Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 13

« Lik 12 Lik Lik 14 »
1 Gen kèk moun ki te la lè sa a, ki te vin pale Jezi de Galileyen yo ke Pilat te fè koule san yo ki tou melanje ansanm ak san sakrifis yo.
2 Alèkile, pou L reponn, Li di yo: Èske nou panse Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen, kifè yo soufri konsa a?
3 Mwen di nou non! Men, sofsi nou repanti, nou tout ap peri menm jan an.
4 Oubyen, dizuit moun ke miray latou Siloye a nan te tonbe sou yo a, e ke l te tiye yo, èske nou panse se yo menm ki te pi pechè pase tout moun ki ret nan Jerizalèm?
5 Mwen di nou non! Men, sofsi nou repanti, nou tout ap peri menm jan an.
6 Epi, Li rakonte parabòl sa a: Twouve se te yon nonm ki te gen yon pye figfrans plante nan jaden rezen li; epi, li vin chèche fwi ladan l, men, li pa jwenn ankenn.
7 Alèkile, li di jeran jaden rezen li an: Gade non, twazan pase depi m ap vin chèche fwi nan pye figfrans sa a, mwen pa jwenn ankenn. Koupe l! Poukisa li ret la ap jennen tè a pou anyen an?
8 Misye reponn, li di: Mèt, kite l toujou ane sa a non; pandanstan, ma va fouye arebò l, ma met fimye.
9 Konsa, si l vin donnen fwi, se byen; si l pa bay apre sa, w a koupe l.
10 Yon lè, Li t ap anseye nan youn nan sinagòg yo yon jou Saba.
11 Epi, twouve ke yon dam ki te la te gen yon lespri enfim sou li depi dizuit an, li te koube an de, li pa t ka leve tèt li kanpe ditou.
12 Lè Jezi wè dam nan, Li rele l vin jwenn Li, Li di l: Madanm, ou delivre anba maladi w la!
13 E, Li poze men L sou li, e lamenm dam nan kanpe dwat, epi li tanmen bay Bondye glwa.
14 Men, dirijan sinagòg la reponn ak endiyasyon poutèt Jezi te geri nan jou Saba a; misye di moun yo: Gen sis jou ke moun sipoze travay ladan yo; se nan jou sa yo pou nou vin fè geri nou, se pa nan jou Saba.
15 Senyè a reponn misye, Li di: Ipokrit! Èske nan jou Saba, nou chak la a pa demare bèf li oswa bourik li sot nan plas kote n kenbe yo a pou nou mennen yo al bwè dlo?
16 Alò, èske dam sa a, ki se yon pitit fi Abraram ke Satan te mare depi dizuit an, pa merite pou li delivre anba kòd sa a nan jou Saba a?
17 Alèkile, lè Li te fin di bagay sa yo, tout advèsè Li yo te wont; men, tout moun yo menm t ap rejwi poutèt tout mèvèy sa yo Li t ap fè a.
18 Apre sa, Li di: Ak kisa wayòm Bondye a sanble? E, ak kisa Mwen ta va konpare l?
19 Li tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran, e ke li jete nan jaden li; ansuit, li grandi, li vin yon gwo pyebwa, epi, zwazo nan syèl la fè nich nan branch li.
20 Epi Li di ankò: Ak kisa Mwen va konpare wayòm Bondye a?
21 Li tankou ledven ke yon dam te pran epi li melanje nan twa mezi farin jouk tout pat la leve.
22 Apre sa, pandan Li te sou wout pou L al Jerizalèm, Li t ap anseye antan L t ap travèse vil yo ak bouk yo.
23 Sètalò ke yon moun di Li konsa: Senyè, èske se yon tikras moun k ap sove? Epi, Li di yo:
24 Fè tout efò pou nou antre nan pòtay ki etwat la; paske, M ap di nou sa, anpil moun va chèche antre ladan l, men yo p ap kapab!
25 Paske, yonfwa mèt kay la leve e ke l fèmen pòt la, epi nou kòmanse vin kanpe deyò a ap frape pòt la pou n ap di: Mèt, louvri pou nou non! Alò, l ap reponn nou: Mwen pa konn kote n soti!
26 Lè sa a, nou pral kòmanse ap di: Se avèk ou nou te konn ap manje ak bwè wi; epitou, se nan lari nou yo ou te konn ap anseye a wi!
27 Men, lè sa a l ap reponn nou: M ap di nou sa: Mwen pa konn kote n soti. Bann malveyan, nou tout, wete kò nou sou mwen!
28 Se la ki pral gen rèl ak manje dan; lè nou va wè Abraram, ak Izarak ak Jakòb ansanm ak tout pwofèt yo anndan wayòm Bondye a, alòske nou menm yo mete nou deyò.
29 Epi, va gen moun k ap soti nan lès ak nan lwès, nan nò ak nan sid, e yo va chita atab nan wayòm Bondye a.
30 E, gade! Gen sa k dènye k ap vin premye, e gen nan sa k premye k ap vin dènye.
31 Menm jou sa a, gen kèk Farizyen ki parèt, yo di L konsa: Ale, kite zòn nan, paske Ewòd vle tiye W.
32 Alò, Li di yo: Ale, e, di rena sa a: Men li, M ap chase demon e M ap geri moun jodi a ak demen; sou twazyèm jou a M ap okonplè.
33 Sepandan, fò M mache jodi a, demen ak apre demen, paske sa pa ka fèt ke se andeyò Jerizalèm yon pwofèt peri.
34 O Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki tiye pwofèt yo e ki kalonnen moun yo voye kote w yo ak wòch; se souvan ke M te gen dezi rasanble pitit ou yo ansanm, tankou yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li; men, ou pa t vle.
35 Gade non, yo lage kay ou a nan men w tankou kote ki bandone; e, anverite M ap di nou sa, nou p ap wè M ankò pou jis lè a rive ke nou va di: Sila ki vin nan non Senyè a beni!
« Lik 12 Lik Lik 14 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!