Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 17

« Lik 16 Lik Lik 18 »
1 Apre sa, Li di disip li yo konsa: Li enposib pou pa ta gen okazyon ki fè moun peche; men, malè pou moun ke se pa mwayen li menm yo rive a!
2 Li t ap pi bon pou li si yon wòch moulen ta mare nan kou l, epi yo lage l nan lanmè, pase pou l ta okazyon peche pou youn nan tipiti sa yo.
3 Fè atansyon ak tèt nou; si frè w peche kont ou, fè l obsèvasyon; si l repanti, padonnen l.
4 E, si li peche kont ou sèt fwa nan yon jounen, epi li vin kote w sèt fwa nan yon jounen, li di: Mwen repanti; ou va padonnen l.
5 Lè sa a, apot yo di Senyè a: Ogmante lafwa nou non!
6 Senyè a di: Si nou te gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ta mèt di pye sikomò sa a: Derasinen tèt ou; epi al plante tèt ou nan lanmè! Li t ap obeyi nou.
7 Kiyès nan nou la a ki gen yon sèvitè ki te nan plante, oswa nan bay twoupo manje, epi ki t ap di sèvitè sa a lè l sot nan jaden: Vin vit non, chita atab pou w manje?
8 Okontrè, èske l p ap di l pito: Al prepare yon bagay pou m soupe; epi mare ren w, e sèvi m jis mwen fin manje e m fin bwè; apre sa, ou va manje e ou va bwè?
9 Èske l ap gen rekonesans poutèt sèvitè a fè sa li te pase l lòd pou l fè yo? Mwen pa kwè sa.
10 Konsa tou, nou menm, lè nou fin fè tout sa yo te pase nou lòd fè yo, di tèt nou: Se sèvitè san valè nou ye; nou jis fè travay nou te gen pou n fè.
11 Epi, sa rive ke pandan Li t apral Jerizalèm, Li travèse ant Samari ak Galile.
12 Alèkile, pandan L t ap antre nan yon bouk, te gen dizòm ak lalèp ki kontre ak Li; yo te kanpe delwen;
13 epi yo leve vwa yo, yo di: Jezi, Mèt la, gen pitye pou nou!
14 E, lè Li wè yo, Li di yo konsa: Al montre sakrifikatè yo kò nou. Epi, sa rive ke pandan yo te sou wout la, yo geri.
15 Alò, gen youn nan yo, lè l wè li geri, li retounen; li t ap rele bay Bondye glwa byen fò.
16 Lèfini, li lage kò l fas atè nan pye Jezi pou l di l mèsi. Se yon Samariten misye te ye.
17 Lè sa a, Jezi reponn, Li di: Èske se pa t dis ki te geri? Men, kote nèf lòt yo?
18 Ou pa jwenn youn ki tounen vin bay Bondye glwa, eksepte etranje sa a.
19 Ansuit, Li di nonm lan: Leve, ou mèt ale; lafwa w sove w.
20 Epi, lè Farizyen yo te vin mande L ki lè wayòm Bondye a ap vini; Li reponn yo, Li di: Wayòm Bondye a p ap vini yon jan pou moun ka wè l.
21 Nonplis tou, moun p ap ka di: Men l isit la! oswa: Men l lòt bò a! Paske, gade! wayòm Bondye a anndan nou.
22 Apre sa, Li di disip Li yo: Jou yo ap vini kote nou va anvi wè youn nan jou Pitit Gason Lòm nan, men nou p ap wè l.
23 E yo va di nou: Gad isit la! Oubyen, Gad lòt bò a! Pa soti al gade, pa suiv yo nonplis.
24 Paske, tankou zèklè a, ki flache nan yon bò anba syèl la epi ki klere rive jis nan yon lòt bò anba syèl la, se konsa tou sa va ye pou Pitit Gason Lòm nan jou sa a.
25 Men, anvan sa, fòk Li soufri anpil, e fòk Li rejte pa jenerasyon sa a.
26 E, tankou jan sa te ye nan jou Noye yo, se konsa tou sa ap ye nan jou Pitit Gason Lòm nan.
27 Moun yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye ak madanm yo, yo t ap bay pitit fi yo pou maryaj, jis jou Noye rantre nan lach la, epi delij la vini, li detwi yo tout!
28 Se konsa tou sa te ye nan jou Lòt yo: moun yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.
29 Men, menm jou Lòt kite Sodòm nan, yon lapli dife ak souf sot nan syèl la tonbe sou yo, epi l detwi yo tout.
30 Se va menm jan an, jou Pitit Gason Lòm nan gen pou l parèt aklè a.
31 Nan jou sa a, moun ki va sou do kay epi ki gen afè l nan kay la, se pa pou l desann vin pran yo; e, moun ki nan jaden, menm jan an tou, se pa pou l tounen fè bak.
32 Sonje madan Lòt.
33 Nenpòt moun k ap chèche sove lavi l, li va pèdi l; men, nenpòt moun ki va pèdi lavi l, l ap prezève l.
34 Mwen di nou sa: Nan nuit sa a, de moun ap sou menm kabann, gen youn y ap pran, epi lòt la y ap kite.
35 De fi va moulen ansanm, gen youn y ap pran, epi lòt la y ap kite.
36 De moun va nan jaden, gen youn y ap pran, epi lòt la y ap kite.
37 Alò, yo reponn, yo di Li: Senyè, kibò sa a? Li di yo: Kote kò a ye a, se la tou èg yo va sanble ansanm.
« Lik 16 Lik Lik 18 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!