Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 11

« Lik 10 Lik Lik 12 »
1 Sa te rive ke yon lè, etan Li t ap lapriyè yon kote, lè L te sispann, youn nan disip Li yo ki di L konsa: Senyè, aprann nou lapriyè non, tankou Jan te aprann disip li yo tou a.
2 Alèkile, Li di yo: Lè n ap lapriyè, se pou nou di: Papa nou ki nan syèl la, se pou non W sanktifye. Se pou wayòm Ou an vini. Se pou volonte W fèt sou latè tankou ke l fèt nan syèl la.
3 Jou apre jou, ban nou pen pou jounen an.
4 E, padonnen peche nou yo, paske nou menm tou nou padonnen tout moun ki gen dèt anvè nou. E, pa kondui nou al nan tantasyon; men, delivre nou anba lemal.
5 Epi, Li di yo: Kiyès nan nou ki ta gen yon zanmi, e ki ta al kote li a minui pou di l konsa: Zanmi, prete m twa pen,
6 paske, m gen yon zanmi pa m ki an vwayaj, epi misye rive kote mwen an, e m pa gen anyen pou mwen sèvi li.
7 Epi, pandan l anndan an, li ta reponn pou l di: Pa nui m; pòt la fèmen kounye a, e timoun mwen yo avè m kouche nan kabann; mwen pa ka leve ba w anyen.
8 M ap di nou sa: Menmsi li pa leve pou ba li l poutèt se zanmi l li ye a, men poutèt deranje zanmi an deranje l la, l ap leve pou ba li kantite l bezwen.
9 E, M ap di nou sa: Mande, epi yo va ban nou; chèche, epi nou va jwenn; frape, epi yo va louvri pou nou.
10 Paske, tout moun ki mande va resevwa; e moun ki chèche a, li va jwenn; e pou moun ki frape a, yo va louvri.
11 Si yon pitit gason ta mande pen nan men nenpòt pami nou la a ki se yon papa, èske se yon wòch l ap ba li? Oswa, si li mande yon pwason, èske olye de pwason li t ap ba l yon sèpan?
12 Oubyen, si l ta mande l yon ze, li t ap ofri l yon eskòpyon?
13 Si nou menm, atout nou move moun nan, nou konnen kòman pou n bay bon bagay ba timoun nou yo, ak ki pi gwo diplis toujou Papa nou ki nan syèl la va bay Lespri Sen an ba moun ki mande L?
14 Apre sa, Li te vin ap chase yon demon, se te yon demon bèbè. Epi, vin rive ke lè demon an fin soti, bèbè a pale; e, foul moun yo te sezi.
15 Men, kèk nan moun yo di: Se pa mwayen Bèlzeboul chèf demon yo ke L ap chase demon.
16 E, lòt moun, pou yo te tante L, t ap mande L yon siy ki sot nan syèl la.
17 Men Li menm, kòm Li te konnen sa k te nan lide yo, Li di yo konsa: Tout wayòm ki divize kont pwòp tèt li ap gen pou l detwi; e yon kay ki divize kont yon kay ap tonbe.
18 Si Satan divize tou kont tèt li, kijan wayòm li an ap fè kanpe? Kòm nou di ke se pa mwayen Bèlzeboul ke M chase demon.
19 Alò, si Mwen menm, se pa mwayen Bèlzeboul ke M chase demon, pa mwayen kiyès pitit gason nou yo chase yo? Konsa, se yo menm ki va jij nou.
20 Sepandan, si se avèk dwèt Bondye ke mwen chase demon, se wayòm Bondye a ki rive sou nou tout bon vre.
21 Lè yon gwonèg ak zam nan men l ap veye palè li, byen l yo nan lapè.
22 Men, lè yon nonm ki pi gwonèg pase l va parèt, e va gen laviktwa sou li, epi li va sezi tout zam misye te met konfyans li nan yo a, lèfini li va separe bagay ke l piye yo.
23 Yon moun ki pa avèk Mwen, se kont Mwen ke li ye; e, yon moun ki p ap rasanble avè M, se gaye l ap gaye.
24 Lè yon move lespri soti sou yon moun, li travèse kote ki sèch, l ap chèche pran repo; lè l pa jwenn anyen, li di: M ap tounen lakay mwen kote m te soti a.
25 E, lè l rive, li jwenn kote a byen bale, byen ranje.
26 Alèkile, l ale, li pran sèt lòt lespri pi mechan pase l met avè l; epi yo antre, yo abite la; konsa, dènye eta moun sa a vin pi mal pase jan l te ye anvan an.
27 Twouve, pandan L ap di bagay sa yo, yon dam pami moun yo leve vwa l, li di L konsa: Se yon vant beni ki te pote W, e tete beni ke W te tete!
28 Men, Jezi di: Now, di pito: Moun beni se moun ki tande Pawòl Bondye a, e ki obsève l!
29 Pandan foul ki te rasanble a t ap gonfle plis, Li kòmanse di yo: Jenerasyon sa a, se yon Jenerasyon malfezan li ye; y ap chèche yon siy, men, pa gen okenn siy y ap ba li, apa de siy Jonas, pwofèt la.
30 Paske, menm jan Jonas te vin yon siy pou moun Niniv yo, se konsa tou ke Pitit Gason Lòm nan yon siy pou jenerasyon sa a.
31 Rèn Sid la va kanpe lè jijman an ansanm ak moun jenerasyon sa a, e l ap kondane yo; paske li te soti nan dènye bout tè a pou l vin tande sajès Salomon an; epi, gade non! Se youn ki pi gran pase Salomon ki isit la!
32 Moun Niniv yo va kanpe lè jijman an ansanm ak jenerasyon sa a, e yo va kondane l; paske, yo te repanti ak preche Jonas te preche yo a; epi, gade non! Se youn ki pi gran pase Jonas ki isit la!
33 Pa gen pèsonn k ap fin limen yon lanp, epi ki pral mete l yon kote an kachèt, ni tou anba yon panyen; men pito, sou yon etajè, dekwa pou moun k ap antre ka wè limyè a.
34 Se je ki limyè kò a; alò, lè w gen bon je, tout kò w ap plen ak limyè tou; men, si w gen move je, kò w ap plen ak fènwa tou.
35 Donk, veye pou limyè ki nan ou a pa fènwa.
36 Konsa donk, si tout kò w plen ak limyè, san l pa gen okenn pati nan fènwa, se tout li menm k ap klere, tankou lè limyè byen klere yon lanp limen sou ou.
37 E, lè Li te fin pale, yon Farizyen envite L manje avèk li; konsa, Li antre epi Li chita atab.
38 Men, lè Farizyen an wè sa, misye te sezi wè ke Jezi pa t lave men Li anvan L manje.
39 Alèkile, Senyè a di li: Kounye a, nou menm Farizyen, se deyò gode ak asyèt yo nou lave; men, pati ki anndan nou an plen avaris ak mechanste.
40 Bann egare! Èske se pa sila a ki fè sa k sou deyò a, ki fè sa k sou anndan an tou?
41 Men pito, se pou nou fè charite ak bagay sa ke n genyen, epi, gade non, tout lòt bagay yo ap vin pwòp pou nou.
42 Men, malè pou nou, Farizyen, paske n ap peye ladim sou mant, ri, ak tout lòt legim yo, alòske nou vag sou jistis ak lanmou Bondye! Sa yo, se bagay nou te dwe fè san ke nou pa kite lòt yo pa fèt.
43 Malè pou nou, Farizyen, paske nou renmen plas devan nan sinagòg yo, ak salitasyon sou plas piblik yo.
44 Malè pou nou, pwofesè lalwa ak Farizyen, paske nou tankou tonm envizib, epi moun ki mache sou yo pa menm konn sa.
45 Alò, youn nan avoka yo reponn, li di Jezi konsa: Mèt, lè W di bagay sa yo, Ou fè nou repwòch tou wi.
46 Lè sa a Li di: Malè pou nou tou, nou menm avoka! Paske nou chaje moun yo ak gwo chay lou pou pote, alòske nou menm, nou pa manyen chay yo ak youn nan dwèt nou!
47 Malè pou nou, paske nou bati tonm pou pwofèt yo, epoutan, se zansèt nou yo ki te tiye yo.
48 Anfèt, nou temwaye ke nou dakò ak zak zansèt nou yo; paske, se yo ki tiye pwofèt yo vre, epi se nou menm ki bati tonm pou yo.
49 Se poutèt sa tou ke sajès Bondye te di: M ap voye pwofèt ak apot kote yo; gen kèk nan yo ke y ap tiye e pèsekite;
50 se dekwa pou ke se jenerasyon sa a yo mande pou rann kont san tout pwofèt yo ki koule depi kreyasyon monn nan;
51 kòmanse pa san Abèl rive sou san Zakari, ki te peri ant lotèl la ak tanp lan; anverite, M ap di nou sa, se jenerasyon sa a k ap gen pou rann kont.
52 Malè pou nou, avoka, paske nou wete kle konesans lan; nou pa antre ladan l nou menm, epi, sila k ap antre yo, nou anpeche yo antre!
53 E, lè Li te di yo bagay sa yo, pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo kòmanse ba L gwo presyon, e yo te vle fòse L pale de yon bann bagay.
54 Yo t ap tann yon pyèj pou Li, pou yo te ka jwenn yon bagay ki sot nan bouch Li, dekwa pou yo te ka akize L.
« Lik 10 Lik Lik 12 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!