Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 9

« Lik 8 Lik Lik 10 »
1 Apre sa, Li rele douz disip Li yo ansanm, Li ba yo pouvwa ak otorite sou tout demon e pou yo geri maladi.
2 Epi, Li voye yo al preche wayòm Bondye a, e geri malad.
3 E, Li di yo konsa: Pa ale ak anyen pou vwayaj nou an; ni baton, ni valiz, ni pen, ni lajan. Se pa pou n al ak rad derechanj nonplis.
4 Epi, kèlkeswa kay kote nou antre a, rete la, e se la n va soti.
5 Ansuit, kèlkeswa moun ki pa ta resevwa nou, lè n ap soti nan vil sa a, souke menm pousyè ki nan pye nou; se va yon temwayaj kont yo.
6 Konsa, yo pati, yo travèse bouk yo, pandan yo t ap anonse Bòn Nouvèl la, e yo t ap fè gerizon tout kote.
7 Alèkile, Ewòd, tetrak la, te aprann tout bagay ke Jezi t ap fè yo; e misye te boulvèse, paske kèk moun t ap di ke se Jan ki resisite pami mò yo;
8 gen lòt ki t ap di se Eli ki parèt; e, gen lòt ki t ap di se youn nan pwofèt yo ki leve ankò.
9 Ewòd di: Kanta pou Jan, mwen te koupe tèt li; men, kiyès Moun sa a ye, ke m ap tande kalite bagay sa yo sou Li a? Konsa, misye te vle rankontre Li.
10 Apot yo menm, lè yo retounen, yo rakonte Jezi tout bagay yo te fè yo. Alò, Li pran yo, y al sou kote poukont yo nan yon kote apa ki nan vil yo rele Betesda a.
11 Men, foul moun yo menm, lè yo te vin aprann sa, yo suiv Li; Li resevwa yo, e, Li pale yo de wayòm Bondye a, epi Li geri moun ki te bezwen gerizon yo.
12 Apre sa, lè jounen an te prèt pou l fini, se konsa Douz yo vin kote L, yo di L: Voye foul la ale non, konsa y ap ka al nan bouk ak bitasyon zalantou yo pou fè ladesant, e pou yo jwenn pwovizyon, paske la a se nan yon kote ki dezè nou ye.
13 Men Li reponn yo: Se nou menm ki pou ba yo manje. Yo di L: Nou pa gen plis pase senk pen ak de pwason non; amwenske nou ta al achte manje pou tout pèp sa a.
14 Avredi, te gen senk mil òm konsa. Lè sa a, Li di disip Li yo: Fè yo chita ansanm pa gwoup senkant.
15 Yo fè sa vre; yo fè tout moun chita.
16 Alèkile, Li pran senk pen yo ak de pwason yo, antan L leve je L gade syèl la, Li beni yo, e Li kase yo, epi L bay disip Li yo pou sèvi foul la.
17 Konsa, yo te manje e vant yo tout te plen; e, te gen rès rete ki te plen douz panyen.
18 Sa te vin rive yon lè, Li t ap lapriyè pou kont Li, epi disip Li yo te vin kote L; alèkile, Li poze yo yon kesyon, li di: Kiyès ke moun yo di Mwen ye?
19 Yo reponn li: Gen moun ki di ou se Jan Batis, gen lòt ki di Ou se Eli, gen lòt ankò ki di ou se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite.
20 Li di yo konsa: Men, kiyès nou di ke Mwen ye? Pyè reponn, li di: Ou se Kris Bondye a!
21 Lè sa a, Jezi pase yo lòd, Li kòmande yo pou yo pa di pèsonn bagay sa a.
22 Li di: Fòk Pitit Gason Lòm nan soufri anpil bagay; fòk ansyen yo, sajrifikatè anchèf yo ak pwofesè lalwa yo rejte L; fòk yo tiye L, e fòk Li resisite sou twazyèm jou a.
23 Ansuit, Li di yo tout konsa: Si nenpòt moun ta vle suiv Mwen, se pou l nye tèt li, se pou l pote kwa l chak jou, epi, pou li suiv Mwen!
24 Paske, nenpòt moun ki vle sove lavi li, ap pèdi l; men, nenpòt moun ki vle pèdi lavi li poutèt Mwen, se li menm ki va sove l.
25 Paske, ki avantaj yon moun ap jwenn si l gen lemonn antye, epi li ta pèdi pwòp tèt li, oswa ke yo ta chase l?
26 Paske, nenpòt moun ki ta va wont Mwen ak pawòl Mwen yo, li menm tou, Pitit Gason Lòm nan ap wont li, lè Li va rive nan pwòp glwa pa Li, nan glwa Papa a, ak nan glwa zanj ki sen yo.
27 Men, M ap di nou yon verite: Gen kèk nan moun ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jis yo wè wayòm Bondye a.
28 Konsa vre, anviwon uit jou apre pawòl sa yo te fin pale, Li pran Pyè, Jan ak Jak, e Li monte sou yon mòn pou L lapriyè.
29 Alèkile, pandan L ap lapriyè a, aparans figi L te vin chanje, e rad Li te vin tou blan ap klere.
30 Epi, men li, te gen dezòm ki t ap pale avè L, se te Moyiz ak Eli.
31 Yo te parèt nan laglwa; e yo t ap pale de lanmò Li ke L t apral akonpli nan Jerizalèm.
32 Men, Pyè ansanm ak sa ki te avèk li yo te gen yon dòmi lou ki te ale avèk yo; men, lè yo te vin leve, yo te wè laglwa Li, e yo te wè dezòm ki te kanpe avèk Li yo.
33 E, sa rive ke pandan yo t apral kite L, Pyè di Jezi konsa: Mèt, sa bon pou nou lefèt ke nou la a. Donk, kite nou monte twa tant, youn pou Ou, youn pou Moyiz e youn pou Eli. Misye pa t konn sa l t ap di.
34 Men, antan l t ap pale a, te vin gen yon nyaj ki parèt, epi l kouvri yo; yo te pè lè yo te vlope anndan nyaj la.
35 Epi, yon vwa ki sot nan nyaj la di: Se Pitit Gason byenneme Mwen an; Koute L!
36 E, apre ke vwa a ale, Jezi vin twouve L poukont Li. Konsa, yo te ret an silans, e nan jou sa yo, yo pa t rakonte pèsonn bagay yo te wè yo.
37 Sa te vin rive ke nan demen, lè yo desann mòn nan, yon foul moun vin rankontre Li.
38 Epi, twouve ke yon nonm pami foul la rele byen fò: Mèt, m ap sipliye W, voye je W sou pitit gason mwen an, se sèl pitit mwen genyen!
39 Gade, gen yon lespri ki antre sou li, epi denkou li pran rele; lespri a sakaje l, jis li fè l kimen ankò; e lè l fin kraze l, li difisil pou sot sou li.
40 Mwen te mande disip Ou yo pou yo chase demon an, men yo pa t kapab.
41 Jezi reponn pou L di: O, ala yon jenerasyon moun ki san lafwa e ki pèvèti! Pandan konbyen tan M ap blije rete avèk nou e pou M ap sipòte nou? Vin ak tigason w lan isit.
42 Men, pandan tigason an t ap pwoche, demon an fese l atè, li sakaje l. Alèkike, Jezi fè movezespri a obsèvasyon, epi Li geri tigason an; ansuit, Li remèt li bay papa l.
43 Se tout moun ki te ret sezi devan fòs puisans Bondye. Alò, etan moun yo t ap reflechi sou tout bagay Jezi te fè yo, Li di disip Li yo:
44 Kite pawòl sa yo byen antre nan zòrèy nou; epi sonje yo: Paske, Pitit Gason Lòm nan va gen pou yo livre L nan men lèzòm.
45 Sepandan, yo pa t konprann kisa pawòl sa a te vle di; e pawòl la te yon mistè kache pou yo; dekwa pou yo pa t konprann sans li.
46 Apre sa, yo vin gen yon diskisyon pami yo, konsènan kiyès nan yo ki pi enpòtan.
47 Alò, Jezi ki wè lide ki nan kè yo a, pran yon timoun, Li fè l kanpe bò kote L,
48 epi Li di yo konsa: Nenpòt moun ki ta va resevwa timoun sa a nan non Mwen, resevwa M; E, nenpòt moun ki resevwa M, resevwa Sila ki voye M nan. Paske, moun ki pi ba pami nou tout la a, se li ki va gran.
49 Lè sa a, Jan reponn, li di: Mèt, nou te wè yon nonm ki t ap chase demon nan non W; epi, nou defann li fè sa, paske li p ap suiv ansanm avèk nou.
50 Men, Jezi di l: Se pa pou w defann li fè l, paske moun ki pa kont nou, se nan kan nou li ye.
51 Sa vin rive ke lè jou pou Jezi te monte nan syèl la t ap pwoche, Li deside tèt dwat pou L ale Jerizalèm.
52 Se konsa, Li voye kèk mesaje devan Li; y ale, e yo antre nan yon bouk nan Samari pou yo fè preparasyon pou Li.
53 Men, yo pa t resevwa L, paske figi L te sanble ak moun ki t apral Jerizalèm.
54 Lè disip Li yo, Jak ak Jan wè sa, yo di: Senyè, èske W vle nou mande pou dife sot nan syèl la pou boule yo tankou Eli te fè a?
55 Men, Li vire e Li fè yo obsèvasyon; Li di: Nou pa konn anba direksyon ki kalite lespri nou ye non!
56 Paske, Pitit Gason Lòm nan pa vin detwi lavi lèzòm, men pou sove yo. Apre sa, y al nan yon lòt bouk.
57 Epi, twouve etan yo te sou wout, gen yon moun ki di L konsa: M ap suiv Ou kèlkeswa kote W prale.
58 Jezi di li: Rena yo gen twou pa yo, e zwazo nan syèl la gen nich pa yo, alòske Pitit Gason Lòm nan pa gen okenn kote pou poze tèt Li.
59 Epi, Li di yon lòt moun: Suiv Mwen! Men, misye reponn: Senyè, pèmèt ke anvan sa m al antere papa m.
60 Jezi di l konsa: Kite mò yo antere mò pa yo; men ou menm, al preche wayòm Bondye a.
61 Epi, gen yon lòt tou ki di: Senyè, m apral suiv Ou wi, men kite m al di moun ki nan kay lakay mwen yo orevwa.
62 Alò, Jezi di l konsa: Pa gen pèsonn, apre ke li fin met men l nan travay la k ap vire gad dèyè, ki konpetan pou wayòm Bondye a.
« Lik 8 Lik Lik 10 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!