Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 15

« Lik 14 Lik Lik 16 »
1 E, se konsa ke tout pèseptè ak pechè yo t ap pwoche kote Jezi pou yo koute Li.
2 Poutèt sa, Farizyen ak pwofesè lalwa yo pran mimire, yo t ap di: Nonm sa a ap resevwa pechè epi L ap manje avèk yo.
3 Alèkile, Li rakonte yo parabòl sa a, Li di:
4 Ki gason pami nou la a, ki ta gen san mouton, epi li pèdi youn nan yo, ki pa t ap kite katrevendiznèf lòt yo nan dezè a pou l al chèche sila ki pèdi a jis li jwenn li?
5 E lè l jwenn li, l ap mete l sou zepòl li ak lajwa nan kè l.
6 Apre sa, lè l rive lakay li, l ap rele zanmi l ak vwazen l ansanm, l ap di yo konsa: Vin rejwi avèk mwen, paske m jwenn mouton m ki te pèdi a.
7 M ap di nou sa, se menm jan an tou ap gen plis lajwa nan syèl la poutèt yon pechè ki repanti pase pou katrevendiznèf moun ki jis ki pa bezwen repantans.
8 Oubyen tou, ki fi, si l ta gen dis pyès ann ajan, epi li ta pèdi youn nan pyès yo, ki pa t ap limen yon lanp, e ki pa t ap bale kay la pou l chèche byen chèche jis li jwenn li?
9 E, lè l jwenn li, l ap rele zanmi l ak vwazin li ansanm, l ap di yo: Rejwi avèk mwen, paske m jwenn pyès ann ajan mwen te pèdi a.
10 M ap di nou sa, se menm jan an gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo poutèt yon pechè ki repanti.
11 Apre sa, Li di: Yon nonm te gen de pitit gason;
12 epi sa k pi jèn nan yo a di papa l: Papa, ban m pòsyon nan byen yo ki sipoze pou mwen an. Alò, misye separe byen l yo ba yo.
13 E, pa t gen anpil jou apre sa ke pi jèn nan ranmase tout afè l, li vwayaje al nan yon peyi byen lwen; lè l rive la, li gaspiye sa l posede nan viv nan banbòch.
14 Epi, lè l fin depanse tout byen an, se konsa yon gwo grangou te tonbe sou peyi a; epi, misye te vin nan nesesite.
15 Li ale kote yon sitwayen nan peyi a, ki voye l nan jaden l al gade kochon.
16 Li ta byen renmen plen vant li ak po gous kochon yo t ap manje yo; men pèsonn pa t ba l anyen.
17 Lè l vin reprann tèt li, li di: Valè travayè kay papa m ki gen ase manje jouk pou yo ta separe, epi gade m ap mouri grangou isit la!
18 M ap leve, mwen pral jwenn papa m, m ap di l konsa: Papa, mwen peche kont syèl la, e devan ou menm.
19 Mwen pa merite pou yo rele m pitit gason w ankò; trete m tankou youn nan travayè w yo.
20 Kidonk, li leve, li tounen al jwenn papa l. Pandan li te yon bèl distans toujou, papa a wè li, kè l fè l mal pou li, li kouri, li pase men nan kou l, epi li bo l.
21 Alò, tigason an di Papa a: Papa, mwen peche kont syèl la e devan je w; m pa merite pou yo rele m pitit gason w ankò.
22 Men, papa a di sèvitè li yo: Pote pi bèl rad la vini, epi mete l sou li. Mete yon bag nan dwèt li, e met soulye nan pye l.
23 Apre sa, vin ak towo k ap angrese a, tiye l; epi, annou manje, annou fete!
24 Paske, pitit gason m sa a te mouri, men, li vivan ankò; li te pèdi, men, yo jwenn li! Epi, yo kòmanse fete.
25 Men, pi gran gason l lan te nan jaden; e, antan l t ap pwoche pi pre kay la, li tande mizik ak danse.
26 Alò, li rele youn nan sèvitè yo, epi li mande l kisa bagay sa yo te vle di.
27 Sèvitè a di li: Frè w la tounen, e papa w touye jèn towo bèf ki t ap angrese a, paske li jwenn misye sennesof.
28 Alèkile, gran frè a fè kòlè, li refize antre nan kay la. Lè sa a, papa l soti e li sipliye l antre.
29 Li reponn papa a li di l: Gade depi konbyen ane m ap sèvi w, e m pa janm dezobeyi lòd ou, pa menm yon fwa; epoutan, ou pa janm ban m yon ti kabrit pou m ta fete ak zanmi m yo.
30 Men, kou pitit gason w lan vini, li menm ki fin gaspiye tout byen w yo nan pwostitye, ou gentan touye jèn towo bèf ki t ap angrese a pou li!
31 Lè sa a, papa a di l: Pitit gason m, ou te toujou la ansanm avè m, e tout sa m genyen se pou ou.
32 Men, se nòmal pou nou ta fete e pou nou ta rejwi, paske, frè w la te mouri, epi li vivan ankò; li te pèdi, epi nou jwenn li.
« Lik 14 Lik Lik 16 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!