Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 21

« Lik 20 Lik Lik 22 »
1 Ansuit, Li leve je L gade, e Li wè moun rich yo ki t ap depoze ofrann nan kès trezò a;
2 epi, Li wè yon vèv tou, yon malerèz, ki t ap mete de ti pyès monnen nan kès la.
3 Li di: Se yon verite M ap di nou, ke vèv malerèz sa a mete plis pase yo tout.
4 Paske, tout moun sa yo, se nan sa yo gen diplis ke yo met nan ofrann pou Bondye a; men li menm ki nan zafè pa bon, li mete tout sa l te gen pou l viv.
5 Epi, kòm kèk moun t ap pale de tanp lan, jan li byen dekore avèk bèl wòch e ak kado moun te bay, Li di:
6 Kanta bagay sa yo n ap gade la a, jou yo ap vini kote p ap gen yon wòch ki va ret sou yon lòt wòch san ke l pa vide atè.
7 Alò, yo kesyone Li, yo di: Mèt, men ki lè bagay sa yo va gen pou yo fèt? Epi, ki siy k ap genyen lè bagay sa yo va rive?
8 Lè sa a, Li di: Veye pou ke yo pa twonpe nou; paske anpil moun va vin nan non Mwen, y ap di: Se mwen ki Kris la wi, e tan an rive! Alò, se pa pou nou suiv yo.
9 Men, lè nou va tande bwi lagè ak soulèvman, se pa pou laperèz anvayi nou; paske, fòk bagay sa yo rive anvan, men lafen an p ap vini menm lè sa a.
10 Epi, Li di yo: Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.
11 E, gwo tranblemanntè va fèt nan plizyè kote, ak famin, ak epidemi, ak yon seri espektak k ap fè moun pè, e va gen de gwo kalite siy nan syèl la.
12 Men, anvan tout bagay sa yo, yo va met men sou nou, e pèsekite nou, livre nou nan sinagòg ak nan prizon; yo va mennen nou devan wa ak gouvènè poutèt non Mwen.
13 Sa va vin yon okazyon pou nou bay temwayaj.
14 Alò, kenbe sa nan kè nou, pou nou pa reflechi davans sou sa nou pral reponn.
15 Paske, M ap ban nou yon bouch ak yon sajès ke tout advèsè nou yo met ansanm, p ap ka ni kontredi ni reziste.
16 Konsa tou, nou va gen pou nou trayi alafwa pa paran nou ak frè nou, fanmi ak zanmi nou; e y ap lakòz yo tiye kèk nan nou.
17 E nou se moun ke tou lèzòm ap rayi nou poutèt non Mwen.
18 Epoutan, p ap gen yon branch cheve nan tèt nou k ap pèdi.
19 Konsa, nan pèseverans nou, nou va jwenn sovtaj nanm nou.
20 E, lè nou va wè Jerizalèm ansèkle ak lame, lè sa a, konnen lè pou yo devaste li a pre rive.
21 Lè sa a, se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn yo; se pou moun ki anndan Jerizalèm yo soti kite l, e se pa pou moun ki andeyò Jerizalèm yo antre ladan l.
22 Paske, se jou vanjans yo jou sa yo ap ye, dekwa pou tout bagay ki ekri yo va akonpli.
23 Men, malè pou fanm ansent ak sila yo ki nouris nan jou sa yo; paske, pral gen gwo detrès nan peyi a, e anpil kòlè sou pèp sa a.
24 E, y ap tonbe anba kout epe, epi se kou prizonye ke y ap voye yo ale nan tout nasyon. Alèkile, Jerizalèm ava pilonnen anba pye Payen yo, jiskaske tan ki fikse pou Payen yo va akonpli.
25 Alò, va gen siy nan solèy la, ak lalin nan, ak nan zetwal yo; e, se va detrès pou nasyon sou latè yo, ak kèsote; lanmè a ak vag lanmè yo pral dechennen.
26 Kriz kadyak ap fin tiye lèzòm akòz laperèz, e poutèt bagay ke yo atann ki gen pou rive sou latè; paske, puisans yo nan syèl la pral souke.
27 E lè sa a, yo va wè Pitit Gason Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk puisans e avèk anpil glwa.
28 Donk, lè bagay sa yo kòmanse rive, gade anlè, leve tèt nou, paske redanpsyon nou pre rive.
29 Epi Li di yo yon parabòl: Gade pye figfrans lan ak tout lòt pyebwa yo;
30 kou y ap boujonnen, kounye a nou gade e nou rekonèt poukont nou ke sezon lete a pre rive.
31 Alò, menm jan an tou, lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen wayòm Bondye a tou pre.
32 Anverite M ap di nou sa: Jenerasyon sa a p ap disparèt pou jis tout bagay akonpli.
33 Syèl la ak tè a va disparèt, men pawòl Mwen yo p ap disparèt.
34 Men, veye tèt nou dekwa pou kè nou pa vin sichaje ak banbòch, bwè tafya poutèt pwoblèm nan lavi sa a; epi pou jou sa a pa rive denkou sou nou sanzatann.
35 Paske, tankou yon pèlen l ap vini sou tout moun ki abite sou latè a.
36 Kidonk, se pou nou ret ap veye, e pou nou toujou ap lapriyè dekwa pou yo ka konte nou pami sila ki gen merit pou yo chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive a; e pou n kanpe devan Pitit Gason Lòm nan.
37 E apre sa, lajounen, Li te anseye nan tanp lan; epi lannuit, Li te soti, L al rete sou mòn ke yo rele Mòn Oliv la.
38 E tout pèp la te vin jwenn Li nan tanp lan byen bonè pou yo tande Li.
« Lik 20 Lik Lik 22 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!