Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 20

« Lik 19 Lik Lik 21 »
1 Sa te rive ke youn nan jou sa yo, pandan ke Li t ap anseye pèp la nan tanp lan e ke L t ap preche levanjil la, sakrifikatè an chèf yo, ak pwofesè lalwa yo, pwoche kote L, ansanm ak tout ansyen yo,
2 epi yo pale e yo di Li: Di nou ki kote W jwenn otorite pou W fè bagay sa yo? Oubyen, kiyès ki ba W otorite sa a?
3 Alò, Li reponn yo, Li di: Mwen menm tou, M ap mande nou yon bagay; e, se pou n reponn Mwen:
4 Batèm Jan an, èske se nan syèl li te soti oswa nan lèzòm?
5 Alèkile, yo fè rezònman sa antre yo: Si nou ta di: li te sot nan syèl, L ap mande: Alò, poukisa nou pa t kwè nan li?
6 Men si nou ta di: Nan men lèzòm, tout pèp la pral tiye nou ak kout wòch, paske yo te asire ke Jan, se yon pwofèt li te ye.
7 Donk, yo reponn ke yo pa t konnen kote batèm lan te soti.
8 Kifè, Jezi di yo: Mwen menm nonplis, Mwen p ap di nou ki kote M jwenn otorite pou M fè bagay sa yo.
9 Epi, Li kòmanse rakonte moun yo parabòl sa a: Twouve te gen yon nonm ki te plante yon jaden rezen; li afème l ak kèk kiltivatè, apre sa, li pati fè lontan nan peyi etranje.
10 Men, lè sezon rekòt la rive, li voye yon sèvitè kote kiltivatè yo, pou yo te ba li nan fwi jaden rezen an. Men, kiltivatè yo bat li; lèfini, yo voye l ale de men vid.
11 Alò, li voye yon lòt sèvitè ankò; epi, yo bat li tou, yo dezonore l, ansuit, yo voye l ale de men vid.
12 Lè sa a, li voye yon twazyèm sèvitè ankò; e, li menm tou, yo blese l, yo mete l deyò.
13 Alèkile, mèt jaden rezen an di: Kisa pou m ta fè menm? M ap voye pitit gason byenneme m nan. Petèt yo va respekte l lè yo wè li.
14 Epoutan, lè kiltivatè yo wè li, yo fè refleksyon sa a antre yo; yo di: Men eritye a wi! Annou tiye l, konsa eritaj la ap vin pou nou.
15 Alò, yo mete l deyò nan jaden an, epi yo tiye l. Atò, ki sa mèt jaden rezen an va fè yo?
16 L ap vini, l ap tiye kiltivatè sa yo, epi l ap kite jaden rezen an nan men lòt kiltivatè. Lè moun yo tande sa, yo di: Mande Bondye padon, non!
17 Men, Jezi gade yo epi Li di yo: Ebyen, kisa pawòl ki te ekri a vle di: Wòch bòs mason yo jete a, se li menm ki vin tounen wòch poto mitan an?
18 Nenpòt moun ki va tonbe sou wòch sa a ap kase; men, nenpòt moun wòch sa a va tonbe sou li, wòch la ap kraze l tounen poud.
19 Alò, sakrifikatè an chèf yo ak pwofesè lalwa yo te vle met men sou Jezi menm moman sa a, paske yo te vin konprann ke se kont yo Li te bay parabòl sa a; men, yo te pè pèp la.
20 Alò, yo tanmen siveye Li, yo voye espyon ki pou pran pòz se senp moun yo ye, dekwa pou yo te ka pran L nan pyèj ak pawòl nan bouch Li; e se konsa pou yo tou livre Li anba pouvwa ak otorite gouvènè a.
21 Alò, yo mande L: Mèt, nou konnen ke W pale e ke W anseye sa ki kòrèk; epitou, Ou pa pè figi pèsonn, men ou anseye chemen Bondye a dapre laverite.
22 Èske sa legal pou nou peye Seza taks, wi ou non?
23 Men, Jezi santi riz yo t ap fè a, epi Li di yo konsa: Poukisa n ap tante Mwen an?
24 Montre M yon pyès lajan! Pòtre sa a ak pawòl sa yo ki ekri yo, pou kiyès yo ye? Yo reponn, yo di: Seza.
25 Alèkile, Li di yo: Donk, bay Seza sa ki pou Seza; e, bay Bondye sa k pou Bondye.
26 Konsa, yo pa t ka pran L nan pyèj ak pawòl Li devan pèp la; epitou, tèlman yo te ret sezi devan repons Li a, yo te fè silans.
27 Men, te gen kèk Sadiseyen ki vin kote L, sila yo ki di pa gen rezireksyon an, yo mande L;
28 Yo di: Mèt, Moyiz te ekri sa pou nou: Si nenpòt frè yon nonm ta mouri, epi frè a te gen madanm, men frè a mouri san l pa t fè pitit, nonm lan dwe pran madanm nan pou l ka leve yon desandans pou frè l la.
29 Se konsa, te gen sèt frè; epi, premye a marye, men misye mouri san l pa kite pitit.
30 Lè sa a, dezyèm nan pran li pou madanm, epi l mouri san fè pitit.
31 Apre sa, twazyèm nan vin pran madanm nan; e se menm bagay la pou toule sèt. Yo mouri san yo pa kite yon pitit dèyè.
32 Finalman, madanm nan mouri tou.
33 Alò, lè rezireksyon an, madanm kiyès nan yo l ap ye? Paske, toule sèt te genyen l kòm madanm.
34 Jezi reponn, Li di yo: Pitit monn kounye a marye e yo bay pitit fi pa yo pou maryaj;
35 men, sila ke yo va konsidere ki diy pou yo resevwa monn k ap vini an, ak rezireksyon pami mò yo, yo menm yo p ap ni marye, ni bay pou maryaj.
36 Nonplis tou, yo p ap ka mouri ankò, paske y ap vin tankou zanj yo; e se pitit Bondye yo ye, paske yo se pitit rezireksyon an.
37 Kounye a menm, sou zafè mò resisite a, menm Moyiz demontre sa nan touf bwa a, lè li te rele Senyè a, Bondye Abraram lan, e Bondye Izarak la, e Bondye Jakòb la.
38 Li pa Bondye moun mouri, men Li se Bondye moun vivan; paske pou Li menm, yo tout vivan.
39 Lè sa a, kèk pwofesè lalwa ki reponn Li, yo di: Mèt, ou byen di!
40 E, apre sa, yo pa t oze poze L okenn kesyon ditou.
41 Alèkile, Li di yo konsa: Kòman yo fè di Kris la se pitit gason David Li ye?
42 Alòske, David li menm di nan liv Sòm nan: Senyè a di Senyè mwen an: Chita sou men dwat Mwen,
43 jiskaske M fè lènmi W yo tounen machpye W.
44 Donk, David rele L Senyè; alò, kijan L fè pitit gason David la?
45 Epi, pandan tout pèp la t ap koute, Li di disip Li yo:
46 Fè atansyon ak pwofesè lalwa yo, ki vle pou y ap mache ak wòb long sou yo, ki renmen pou moun ap salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas donè nan festen,
47 e, k ap piye kay vèv yo, epi k ap lapriyè byen long pou fè wè; yo menm, yo va resevwa pi gwo kondanasyon.
« Lik 19 Lik Lik 21 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!