Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 14

« Lik 13 Lik Lik 15 »
1 Sa te rive ke antan Li te antre lakay youn nan chèf Farizyen yo pou manje avè l, nan jou Saba a, gen moun ki t ap veye L.
2 Epi, twouve ke devan L lan, te gen yon nonm ki te ak maladi anflamasyon.
3 Alò, Jezi pran lapawòl, Li di avoka yo ak Farizyen yo: Èske sa legal pou geri yon moun jou Saba?
4 Men, yo pa reponn. Alèkile, Li pran nonm nan, Li geri l, epi L voye l ale.
5 Ansuit, Li di yo konsa: Kiyès nan nou la a, ki ta gen bourik li oswa bèf li tonbe nan yon pi yon jou Saba, ki pa t ap rale l soti menm lè a?
6 Yo pa t ka reponn Li sou bagay sa yo fwa sa ankò.
7 Epi, Li ba yo yon parabòl, apre ke Li remake ke envite yo t ap chèche plas devan pou yo chita, Li di yo:
8 Lè yon moun envite w nan yon resepsyon maryaj, pa al chita nan plas devan, pou sa pa ta rive ke li te envite yon moun ki pi enpòtan pase w.
9 Lè sa a, sila ki te envite ou menm avèk moun nan ap vin di w: Bay mesye sa a plas la. Lè sa a ou pral leve byen wont al nan plas dèyè a.
10 Men, lè yo envite w yon kote, al chita nan plas dèyè; konsa, lè moun ki te envite w la parèt, l ap di w: Zanmi m, monte vin pi devan non! Lè sa a, ou va gen onè devan moun ki chita atab avèk ou yo.
11 Paske, nenpòt moun ki glorifye tèt li, yo va rabese l; e nenpòt moun ki rabese tèt li, yo va glorifye l.
12 Apre sa, Li di moun ki te envite L la tou: Lè w ap fè yon dine oswa yon resepsyon, pa rele zanmi w, ni frè w, ni fanmi w oswa vwazen ki rich ou yo; pou ke yon lè yo ka envite w tou, e ke yo rekonpanse w pou sa
13 Okontrè, lè w ap fè resepsyon, envite pòv, enfim, andikape, ak avèg.
14 Konsa, ou va beni, paske yo pa gen mwayen pou yo ta remèt ou sa; men, ou va rekonpanse nan rezireksyon moun ki jis yo.
15 Lè youn nan envite yo ki te chita ap tande pawòl sa yo, li di L: Se moun beni yo ye, sila yo ki pral manje nan wayòm Bondye a!
16 Jezi reponn li: Te gen yon moun ki te òganize yon gwo resepsyon; e, li envite anpil moun.
17 Epi, kou lè resepsyon an rive, li voye sèvitè l al di envite yo konsa: Nou mèt vini wi, tout bagay pare kounye a.
18 Men, yo tout te dakò fè menm bagay, yo kòmanse ap bay eskiz. Premye a di l konsa: Mwen te achte yon moso teren, e mwen blije al gade l. Tanpri, wa eskize m.
19 Gen yon lòt ki di: Mwen sot achte senk pè bèf; se kounye a mwen pral eseye yo. Tanpri, wa eskize m.
20 Gen yon lòt ankò ki di: Mwen fèk marye ak madanm mwen, se poutèt sa m p ap ka vini.
21 Kidonk, sèvitè a tounen al rapòte bagay sa yo bay mèt li. Alèkile, mèt kay la te byen fache, li di sèvitè a: Soti tousuit, ale nan lari ak nan enpas lavil la, epi vini ak pòv yo, enfim yo, andikape yo ak avèg yo.
22 Apre sa, sèvitè vin di: Mèt, sa fèt jan w te pase lòd la; men, gen plas toujou wi.
23 Mèt la di sèvitè a konsa: Soti al sou gran wout yo ak nan lantouraj yo, epi fòse yo antre, dekwa pou kay mwen an foul.
24 Paske, m ap di nou sa: Pa gen okenn nan moun ki te envite yo ki va goute nan dine m nan.
25 E, yon gwo foul moun t ap fè wout la avèk Jezi; epi, Li vire, Li di yo konsa:
26 Si yon moun vin jwenn Mwen epi li pa rayi papa l, manman l, madanm li, pitit li, frè l ak sè l, e wi, menm pwòp lavi pa l, moun sa a pa ka disip Mwen.
27 E, nenpòt moun ki pa pran kwa li pou l suiv Mwen, li pa ka disip Mwen.
28 Vremanvre, kiyès nan nou si l ta vle bati yon gerit, pa t ap chita anvan pou li kalkile konbyen sa ap koute l, pou l wè si l ap gen ase pou l fini l?
29 Pou sa pa rive ke l ta fin poze fondasyon an, epi li pa ka fini gerit la; tout moun ki gad sa t ap pase l nan rizib;
30 yo t ap di: Nonm sa a kòmanse bati, epi l pa kapab fini.
31 Oubyen ankò, ki wa, lè l pral nan lagè ak yon lòt wa, p ap chita reflechi pou l wè si ak dimil òm l ap kapab kontre lòt wa k ap vin kont li ak venmil lan?
32 Osinon, pandan lòt wa a byen lwen toujou, l ap voye yon delegasyon pou l mande fè lapè.
33 Se konsa tou, kèlkeswa moun pami nou an ki pa abandone tout sa l genyen, li pa kapab disip Mwen.
34 Sèl se yon bon bagay; men, si sèl la pèdi gou l, ak ki sa y ap ba l gou ankò?
35 Li pa bon ni pou met nan tè, ni pou fè fimye; men, se jete y ap voye l jete. Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande!
« Lik 13 Lik Lik 15 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!