Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 18

« Lik 17 Lik Lik 19 »
1 Apre sa, Li rakonte yo yon parabòl pou Li montre ke moun dwe toujou lapriyè e se pa pou yo lage.
2 Li di: Te gen yon jij nan yon vil, misye pa t gen krentif pou Bondye, ni li pa t gen respè pou lèzòm.
3 E se konsa te gen yon vèv nan vil sa a ki te vin kote jij la pou l di l: Tire revanch pou mwen anfas advèsè m nan!
4 E, pandan yon bout tan, jij la pa t vle; men, apre sa, li di tèt li: Kwake mwen pa gen krentif pou Bondye, ni respè pou lèzòm,
5 men, poutèt vèv sa a ap nui m nan, m ap tire revanch pou li, dekwa pou nan kontinye vin la a, li pa fè tèt mwen cho.
6 Epi, Senyè a di: Tande kisa jij enjis la di wi!
7 Èske Bondye p ap tire revanch pou Chwazi Li yo k ap rele nan pye L lajounen kou lannuit, menm lè Li pran pasyans avèk yo?
8 M ap di nou ke se lamenm L ap tire revanch pou yo. Poutan, lè Pitit Gason Lòm nan vini, èske L va jwenn lafwa sou latè?
9 Ansuit, Li rakonte yon lòt parabòl pou kèk moun ki te met nan tèt yo ke yo jis, epi ki te meprize lòt moun:
10 De zòm monte nan tanp lan al lapriyè; youn se te yon Farizyen, e lòt la se te yon pèseptè.
11 Farizyen an kanpe, epi li lapriyè konsa nan kè l, li di: Bondye, mwen rann Ou gras dèske mwen pa tankou lòt moun yo ye a; vòlè, malonèt, nan adiltè, ni tankou pèseptè sa a.
12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn; epi, mwen bay ladim sou tout sa m posede.
13 Sepandan, pèseptè a ki te li menm kanpe a distans, pa t menm vle leve je l gade syèl la; okontrè, se frape li t ap frape lestomak li, pou l di: Bondye, gen mizerikòd pou mwen, ki se yon pechè.
14 Ban M di nou sa: Se nonm sa a ki desann lakay li jistifye olye de lòt la. Paske, nenpòt moun ki leve tèt li, yo va rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, yo va leve l.
15 Epi, moun yo te mennen tibebe ba Li pou L te ka touche yo; men lè disip Li yo wè sa, yo fè moun yo obsèvasyon.
16 Men, Jezi rele yo vin kote L, epi Li di: Se pou n pèmèt ke timoun yo vin jwenn Mwen, pa entèdi yo. Paske, se pou moun ki tankou yo wayòm Bondye a ye.
17 Anverite M ap di nou sa: Kèlkeswa moun ki pa ta resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun piti, li pa gen okenn mwayen pou li antre ladan l.
18 Alò, yon dirijan poze L yon kesyon, li di L: Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou m eritye lavi etènèl la?
19 Lè sa a, Jezi di l: Poukisa w rele m bon an? Pa gen pèsonn ki bon, eksepte yon sèl: Se Bondye.
20 Ou konnen kòmandman yo: Pa komèt adiltè, Pa asasinen moun, Pa vòlè, Pa bay fo temwayaj, Onore papa w ak manman w.
21 Alò, misye di: Tout sa yo m ap suiv depi nan jenès mwen.
22 Kounye a la a, lè Jezi tande sa l di yo, Li di l: Epoutan, gen yon bagay ou manke: Vann tout sa w posede, epi distribye l bay pòv, e ou va gen trezò nan syèl la; epi vini, suiv Mwen.
23 Alèkile, lè misye tande sa, se pa ti tris li te vin tris, paske li te rich anpil.
24 Konsa, Jezi wè jan ke l te vin plen ak tristès. Li di: Ala difisil sa va difisil pou moun ki rich yo antre nan wayòm Bondye a!
25 Paske, li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou yon moun ki rich antre nan wayòm Bondye a
26 Alò, moun ki te tande sa, mande: Kiyès menm ki ka sove?
27 Lè sa a, Li di: Bagay ki enposib pou lèzòm, posib pou Bondye.
28 Epi, Pyè di: Gade! Nou menm nou vire kite tout bagay, epi nou suiv Ou.
29 Li di yo: Anverite M ap di nou sa: Pa gen yon moun ki kite kay, oswa paran, oswa frè, oswa madanm, oswa pitit, poutèt wayòm Bondye a,
30 pou li pa ta jwenn plis lontan pase sa nan tan kounye a, e pou li pa ta resevwa lavi etènèl nan monn k ap vini an.
31 Apre sa, Li pran Douz yo avè L, epi Li di yo konsa: Gade! Nou pral monte Jerizalèm; e, tout bagay pwofèt yo te ekri konsènan Pitit Gason Lòm nan, yo pral akonpli.
32 Paske, yo va livre L bay Payen yo, yo va pase L nan rizib, yo va maltrete L, yo va krache sou Li,
33 yo va ba L kout fwèt, epi yo va tiye L. Men, sou twazyèm jou a, L ap resisite.
34 Men, yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo; sans pawòl sa yo te kache pou yo; nitou, yo pa t konnen sa ke L t ap di yo a.
35 Epi, sa te vin rive ke pandan Li t ap pwoche bò Jeriko, te gen yon sèten avèg ki te chita arebò wout la ap mande;
36 alò, lè misye tande foul la k ap pase a, li mande kisa sa te vle di.
37 Epi, yo di l ke se Jezi, moun Nazarèt la, k ap pase.
38 Alò, li rele a, li di: Jezi, Pitit Gason David la, gen mizerikòd pou mwen!
39 Epi, moun ki te padevan yo pran fè l obsèvasyon, kòmkwa pou li pe bouch li; men, li kontinye rele pi fò toujou: Pitit Gason David la, gen mizerikòd pou mwen!
40 Lè sa a menm, Jezi kanpe epi Li pase lòd pou yo mennen nonm nan ba Li; e, lè misye rive kote L, Li mande l:
41 Li di: Kisa w vle M fè pou ou? Misye reponn: Senyè, pou m resevwa kapasite pou m wè ankò.
42 Lè sa a, Jezi di li: Resevwa kapasite pou w wè ankò! Lafwa w sove w.
43 E lamenm, nonm nan resevwa kapasite pou l wè, epi li pran suiv Jezi, li t ap bay Bondye glwa. E tout pèp la, lè yo wè sa, yo pran louwe Bondye tou.
« Lik 17 Lik Lik 19 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!