Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 16

« Lik 15 Lik Lik 17 »
1 Apre sa, Li di disip Li yo: Te gen yon nonm rich ki te genyen yon administratè; e, yo te akize administratè sa a kòmkwa li t ap gaspiye byen mèt li yo.
2 Alò, nonm rich la rele misye, li di l: Kijan m fè ap tande bagay sa a sou ou? Ban m yon rapò sou jan ke w t ap administre byen m yo, paske ou p ap ka administratè ankò.
3 Lè sa a, administratè a di tèt li: Kisa pou m ta fè la a? Paske mèt mwen wete djòb administratè a nan men m; m pa ka travay latè; epi, mwen wont pou m al nan mande.
4 Mwen konn kijan m ap rezoud pwoblèm lan lè yo wete djòb administratè a nan men m, pou kliyan yo ka kontinye resevwa m lakay yo.
5 Konsa, li rele chak moun ki te dwe mèt li yo. Li mande premye a: Konbyen w dwe mèt mwen?
6 Li di l: San kin luil. Li di l: Pran resi w, chita vit; epi, ekri senkant!
7 Apre sa, li di yon lòt: E ou menm, konbyen w dwe? Li di: San sak ble. Li di l: Pran resi w; epi ekri katreven.
8 Mèt la fè administratè malonèt la konpliman, paske li aji ak entelijans. Vremanvre, pitit monn sa a aji ak plis entelijans anegad lemonn parèy yo pase pitit limyè yo.
9 E, M ap di nou sa: Fè zanmi pa nou ak richès malonèt la, dekwa pou lè nou echwe, yo ka resevwa nou nan bitasyon etènèl yo.
10 Yon moun ki fidèl nan sa ki piti, l ap fidèl tou nan sa ki gwo; e yon moun ki pa serye nan sa ki piti, li p ap serye nan sa ki gwo, nonplis.
11 Konsa, si nou pa t fidèl ak richès malonèt, kiyès ki pral fè nou konfyans ak richès tout bon yo?
12 E si nou pa t fidèl ak bagay pa yon lòt moun, kiyès ki pral ban nou bagay pa nou?
13 Okenn sèvitè pa ka sèvi de mèt. Paske, swa l ap rayi youn, epi li renmen lòt la; swa l ap atache ak youn, epi li meprize lòt la. Nou pa kapab ap sèvi Bondye an menm tan n ap sèvi lajan.
14 E, Farizyen yo tou, ki te moun ki ava, yo te tande tout pawòl sa yo; epi yo te pran pase L nan rizib.
15 Lè sa a, Li di yo: Nou se moun k ap chèche jistifye tèt nou devan lèzòm; men Bondye konnen kè nou. Paske, bagay ki gen gwo valè nan mitan lèzòm, se abominasyon yo ye nan je Bondye.
16 Lalwa ak pwofèt yo te la jiskaske Jan vini; men, depi lè sa a, se wayòm Bondye a k ap preche, e tout moun ap fè efò pou antre ladan l.
17 E, li pi fasil pou ke syèl la ak tè a ta pase, ke pou menm yon tit nan Lalwa a ta pèdi.
18 Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, epi k al marye ak yon lòt moun, li komèt adiltè. E nenpòt moun ki marye ak yon fanm ki te divòse ak mari l, moun sa a komèt adiltè.
19 Vwala te gen yon nonm rich ki te konn abiye an mòv ak len fen; e, chak jou li t ap jwi yon lavi grannèg.
20 Men, te gen yon pòv yo te rele Laza, ki te kouche devan pòtay lakay nonm nan; kò l kouvri ak maleng;
21 e, li te gen anvi pou yo ta ba l manje miyèt ki sot tonbe sou tab nonm rich la; pi plis ankò, menm chyen te konn vin niche maleng li yo.
22 Epi, sa vin rive ke pòv la mouri, e zanj te pote misye mete l nan prezans Abraram. Ansuit, nonm rich la mouri tou, e yo antere li.
23 Antan l nan lanfè a, li leve je l anlè, li te nan touman, li gade l wè Abraram byen lwen ak Laza bò kote l.
24 Alèkile, li rele, li di: Papa Abraram, gen pitye pou mwen, e voye Laza pou l ka tranpe pwent dwèt li nan dlo, konsa l ta vin rafrechi lang mwen, paske m ap soufri nan flanm sa a.
25 Men, Abraram reponn li: Pitit gason m, sonje ou te resevwa tout bon bagay pa w yo deja lè w te vivan; e, konsa tou, Laza li menm se move bagay ke l te resevwa. Kounye a, l ap konsole isit la, men ou menm w ap toumante.
26 Lèfini, apa de tout bagay sa yo, gen yon gwo labim ant nou menm avè w; konsa, moun ki ta vle sot bò isit la al jwenn ou, p ap kapab; ni moun pa ka pase vin jwenn nou, si yo soti kote w ye a.
27 Lè sa a, nonm rich la di: Ebyen, nan ka sa a, papa, m ap mande w voye l lakay papa m,
28 paske mwen gen senk frè, dekwa pou l ka temwaye ba yo, pou sa pa rive ke yo menm tou ta vin nan plas touman sa a.
29 Abraram di l konsa: Yo gen Moyiz ak Pwofèt yo, se pou yo koute yo!
30 Lè sa a, li di: Non, papa Abraram; men, si yon moun ki soti pami mò yo al kote yo, y ap repanti.
31 Men, Abraram di l: Si yo pa koute Moyiz ak Pwofèt yo, nonplis tou, menmsi yon moun ta resisite pami mò yo, sa p ap konvenk yo.
« Lik 15 Lik Lik 17 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!