Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 10

« Lik 9 Lik Lik 11 »
1 Apre bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndis lòt disip tou; e, Li voye yo de pa de devan Li, ale nan chak vil ak chak kote ke Li menm, Li t apral l pase.
2 Konsa, Li di yo: Rekòt la anpil tout bon vre; men, travayè yo, se detwa grenn yo ye. Se pou nou lapriyè Mèt rekòt la pou Li voye travayè nan rekòt Li a.
3 Ale non! Gade, M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou.
4 Pa pote ni bous, ni valiz, ni sapat; pa salye pèsonn nan wout la.
5 Epi, nan kèlkeswa kay nou antre a, premye sa pou nou di: Se pou lapè vin sou kay sa a!
6 Alò, si pitit lapè twouve l nan kay la, lapè nou an ap poze sou li; sinon, lapè nou an ap tounen vin jwenn nou.
7 Konsa, rete nan menm kay sa a, manje, bwè sa yo ban nou, paske travayè a merite salè l. Pa kite yon kay pou yon lòt kay.
8 Ansuit, nan kèlkeswa vil nou antre a, e ke yo resevwa nou, manje sa yo met devan nou;
9 epi, geri malad ki ladan l yo; lèfini, di yo: Wayòm Bondye a rive bò kote nou!
10 Men, nan kèlkeswa vil nou antre a, e ke yo pa resevwa nou, soti al mache nan wout ki anndan vil sa a, epi di:
11 Ata pousyè nan vil nou sa a ki depoze nou an, n ap souke kont nou. Sèlman, se pou nou konnen ke wayòm Bondye a rive bò kote nou.
12 Men, M ap di nou yon bagay: L ap pi tolerab pou Sodòm wi nan jou sa a pase pou vil sa a.
13 Malè pou ou, Korazen! Malè pou ou, Betsayida! Paske, si mirak ki te fèt nan mitan nou yo, se te nan Ti ak Sidon yo te fèt, lontan sa yo t ap gentan repanti e chita nan sann ak twal sak sou yo.
14 Men, li va pi tolerab pou Ti ak Sidon nan jijman an ke pou nou.
15 E ou menm Kapènawòm, ki leve rive nan syèl la, yo va jete w desann nan lanfè!
16 Moun ki koute nou an, se Mwen li koute; moun ki meprize nou an, se Mwen li meprize; an plis de sa, moun ki meprize Mwen an, se Sila ki voye M nan li meprize.
17 Alèkile, swasanndis disip yo te retounen ak kè kontan, yo di: Senyè, ata demon yo soumèt devan nou nan non Ou wi!
18 Lè sa a, Li di yo: Mwen te wè Satan tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè.
19 Gade! Mwen ban nou otorite pou n mache sou sèpan ak eskòpyon, e sou tout pouvwa lènmi an; e, pa gen mwayen pou anyen mal rive nou.
20 Sepandan, se pa pou n ap rejwi poutèt lespri yo soumèt devan nou an; rejwi pito difèt ke non nou ekri nan syèl la.
21 Nan moman sa a, Jezi te rejwi nan lespri L, epi Li di: Mwen remèsye W, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, difèt ke W te kache bagay sa yo pou saj ak entelektyèl yo, alòske Ou revele yo bay timoun. Se konsa menm, Papa, ke sa te parèt bon nan je W.
22 Tout bagay livre nan men Mwen soti kote Papa Mwen; e, pèsonn pa konn kiyès Pitit Gason an ye, eksepte Papa a; ni kiyès Papa a ye, eksepte Pitit Gason an, ak sila yo ke Pitit Gason an ap gen pou revele Li ba yo a.
23 Apre sa, li vire sou disip yo, e Li di yo an prive: Moun je yo ap gade bagay n ap wè yo, se moun beni yo ye.
24 Paske, M ap di nou ke anpil pwofèt ak wa te anvi gade bagay n ap wè yo, men yo pa t wè yo. Yo te anvi tande bagay n ap tande yo, men yo pa t tande yo.
25 Epi, twouve ke yon sèten avoka kanpe, e pou teste Li, misye di: Mèt, ki sa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?
26 Li di misye: Kisa ki ekri nan Lalwa? Kijan w li sa?
27 Misye reponn, li di: Ou dwe renmen Senyè Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou e ak tout lespri w; epi, ou dwe renmen pwochen w tankou pwòp tèt ou.
28 Li di misye: Ou byen reponn wi; fè sa, e ou va viv.
29 Men, misye, ki te vle jistifye tèt li, di Jezi: Kiyès menm ki pwochen m?
30 Jezi reponn li: Yon nonm t ap sot Jerizalèm pou desann Jeriko; epi, l al tonbe anba men yon bann vòlè ki pran tout sa k te sou li, yo bat li, e yo pati kite l a demi mò.
31 Se konsa ke pa aza, yon sakrifikatè te vin ap desann nan wout la. Lè l wè nonm lan, li pase sou lòt bò.
32 Konsa tou, yon Levit te vin ap pase kote a, lè l rive kote a, li vini, li gade nonm lan, epi l pase sou lòt bò.
33 Men, yon Samariten pandan li t ap vwayaje, vin rive kote nonm lan te ye a; lè l wè misye, li te gen konpasyon pou li.
34 Alò, li vanse kote l, e li panse blese l yo avèk luil ak diven ke l vide sou yo; ansuit, li mete l chita sou pwòp bèt pa l, li kondui l nan yon otèl, e li pran swen li.
35 Nan demen, lè pou l te pati, li lonje de denye bay administratè otèl la, epi li di l: Pran swen li pou mwen, e nenpòt sa w ta depanse anplis, lè m vin ankò, ma peye w li.
36 Kiyès kounye a nan twa moun sa yo, ou panse ki te montre ke li se pwochen nonm ki te tonbe nan mitan vòlè yo?
37 Li reponn: Sa ki te montre mizerikòd pou li a. Alèkile, Jezi di l konsa: Ale, epi fè menm jan an tou.
38 Kounye a, sa vin rive ke etan yo te sou wout yo, Jezi antre nan yon bouk; epi, yon sèten dam ki rele Mat te resevwa l lakay li.
39 E, li te gen yon sè li ki te rele Mari, ki te chita nan pye Jezi li t ap koute Pawòl Li a.
40 Alòske, Mat li menm te okipe nan sèvi envite yo; se konsa li pwoche kote Li, epi li di: Senyè, sa pa di w anyen ke sè m nan kite m poukont mwen ap sèvi? Di l vin ede m non!
41 Lè sa a, Jezi reponn, Li di l: Mat, Mat, w ap chaje tèt ou, w ap trakase kò w pou anpil bagay;
42 alòske se yon sèl bagay ki nesesè, e Mari chwazi bon pati sa a ki p ap janm soti nan men l.
« Lik 9 Lik Lik 11 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!