Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 12

« Lik 11 Lik Lik 13 »
1 Alèkile, lè yon gwo foul moun ke w pa ka konte te vin rasanble ansanm, opwen ke youn t ap pile lòt, Jezi kòmanse pale ak disip Li yo dabò, Li,di: Fè atansyon ak Ledven Farizyen yo, ki se ipokrizi.
2 Paske, pa gen anyen ki kouvri ki p ap devwale; nitou, anyen ki kache ke moun p ap vin konnen.
3 Kidonk, kèlkeswa sa nou te di nan fènwa, y ava tande l nan limyè; e, sa nou te di nan zòrèy anndan chanm fèmen, y ava pibliye l sou do kay.
4 E M ap di nou sa, zanmi Mwen yo: Pa pè moun k ap tiye kò a, epi apre sa ki pa gen anyen yo ka fè ankò.
5 Men, Mwen pral avèti nou kiyès pou nou pè: Pè Sila a ki apre ke L tiye, Li gen pouvwa pou Li jete nan lanfè a. Wi, M ap di nou sa: Se Li pou nou pè!
6 Èske senk ti zwazo pa vann pou de santim? Epoutan, pa gen youn nan yo ki pase a loubli devan Bondye.
7 Alòske, ata branch cheve nan tèt nou konte. Konsa donk, se pa pou nou pè; nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
8 Men sa M ap di nou tou: Nenpòt moun ki va temwaye de Mwen devan lèzòm, se de moun sa a ke Pitit Gason Lòm nan va temwaye devan zanj Bondye yo.
9 Men, moun ki nye M nan devan lèzòm, y ap nye l devan zanj Bondye yo.
10 E, nenpòt moun ki ta di yon pawòl kont Pitit Gason Lòm nan, yo va padonnen l. Men, moun ki blasfeme kont Lespri Sen an, yo p ap padonnen l.
11 E, lè yo mennen nou anndan sinagòg yo, ak devan majistra yo, ak devan otorite yo, pa reflechi sou ni kòman, ni kisa nou pral reponn, ni sou kisa nou va di;
12 paske, menm lè sa a, Lespri Sen an va aprann nou sa nou dwe di.
13 Epi, yon moun ki te nan foul la, di L konsa: Mèt, pale ak frè m nan pou l separe eritaj la avèk mwen.
14 Alò, Li reponn li: Mesye, kiyès ki mete M kòm moun ki pou jije, oswa kòm moun ki pou fè pataj sou tèt nou?
15 Apre sa, Jezi di moun yo: Veye tèt nou, e fè atansyon ak konvwatiz; paske, se pa sou kantite bagay li posede ke lavi yon moun chita.
16 Alèkile, Li rakonte yo yon parabòl, Li di: Jaden yon sèten nonm rich te donnen anpil.
17 Epi, misye reflechi nan kè l, li di: Kisa m ta fè la a, paske kounye a mwen pa gen plas pou m sanble rekòt mwen yo?
18 Apre sa, li di: Men sa m pral fè: M ap kraze depo m yo, epi m ap bati sa ki pi gwo, e se la m va mete tout rekòt mwen yo ak tout byen m yo.
19 Ansuit mwen va di nanm mwen konsa: Nanm, ou gen anpil pwovizyon sere la a pou plizyè lane. Ou mèt rilaks , manje, bwè, e pran plezi w.
20 Men, Bondye di misye: Egare! Aswè a menm yo va reklame nanm ou nan men w; pou kiyès bagay ou sanble yo ap ye?
21 Se konsa sa ye pou moun k ap anpile trezò pou tèt pa l, e ki pa rich anvè Bondye.
22 Apre sa, Li di disip Li yo: Kidonk, M ap di nou sa: Pa trakase lavi nou pou n ap mande kisa n pral manje, oubyen pou kò nou pou n ap mande ki sa n pral met sou nou.
23 Lavi a vo plis pase manje, e kò a vo plis pase rad.
24 Egzamine kòbo yo: Paske, yo pa ni plante ni rekòlte; e nitou, yo pa gen magazen ni depo; alòske, Bondye ba yo manje. Èske valè nou genyen pa pi plis lontan pase valè zwazo yo?
25 Kiyès nan nou, afòs li chita ap reflechi ka ajoute yon pous sou wotè l?
26 Kidonk, si nou pa kapab fè bagay ki pi piti a, poukisa n ap chaje tèt nou pou rès bagay yo?
27 Egzamine flè lis yo, jan yo pouse; yo pa ni travay di, ni trikote; men, M ap di nou ke Salomon, nan tout glwa l la, pa t byen abiye tankou youn nan yo.
28 Konsa, si Bondye abiye zèb ki nan jaden ki la jodi epi ke nan demen yo boule anndan fou; èske Li p ap abiye nou plis pase sa, bann moun ti lafwa?
29 Epi, se pa pou n ret ap chèche kisa n ap manje oswa kisa n ap bwè; nitou nou pa dwe gen ladoutèz nan tèt nou.
30 Paske, tout bagay sa yo, se dèyè yo nasyon nan lemonn yo ap kouri; alòske Papa nou konnen nou bezwen bagay sa yo.
31 Men, pito nou chèche wayòm Bondye a; epi, tout bagay sa yo ava yon diplis pou nou.
32 Ti twoupo, pa pè; paske se bon plezi Papa nou sa pou Li ban nou wayòm nan.
33 Vann sa nou posede pou fè lacharite; bay tèt nou bous ki p ap vyeyi, yon trezò nan syèl la ki p ap fini; kote vòlè pa ka pwoche, ni mit pa ka detwi.
34 Paske, kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.
35 Se pou ren nou mare, epi lanp nou limen.
36 E, nou menm, nou dwe tankou moun ki ret ap tann mèt yo, kilè l ap retounen sot nan maryaj la, dekwa pou lè l vini epi l frape, yo ka louvri pou li lamenm.
37 Se sèvitè ki beni sa yo ye, sila yo ke lè mèt yo tounen, li jwenn yo t ap veye! Anverite M ap di nou sa: L ap mare tabliye l nan ren li, l ap fè yo chita atab, e l ap vanse pou l sèvi yo.
38 E, si li vin nan dezyèm vèy lannuit la, oswa li vin nan twazyèm nan, epi li jwenn yo ap veye, sèvitè sa yo se moun ki beni!
39 E, sa pou n konnen, sèke si mèt kay la te konn a ki lè vòlè a t ap vini, li t ap ret veye, li pa t ap pèmèt yo kase kay li.
40 Donk, se pou nou pare tou, paske Pitit Gason Lòm nan ap vini yon lè ke nou pa panse.
41 Lè sa a, Pyè di L konsa: Senyè, èske se pou nou ke W bay parabòl sa a oubyen pou tout moun?
42 Epi, Senyè a di: Kiyès alò ki ta administratè fidèl e saj sa a, ke mèt li va tabli kòm responsab sou moun lakay li yo, pouke l ba yo pòsyon manje pa yo kou li lè pou yo manje?
43 Se yon sèvitè beni li va ye, si lè mèt li vini, li jwenn se sa l ap fè!
44 Se yon verite M ap ban nou: L ap mete l anchaj tout byen l yo.
45 Men, si sèvitè sa a ta di nan kè l: Mèt mwen ap fè reta nan retou li; epi ke misye ta pran bat sèvitè yo ak sèvant yo, li ta ret ap manje ak bwè, jouk li sou;
46 mèt sèvitè sa a ap vini nan yon jou misye pa t ap tann li, nan yon lè li pa t konnen; epi mèt la ap toupizi misye; ansuit, l ap ba misye pòsyon pa l ak moun enfidèl yo.
47 Men, sèvitè sa ki te konn volonte mèt li a, epi ki pa t pare tèt li ni ki pa t aji selon volonte mèt la; y ap bat li byen bat.
48 Men, sèvitè ki pa t konnen, epi ki fè yon seri bagay ki merite kout fwèt, yo va ba l mwens kou. Paske, kenpòt moun yo bay anpil, y ap egzije anpil nan men l; e, sou moun lèzòm lage anpil responsablite a, y ap egzije plis ankò nan men l.
49 Mwen vin pou voye dife sou latè; alò, kisa pou M ta vle ankò, si l gentan limen?
50 Wi, Mwen gen yon batèm pou M batize avè l, e M ap boulvèse anpil jiskaske l akonpli!
51 Èske nou panse ke se lapè Mwen vin pote sou latè? Ebyen, M ap di nou: Non; se divizyon pito!
52 Depi kounye a la a, va gen senk moun nan yon kay k ap divize, twa kont de, e de kont twa.
53 Papa a va divize kont pitit gason an, e pitit gason kont papa; manman an kont pitit fi a, e pitit fi kont manman an; bèlmè kont bèlfi l la, e bèlfi a kont bèlmè l.
54 Apre sa, Li di foul moun yo tou: Lè nou wè yon nyaj parèt a lwès, tousuit nou di: Li pral fè gwo lapli; e sa fèt vre.
55 Epi, lè nou wè van sid ap soufle, nou di: Li pral fè yon sèl chalè; e se konsa sa pase vre.
56 Bann ipokrit! Nou ka detèmine eta latè a ak syèl la; men kòman fè nou pa ka detèmine tan sa a n ap viv la a?
57 Wi, kisa k fè nou pa detèmine bagay ki jis yo pou kont nou?
58 Lè ou menm ak advèsè w pral devan yon jij, pandan w sou wout la, bat pou w wè si w ta ka delivre tèt ou anba l, dekwa pou sa pa rive ke l ta trennen w devan jij la, epi jij la livre w bay polis la, epi polis la lage w nan prizon.
59 M ap di w sa: Ou p ap sot la jis ou rive peye dènye santim ki rete a.
« Lik 11 Lik Lik 13 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!