Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 19

« Lik 18 Lik Lik 20 »
1 Apre sa, Jezi antre epi Li t ap travèse vil Jeriko.
2 Twouve, te gen yon nonm nan vil sa a yo te rele Zache, ki te chèf pami pèseptè yo, e misye te rich.
3 Sa vin rive ke li t ap chèche wè kiyès Jezi te ye, men li pa t kapab, akòz foul moun yo, paske li te yon nonm ti tay.
4 Alèkile, misye kouri pran devan yo, li monte yon pye sikomò pou l te ka wè Jezi, paske se nan wout sa a Jezi t apral pase.
5 Epi lè Jezi rive kote a, Li leve je L gade, epi Li di misye: Zache, prese desann, paske fòk Mwen ret lakay ou jodi a.
6 Alò, li fè rapid, li desann, epi li resevwa Jezi lakay li ak kèkontan.
7 Men, lè moun yo wè sa, yo tout pran plenyen, yo t ap di: Apa se lakay yon pechè Li desann!
8 Epi, Zache kanpe, li di Senyè a: Gade, Senyè! M ap bay pòv yo mwatye nan byen mwen yo; ansuit, kèlkeswa sa m te pran nan men yon moun sou baz fo akizasyon, m ap remèt li kat fwa lavalè.
9 Lè sa a, Jezi di: Jodi a, delivrans lan antre nan kay sa a, paske li menm tou se yon pitit gason Abraram li ye.
10 Paske, Pitit Gason Lòm nan vini pou L chèche e pou sove sila ki te pèdi yo.
11 Pandan moun yo t ap koute pawòl sa yo, Li kontinye pou L rakonte yon parabòl, paske Li te toupre Jerizalèm, epi moun yo te panse ke wayòm Bondye a t apral parèt tousuit.
12 Konsa donk, Li di: Yon nonm gran fanmi te vwayaje al nan yon peyi lwen pou li resevwa yon wayòm ki te pou li; lèfini, pou l retounen.
13 Alò, li rele dis sèvitè l yo, epi li ba yo dis pyès kòb ann ajan, epi li di yo: Travay pou jis mwen tounen.
14 Men, sitwayen peyi l yo te rayi l, e yo voye yon mesaj al jwenn li, yo di: Nou pa vle nonm sa a renye sou tèt nou!
15 Epi, sa rive ke lè li retounen, apre ke l te fin resevwa wayòm lan, li pase lòd pou rele sèvitè ke li te bay lajan yo vin jwenn li, pou l ka konnen ki benefis chak moun te fè nan komès yo a.
16 Alò, premye sèvitè a parèt, li di: Mèt, pyès kòb ou a, fè dis anplis.
17 Lè sa a, mèt la di li: Trè byen, ou se yon bon sèvitè! Puiske w montre w fidèl nan yon bagay ki toupiti, m ap ba w otorite sou dis vil.
18 Epi, dezyèm nan vini, li di: Mèt, pyès kòb ou a fè senk anplis.
19 Li di l menm bagay la tou: Ou menm, m ap ba w responsab senk vil.
20 Men, gen yon lòt ki vini, ki di: Mèt, men pyès kòb ou a, mwen te sere l nan yon mouchwa.
21 Paske, mwen te pè w, poutèt ou se yon moun ki sevè; ou leve pran sa w pa t depoze, e ou rekòlte sa w pa t plante.
22 Alò, mèt la di l: Se ak pwòp bouch ou ke m ap jije w, sèvitè mechan! Ou te konnen m se yon moun ki sevè, ki pran sa m pa t depoze, e ki rekòlte sa m pa t plante,
23 alò, sa k fè w pa t met lajan m nan labank, dekwa pou lè m tounen, mwen t al reklame afè m ak enterè?
24 Alèkile, li di moun ki te kanpe la yo: Pran pyès kòb la nan men misye, epi bay li ba sila ki te gen dis pyès kòb la.
25 (Men, yo di li: Mèt, li deja gen dis pyès!)
26 M ap di nou sa: A chak moun ki genyen, yo va bay; men, moun ki pa genyen, ata sa l genyen an yo va pran nan men l.
27 Epitou, lènmi m sa yo ki pa t vle mwen renye sou tèt yo a, mennen yo vin isit, epi tiye yo devan mwen la a.
28 E, lè Jezi fin pale konsa, Li pran devan, Li monte Jerizalèm.
29 Epi, sa rive ke lè L t ap pwoche Betfaje ak Betani, nan mòn yo rele Mòn Oliv la, li voye de nan disip Li yo,
30 Li di yo: Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou antre ladan l, n ap jwenn yon jenn bourik mare, ke pèsonn poko janm monte; lage l epi mennen vini.
31 E si nenpòt moun ta mande nou: Poukisa n ap demare l la? Alò, nou va di li: Paske Senyè a bezwen l.
32 Kidonk, sila ke Li te voye yo, al fè wout yo; epi, yo jwenn bagay yo jan Li te di yo a.
33 Epi, etan yo t ap demare ti bourik la, mèt li yo mande yo: Poukisa n ap demare ti bourik la?
34 Yo reponn: Senyè a gen bezwen pou li.
35 Epi yo mennen ti bourik la bay Jezi; yo met rad pa yo sou do ti bourik la; ansuit, yo fè Jezi monte sou li.
36 E tout pandan Jezi t aprale a, moun t ap ouvè rad yo atè sou wout la.
37 Epi, kou Li rive toupre pant ki desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo kòmanse rejwi, yo louwe Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè yo;
38 yo t ap di: Wa a ki vini nan non Senyè a, Li beni! Lapè nan syèl la, e glwa nan kote ki pi wo yo!
39 Men, gen kèk Farizyen ki te nan foul la ki di Li: Mèt, fè disip ou yo obsèvasyon non!
40 Men, Li reponn yo: M ap di nou sa: Si yo menm, yo ta fè silans, se wòch yo lamenm ki t ap pran rele byen fò!
41 Epi, lè Li t ap pwoche, Li wè vil la, e Li kriye pou li;
42 Li di: Si omwen nan jou sa a ki jou pa w la, ou menm menm, ou te konnen bagay yo ki la pou lapè w! Men kounye a, yo kache devan je w.
43 Paske, gen jou k ap rive sou ou, kote lènmi w yo va fouye yon twou toutotou w, yo va ansèkle w, yo va sènen w tout kote,
44 yo va plati w ra tè, ak tout pitit ou yo anndan w; e yo p ap kite yon wòch nan ou ki pou ta rete sou yon lòt wòch; poutèt ou pa t rekonèt lè ke w te gen vizit la.
45 Apre sa, Li antre nan tanp lan, epi Li kòmanse met moun ki t ap vann ak sa ki t ap achte yo deyò
46 Li di yo: Men sa ki ekri: Kay Mwen an ap yon kay pou moun lapriyè, men nou menm, nou fè l vin tounen yon gwòt vòlè.
47 Ansuit, Li kontinye anseye chak jou nan tanp lan. Men, sakrifikatè an chèf yo ak pwofesè lalwa yo ansanm ak dirijan pèp la, t ap chèche tiye Li.
48 Men, yo pa t jwenn okenn mwayen pou yo fè sa, paske se avèk anpil atansyon tout pèp la t ap koute L.
« Lik 18 Lik Lik 20 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!