chante ki tris, epi w pa kriye.
33 Paske, Jan Batis vini, li pa ni manje pen, ni bwè diven, epi nou di: Li gen yon demon sou li.
34 Pitit Gason Lòm nan vini, Li manje, li bwè; nou di: Men li, Li se yon moun ki saf, e yon bwesonyè, epi se zanmi pèseptè ak pechè!
35 Men sajès jwenn jistis pa mwayen tout pitit li yo.
36 Epi, twouve ke youn nan Farizyen yo te vle pou Li te vin manje avè l. Konsa, L al kay Farizyen an; epi, Li chita atab pou manje.
37 Alèkile, men li, gen yon dam nan vil la, ki te yon pechèz, lè li te aprann ke Jezi te chita ap manje lakay Farizyen an, li vin ak yon boutèy ann albat ki te gen luil ladan l.
38 Epi, li rete bò pye Jezi, pa dèyè Li, li t ap kriye; e, li kòmanse lave pye Jezi avèk dlo nan je l, epi li siye yo ak cheve nan tèt li; lèfini, li bo pye Jezi, epi li friksyone yo ak luil la.
39 Kounye a, lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: Si Nonm sa a te yon pwofèt, Li ta dwe konnen ki kalite moun fi sa a k ap manyen L lan ye; paske se yon pechèz li ye.
40 Men, pou reponn li, Jezi di l: Simon, Mwen gen yon bagay pou M di w. Epi, misye reponn: Mèt, pale non!
41 Jezi di li: Te gen yon moun ki bay ponya ki te gen de moun ki dwe l; gen youn ki te dwe l senksan denye; epi, lòt la, senkant denye.
42 Kòm yo pa t gen mwayen pou yo te peye, li anile dèt la pou toulède. Alò, di M non, kiyès nan yo de a k ap renmen nonm lan plis?
43 Simon reponn, li di: Mwen sipoze ke se sila ke li te anile pi gwo dèt la! Li di Simon konsa: Ou fè yon bon rezònman.
44 Apre sa, Li vire gade dam nan, epi Li di Simon: Ou wè dam sa a? Mwen vin lakay ou, ou pa ban M dlo pou pye M; alòske, li lave pye M ak dlo nan je l, e li siye yo ak cheve nan tèt li.
45 Ou pa ban M anken bo; alòske dam sa a, depi lè M antre la a, li pa sispann bo pye M.
46 Ou pa pase luil nan tèt Mwen; alòske dam sa a friksyone pye M ak luil.
47 Se poutèt sa, M ap di w konsa, peche l yo, atout yo anpil, yo padonnen, paske li demontre anpil lanmou; alòske, moun ke yo padonnen yon ti kras pou li, menm jan an tou, l ap demontre yon tikras lanmou.
48 Apre sa, Li di dam nan: Peche w yo padonnen.
49 Alò, moun ki te chita atab ansanm avè L yo pran di nan kè yo: Kiyès sa a pou twouve ke menm peche Li padonnen an?
50 Epi Li di dam nan: Lafwa w sove w; ale anpè.
« Lik 6 Lik Lik 8 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!