Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 22

« Lik 21 Lik Lik 23 »
1 Alèkile, fèt Pen San Ledven an, fèt Pak la, te pre rive;
2 e, sakrifikatè an chèf yo ak pwofesè lalwa yo t ap chèche yon okazyon pou yo tiye L; paske, yo te pè pèp la.
3 Lè sa a, Satan antre nan Jida, ki pote non Iskaryòt la, youn nan douz yo.
4 Se konsa ke misye al pran kontak ak sakrifikatè an chèf yo ansanm ak kaptenn gad yo sou fason ke li te ka livre Jezi ba yo.
5 Alò, yo te kontan, epi yo antann yo pou ke yo ba l lajan.
6 Misye dakò, epi li kòmanse chèche yon okazyon pou l livre Jezi ba yo ann absans foul la.
7 Kounye a la a, jou fèt Pen San Ledven an te rive, jou ke yo dwe tiye bèt sakrifis Pak la.
8 Lè sa a, Jezi voye Pyè ak Jan, Li di yo: Al pare manje Pak la pou nou pou n manje.
9 Yo di L konsa: Ki kote W vle nou pare l la?
10 Li di yo: Gade, lè nou antre nan vil la, va gen yon nonm k ap rankontre ak nou, l ap pote yon krich dlo; suiv li al nan kay kote l antre a.
11 Epi, nou va di mèt kay la: Mèt la di w konsa: Kibò pyès kote M dwe manje Pak la avèk disip Mwen yo ye?
12 Alò, li va montre nou yon gwo pyès aletaj ki tou meble. Se la pou n pare l.
13 Vremanvre, yo ale e yo jwenn bagay yo jan Li te di yo a; epi, yo pare manje Pak la.
14 Epi, kou lè a te vin rive, Li chita atab, douz apot yo te avè L;
15 Epi, Li di yo konsa: Se pa ti anvi Mwen te anvi manje manje Pak sa a ansanm avèk nou anvan M soufri.
16 Paske, M ap di nou sa: Mwen p ap manje l ankò pou jis li akonpli nan wayòm Bondye a.
17 Apre sa, Li pran koup la, epi Li rann gras, e Li di: Pran sa a, separe l ant nou;
18 paske, M ap di nou sa: Mwen p ap bwè nan fwi pye rezen an jiskaske wayòm Bondye a va vini.
19 Ansuit, Li pran pen, Li rann gras, e Li kase l, epi Li ba yo l, e Li di: Sa a se kò M, ke Mwen bay pou nou. Nou va fè sa anmemwa Mwen.
20 Se menm bagay la Li te fè ak koup la tou, apre yo te fin manje, Li di: Koup sa a se nouvèl alyans lan ki fèt nan san M ki koule pou nou.
21 Men gade! Moun k ap trayi M nan , li gen men l sou tab la ansanm avèk Mwen la a.
22 E se vre, Pitit Gason Lòm nan prale tankou sa te predi a; men, malè pou moun sa a ki trayi L la!
23 Alèkile, yo kòmanse ap poze kesyon ant yo pou yo konnen kiyès nan yo ki t apral fè bagay sa a.
24 Epitou, te vin gen gwo diskisyon ki leve nan mitan yo pou konsidere kiyès nan yo ki te gen plis grandè.
25 Men, Li di yo konsa: Wa Payen yo egzèse otorite gwo ponyèt sou tèt yo, e moun k ap egzèse otorite sa a sou pèp yo, yo rele yo byenfetè.
26 Men, se pa konsa sa va ye pou nou menm! Okontrè, moun ki pi gen plis grandè pami nou an, se pou l vin tankou moun ki gen mwens grandè a; e moun ki chèf la, se pou l vin tankou sila k ap sèvi a.
27 Paske, kiyès vre ki gen plis grandè, moun ki chita atab la, oswa moun k ap sèvi a? Èske se pa moun ki chita atab la? Epoutan, nan pami nou, se tankou moun k ap sèvi a Mwen ye.
28 Men, se nou menm ki te kontinye ret la avè M nan zeprèv Mwen yo;
29 e, Mwen nonmen yon wayòm ban nou, tankou Papa M te nonmen ban Mwen an;
30 dekwa pou nou ka manje ak bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an; e nou va chita sou twòn pou jije douz tribi Izrayèl yo.
31 Epi, Senyè a di: Simon, Simon, gade non! Satan vle pran nou, pou l vannen nou tankou ble y ap vannen.
32 Men, Mwen te lapriyè pou ou, dekwa pou lafwa w pa fayi. Alò ou menm, lè w vin konvèti, fòtifye frè w yo.
33 Lè sa a, Pyè di Li: Senyè, mwen pare pou m ale avè W keseswa nan prizon oubyen nan lanmò!
34 Men, Jezi di: M ap di w sa, Pyè: Kòk la p ap gentan chante jou sa a, anvan ke an twa fwa, ou va nye ke w konnen M.
35 Ansuit, Li di yo konsa: Lè Mwen te voye nou ale san bous, san valiz, san sandal la, èske nou te janm manke anyen? E, yo di: Anyen non!
36 Alò, Li di yo: Men, kounye a, moun ki gen yon bous, se pou li pran l, e menm bagay la pou valiz li tou. E, moun ki pa gen epe, se pou l vann rad li pou l achte youn.
37 Paske, M ap di nou ke sa ki ekri a dwe akonpli nan Mwen: Yo te konte l pami òlalwa yo. Paske, bagay ki ekri sou Mwen yo gen yon fen.
38 Lè sa a, yo di: Senyè, gade! Men gen de epe la a! Li di yo: Sa kont!
39 Apre sa, Li soti, L ale sou Mòn Oliv jan L te abitye fè a, e disip Li yo suiv Li tou.
40 Epi, lè L vin rive kote a, Li di yo konsa: Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon.
41 Ansuit, Li deplase al pi lwen yo, nan distans ou ka voye yon wòch konsa, epi Li met ajenou, li kòmanse lapriyè.
42 Li di: Papa, si se ta volonte W, wete koup sa a devan Mwen; sepandan, se pa volonte pa M, men se volonte pa W ki pou fèt.
43 Epi, yon zanj ki sot nan syèl la parèt devan L pou fòtifye L.
44 E, Jezi te nan yon sèl lagoni, Li pèsiste plis nan lapriyè toujou; e, syè Li te vin tankou gwo gout san k ap tonbe atè a.
45 E lè Li leve sot lapriyè a, L ale bò kote disip Li yo e Li jwenn yo t ap dòmi, tank yo te nan tristès.
46 Li di yo: Poukisa se dòmi n ap dòmi? Leve pou n lapriyè pou nou pa tonbe nan tantasyon.
47 Li potko fin pale, epi gen yon foul moun ki parèt, e sila ki rele Jida a, youn nan douz yo, te alatèt yo; misye pwoche kote Jezi, li bo L.
48 Men, Jezi di l konsa: Jida, èske se avèk yon bo ou trayi Pitit Gason Lòm nan?
49 Lè moun ki te ansanm ak Jezi yo wè sa k t apral rive a, yo di: Senyè, èske nou mèt frape ak kout epe?
50 E, youn nan yo frape sèvitè sakrifikatè prensipal la, li koupe zòrèy dwat li.
51 Alò, Jezi pran lapawòl, Li di: Kite sa la! Epi, Li manyen zòrèy la, e Li geri misye.
52 Apre sa, Jezi di sakrifikatè an chèf yo, ak kaptenn gad tanp yo, e ansyen yo ki te vin dèyè L yo: Apa nou pran lari ak epe e ak baton kòmsi se kont yon vòlè n ap vini?
53 Lè M te nan tanp lan avèk nou chak jou, nou pa t lonje men n kont Mwen; men, se lè pa nou an sa; e, se lè pouvwa tenèb la.
54 Alèkile, yo arete L, yo ale avè L, e yo mennen L kay sakrifikatè prensipal la. E, Pyè te suiv yo de lwen.
55 Epi, lè moun yo te limen yon dife nan mitan lakou a, e yo te chita ansanm, Pyè te vin chita nan mitan yo.
56 Men, gen yon sèvant ki t ap gade Pyè antan l chita bò dife a, li te fikse je l sou li, epi li di: Mesye sa a te avè L tou wi!
57 Men, Pyè nye Jezi, li di: Madanm, mwen pa konnen Li!
58 Apre yon ti moman, gen yon lòt moun ki wè l e ki di: Ou menm tou ou se youn nan yo. Men, Pyè di: Mesye, mwen pa youn nan yo.
59 Anviwon inèdtan apre sa, yon lòt moun te pèsiste ak asirans pou l di: Se vre ke mesye sa a te avèk Li tou; paske se moun Galile li ye!
60 Alò, Pyè di: Mesye, mwen pa konn sa w ap di a! E lamenm, anvan l te fin pale, kòk la chante.
61 Epi, Senyè a vire, Li gade Pyè. Lè sa a, Pyè sonje pawòl Senyè a, kijan ke Li te di l konsa: Anvan kòk la chante, w ap nye m twa fwa.
62 Lè sa a, Pyè sot deyò, li kriye ak gwo kèsere.
63 Kounye a, mesye ki t ap veye Jezi yo pran pase L nan rizib, yo frape L.
64 Epi, apre yo fin bouche je L, yo ba L kou nan figi L, epi yo mande L, yo di: Pwofetize non; kiyès ki frape W la?
65 Epi, te gen anpil lòt pawòl ke yo te di kont Li pou denigre L.
66 Epi, kou l te fè jou, ansyen yo pami pèp la, sakrifikatè an chèf yo ak pwofesè lalwa yo reyini, e yo mennen Jezi devan Konsèy yo a, yo di:
67 Èske se Ou menm ki Kris la? Di nou non! Men, Li di yo: Si M di nou, nou p ap kwè.
68 Konsa tou, si M poze nou kesyon, nou p ap reponn, ni kite M ale.
69 Apre kounye a, Pitit Gason Lòm nan va chita sou men dwat pouvwa Bondye a.
70 Alò, yo tout di konsa: Kidonk, Ou se Pitit Gason Bondye a? Epi, Li di yo: Nou di ke se sa Mwen ye.
71 Lè sa a, yo di: Poukisa nou bezwen plis temwayaj pase sa? Paske, nou menm, nou tande l nan pwòp bouch Li.
« Lik 21 Lik Lik 23 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!