Liv Lik
Chapit 8
1
Epi, sa vin rive apre sa, ke Li te pase nan tout vil yo ak bouk yo; Li t ap preche e Li t ap anonse Bòn Nouvèl wayòm Bondye a; e, douz yo te avèk Li;
2
ansanm ak kèk medam ke Li te geri anba movezespri ak anba maladi; Mari, yo te rele moun Magdala a, ke sèt demon te soti sou li a;
3
Jàn, madanm Chouza, responsab kay Ewòd la; e Sizàn ak anpil lòt, ki te itilize mwayen yo te genyen pou yo sèvi Jezi.
4
Alèkile, kou te vin gen yon gwo foul moun ki rasanble ansanm ak moun ki te suiv Li nan tout vil yo; Li pale ak yon parabòl:
5
Yon kiltivatè soti al simen semans li; antan l t ap simen an, enpe tonbe bò wout la; epi pye pile l, e zwazo nan syèl la manje l.
6
Ansuit, gen lòt ki tonbe sou yon wòch; epi, apenn li fin pouse, lamenm li seche, paske l pa t jwenn ase imidite.
7
Epi, gen lòt ki tonbe nan mitan pikan, e pikan yo pouse ansanm avèk li, e yo toufe l.
8
Gen lòt ki tonbe nan bon tè, e yo pouse, yo donnen fwi san fwa lavalè. Lè Li fin di bagay sa yo, Li rele byen fò: Moun ki gen zòrèy pou tande, se pou l tande!
9
Alèkile, disip Li yo mande L, yo di: Kisa parabòl sa a vle di?
10
Alò, Li di: Nou menm, yo ban nou mwayen konprann mistè wayòm Bondye a, men lòt moun yo se parabòl yo ba yo, dekwa pouke atout yo gade, yo pa wè, e atout yo tande, yo pa konprann.
11
Kounye a, men kisa parabòl la ye: Semans lan, se Pawòl Bondye a.
12
Sa yo ki tonbe bò wout la, se moun ki tande; epi, dyab la vini, li rape Pawòl la sot nan kè yo, dekwa pou sa pa ta rive ke yo ta kwè epi yo ta sove.
13
Sa yo ki tonbe sou wòch la, se moun sa yo ki, kou yo tande l, yo resevwa Pawòl la ak kè kontan, men ki pa pran rasin; kidonk, yo kwè pou yon tan, epi nan moman tantasyon, yo chite.
14
Sa ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande l, epi y ale; lèfini, tèt chaje, richès ak plezi nan lavi a toufe yo, e yo pa bay okenn fwi ki rive rèk.
15
Men, sa ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande Pawòl la ak yon kè sensè e bon, apre sa, yo kenbe l; epi, ak pasyans yo donnen fwi.
16
Pa gen pèsonn, apre ke l fin limen yon bouji, k ap kouvri l ak yon veso; oswa k ap mete l anba kabann. Men, l ap mete l sou yon chandelye dekwa pou moun k ap antre yo ka wè limyè a.
17
Paske, pa gen anyen ki sekrè, ki p ap vin devwale; ni anyen ki kache, ki p ap vin yon bagay moun konnen e k ap parèt klè.
18
Alò, fè atansyon ak jan ke n ap koute a. Paske, nenpòt moun ki genyen, se li menm y ap bay; alòske moun ki pa genyen an, se nan men l y ap pran menm sa l panse li te genyen an.
19
Vin twouve ke manman L ak frè L yo te vin kote L; men, yo pa t ka rive kote L ye a, akòz foul moun yo.
20
Epi, se konsa gen yon moun ki vin di Li: Manman W ak frè W yo kanpe deyò a wi; yo ta renmen wè W.
21
Lè sa a, Li reponn, Li di yo konsa: Manman M ak frè M, se moun sa yo ki tande Pawòl Bondye a, epi ki obeyi l.
22
Alèkile, sa vin rive ke yon jou, Li anbake ak disip Li yo nan yon kannòt, epi Li di yo konsa: Ann janbe pa lòt bò lak la. Konsa vre, yo derape ale.
23
Men, pandan yo t ap navige, dòmi pran Jezi; epi, twouve vin gen yon van tanpèt ki bat sou lak la, e dlo te anvayi bato a; e, yo te an danje.
24
Alò, y al jwenn Li, yo leve L, yo di: Mèt, Mèt, men n ap peri wi! Alèkile, Li leve kanpe, Li fè van an ak vag lanmè yo ki te dechennen an obsèvasyon, epi yo sispann, e vin gen yon kalmi.
25
Apre sa, Li di yo: Kote lafwa nou? Men yo menm, yo te pè, yo t ap reflechi, youn t ap di lòt: Ki kalite Moun sa a ye menm? Paske, ata van ak dlo Li pase lòd, epi yo obeyi Li!
26
Epi, yo rive nan peyi Gadarenyen yo, ki te anfas Galile.
27
Men, antan L ap debake, pa deyò vil la, gen yon nonm ki te vin rankontre L; misye te gen demon sou li depi lontan, li pa t met rad sou li, ni li pa rete nan kay, men, se nan tonm yo li rete.
28
Lè li wè Jezi, li rele, e li met ajenou devan L, epi li di byen fò: Ki rapò mwen gen avèk Ou, Jezi, Pitit Gason Bondye Trèwo a? Mwen sipliye W, pa toumante m.
29
(Se poutèt Li te pase movezespri a lòd pou l sot sou nonm lan. Paske sa te rive souvan ke movezespri a te pran misye, e lè yo mare l nan chenn ak fè, li kase chenn yo, e dyab la te konn trennen l al nan dezè a.)
30
Alèkile, Jezi mande l, Li di: Kijan w rele? Alò, li reponn: Rejiman! Se difèt ke se plizyè demon ki te sou nonm lan.
31
Epi, yo sipliye L pou Li pa kòmande yo desann nan labim lan.
32
Twouve ke te gen yon twoupo plizyè kochon la a ki t ap manje nan mòn nan; konsa, yo sipliye L pou Li kite yo antre nan kochon yo. Li pèmèt yo sa.
33
Alò, demon yo soti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo, e twoupo a kouri ak vyolans ale sou tèt falèz la, yo lage kò yo nan lak la, e yo neye.
34
Lè gadò kochon yo wè sa k te pase a, yo bwaze, y al rapòte sa nan vil la ak nan zòn andeyò yo.
35
Lè sa a atò, moun yo soti vin wè sa k te pase a; yo vin kot Jezi, e yo jwenn nonm ke demon te soti sou li a chita nan pye Jezi; li te abiye, e li te gen tout bonsans li; yo te pè.
36
Konsa tou, moun ki te wè sa k te pase yo rakonte yo kòman nonm ki te gen demon sou li a fè geri.
37
Alèkile, moun nan peyi Gadarenyen ak zalantou l yo vin an foul pou yo mande Jezi pou L ale kite zòn yo a; avrèdi, yon gwo laperèz te anvayi yo. Konsa, Jezi anbake nan kannòt la, Li retounen ankò.
38
Men, nonm ke demon te soti sou li a t ap sipliye L pou li ret avè L, men Li voye misye ale, Li di:
39
Tounen lakay ou, e montre sa Bondye fè pou ou. Vremanvre, misye al fè wout li; e li mache rakonte nan tout vil la kalite gwo bagay ke Jezi fè pou li.
40
Sa vin rive ke lè Jezi retounen, moun yo akeyi Li ak kè kontan, paske yo tout t ap tann Li.
41
Epi, twouve ke yon nonm ki rele Jayiris vin parèt; se te yon dirijan sinagòg la; epi, misye lage kò l nan pye Jezi, epi li pran sipliye L pouke L ta vin lakay li.
42
Se difèt ke Jayiris te gen yon sèl pitit fi laj douz an konsa, ki te kouche prèt pou mouri; antan Jezi t aprale, foul moun yo t ap kwense L.
43
Se konsa yon dam ki te gen yon pwoblèm pèd san depi douz an, ki te fin depanse tout sa l posede nan doktè, san l pa t ka jwenn gerizon nan men okenn nan yo;
44
li pwoche pa dèyè, epi li touche franj rad Jezi, epi lamenm, pèd san an rete.
45
Lè sa a, Jezi di: Kiyès ki touche M nan? Apre tout moun di ke se pa yo menm, Pyè ansanm ak moun ki te ak Jezi yo di Li: Mèt, foul moun yo kole sou Ou, y ap kwense W, epi W ap mande: Kiyès ki touche M?
46
Men, Jezi di: Gen yon moun ki touche M, paske Mwen santi gen yon fòs ki soti nan Mwen.
47
Lè dam nan wè l pa t ka kache, li vanse tou ap tranble, epi li lage kò l nan pye Jezi, li rakonte Li devan tout moun pou ki rezon li te touche L la; e kijan li te geri menm lè a.
48
Alò, Li di dam nan: Pitit fi M, lafwa w geri w; ale anpè!
49
Li t ap pale toujou, lè yon moun ki soti lakay dirijan sinagòg la ki parèt epi li di: Pitit fi w la mouri; ou pa bezwen deranje Mèt la ankò.
50
Men, lè Jezi tande sa, Li reponn li, Li di: Pa pè; kwè sèlman, epi l va geri.
51
Alèkile, kou L rive nan kay la, Li pa pèmèt pèsonn antre, eksepte Pyè, ak Jak, ak Jan, avèk papa ak manman timoun nan.
52
E, tout moun t ap kriye, e yo te nan lapenn pou timoun nan; men, Li di: Pa kriye; li pa mouri, se dòmi l ap dòmi!
53
Alò, yo pran griyen dan sou Li, pase L nan rizib, paske yo te konnen ke l te mouri.
54
Ansuit, Jezi met tout moun deyò; lèfini, Li pran men timoun nan, Li rele, Li di: Tipitit, leve!
55
Epi, lespri timoun nan retounen nan li, e li leve menm moman an. Ansuit, Jezi pase lòd pou yo bay timoun nan manje.
56
E, paran timoun nan te ret sezi; men, Li di yo ke yo pa dwe di pèsonn sa ki te fèt la.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!