Liv Lik
Chapit 23
1
Alèkile, yo tout nèt leve denkou, yo mennen L bay Pilat.
2
Epi, yo pran akize L, yo di: Nou bare nonm sa a k ap boulvèse nasyon an, e k ap defann moun peye enpo bay Seza, epi k ap mache di ke se Kris Li ye, Wa a.
3
Lè sa a, Pilat mande Jezi: Èske W se Wa Juif yo? Li reponn li, Li di: Ou di l!
4
Apre sa, Pilat di sakrifikatè an chèf yo ak foul la: Mwen pa jwenn anyen mal nan Nonm sa a non!
5
Men, yo ensiste pi plis, yo di: Li t ap monte tèt pèp la ak yon kalite ansèyman nan tout rejyon Jwif la, kòmanse Galile pou rive isit la.
6
Lè Pilat tande yo di Galile, li mande si se moun Galile Nonm nan te ye;
7
e yonfwa misye fin asire l ke se nan zòn ki sou otorite Ewòd la Li te soti, misye voye Li bay Ewòd ki te twouve Jerizalèm tou nan moman sa a.
8
Alò, lè Ewòd wè Jezi, se pa ti kontan l te kontan, paske sa fè lontan ke li te anvi rankontre L paske l te tande anpil sou Li; epitou, li te espere wè Jezi fè kèk mirak.
9
Konsa donk, li pran poze Jezi yon bann kesyon. Men, Jezi pa reponn li anyen menm.
10
E, sakrifikatè an chèf yo ak pwofesè lalwa yo te ret kanpe la, yo t ap akize L avèk tout fòs yo.
11
Lè sa a, Ewòd ak sòlda li yo trete L ak mepri, yo pase L nan rizib, epi yo mete yon bèl rad sou Li; lèfini, li voye L bay Pilat ankò.
12
E, se jou sa a menm ke Ewòd ak Pilat te vin zanmi youn ak lòt; paske, anvan sa, se de lènmi yo te ye.
13
Epi, apre Pilat te fin reyini sakrifikatè an chèf yo, dirijan yo ak pèp la,
14
li di yo konsa: Nou mennen Nonm sa a ban mwen kòmkwa Li t ap soulve pèp la; gade ke mwen egzamine L devan nou la a, men mwen pa jwenn ankenn tò nan Nonm nan osijè sa nou akize L yo.
15
Non! E, menm Ewòd nonplis; paske m te voye nou kote l, epi twouve ke se pa anyen ki merite lanmò ke Nonm nan fè.
16
Kidonk, m ap kale L epi m ap lage L.
17
(Se difèt ke Pilat te blije lage yon prizonye pou yo jou fèt la.)
18
Men, yo tout pran rele ansanm, yo di: Disparèt nonm sa a! Epi, lage Barabas pou nou!
19
(Barabas te nan prizon poutèt yon soulèvman ki te fèt nan vil la, ak pou yon asasinay.)
20
Alò Pilat, ki te vle lage Jezi, pale avèk yo yon lòt fwa;
21
Lè sa a, yo pran rele, yo di: Krisifye Li, krisifye Li!
22
Alèkile, Pilat pale avèk yo yon twazyèm fwa, li di yo: Poukisa? Ki mal Li fè? Mwen pa jwenn Li fè anyen ki merite lanmò. Konsa, m ap kale L, epi m ap lage L.
23
Yo annik tande sa, yo pran rele pi fò toujou, yo te mande pou krisifye L. Se konsa ke rèl foul la ak sakrifikatè an chèf yo te genyen batay la.
24
Donk, Pilat bay santans pou ke sa fèt jan yo mande l la.
25
Li lage nonm ki te nan prizon pou soulèvman ak asasinay la, sila yo t ap mande lage a; men, li livre Jezi jan yo te vle l la.
26
Alèkike, pandan yo t ap mennen L ale a, yo met men sou yon nonm ki rele Simon, moun Sirèn, ki t ap sot andeyò; e se sou misye yo met kwa a pou li te ka pote l dèyè Jezi.
27
Epi, te gen yon kantite moun ki t ap suiv Li, ak kèk medam tou ki t ap plenyen doulè e ki te nan dezolasyon pou Li.
28
Men, antan Jezi vire gad medam yo, Li di: Pitit fi Jerizalèm yo, pa kriye pou Mwen; men pito, kriye pou nou menm ak pou pitit nou yo;
29
Paske, gade! Gen jou k ap rive kote moun pral di: Fi yo ki pa t ka fè pitit, vant yo ki pa t pote timoun, ak tete yo ki pa t janm bay tibebe tete: Yo beni!
30
Alò, yo va kòmanse pou y ap di gwo montay yo: Tonbe sou nou! E pou y ap di bit mòn yo: Kouvri nou!
31
Paske, si yo fè bagay sa yo nan yon pyebwa vèt, kisa menm yo va fè nan sa ki sèch la?
32
E, te gen de lòt moun tou, de malfektè, ke yo te mennen ansanm avè L pou y al tiye.
33
Lè yo rive kote yo rele Kalvè a, se la yo krisifye Li ak malfektè yo; youn sou men dwat Li e lòt la sou goch la.
34
Alò, Jezi di: Papa, padonnen yo, paske yo pa konn sa y ap fè a. Apre sa, yo separe rad Li, yo fè tiraj osò.
35
E, moun yo te ret kanpe ap gade. E, chèf yo te la tou ansanm ak yo, yo t ap pase Li nan rizib, yo t ap di: Li sove lòt moun, se pou L sove tèt Li, si Li se Kris la, Sila a Bondye chwazi a!
36
E, sòlda yo tou t ap moke Li, yo t ap pwoche pre L pou ofri L vinèg;
37
yo di L: Si W se wa Juif yo, se pou W sove tèt Ou.
38
Epi, te gen yon pankat pa anlè tèt Li ki te ekri nan lang grèk, laten ak ebre: Men Wa Juif yo.
39
Lè sa a atò, youn nan malfektè ki te krisifye yo kòmanse manke L dega, li di L: Si se Kris la Ou ye, alò, sove tèt Ou ak nou menm tou.
40
Lòt la reponn, li fè l obsèvasyon, li di l: Èske w pa gen krentif pou Bondye, vike w anba menm kondanasyon an?
41
Nan ka pa nou se jistis, paske nou resevwa rekonpans zak nou yo merite vre; men Nonm sa a pa fè anyen ki mal.
42
Apre sa, li di Jezi, Senyè, sonje m wi lè W vini nan wayòm Ou a.
43
Epi Jezi di l konsa: Anverite M ap di w sa, jodi a w ap avèk Mwen nan Paradi.
44
Se te vè sizyèm è a konsa; men, te gen yon fènwa ki te kouvri tout latè jis rive nan nevyèm è a.
45
E, solèy la te nwasi; epi, rido tanp lan te fann nan mitan.
46
Lè sa a, Jezi rele ak yon vwa byen fò, Li di: Papa, Mwen remèt lespri M nan men Ou; e, kou L fin di sa, Li rann dènye souf Li.
47
Alò, lè ofisye a wè sa k te sot fèt la, li bay Bondye glwa, li di:Vremanvre, Nonm sa a se te yon moun ki jis.
48
E, tout moun yo ki te rasanble pou asiste evènman an, kou yo wè bagay ki te rive yo, yo bat lestomak yo, epi yo retounen al lakay yo.
49
Konsa, tout moun ki te konnen L yo, e medam ki te suiv Li soti nan Galile yo, te ret kanpe delwen ap gade bagay sa yo.
50
Epi, twouve te gen yon nonm ki te rele Jozèf, yon manm Konsèy la, misye te yon bon moun e yon nonm ki dwat.
51
(Misye pa t dakò desizyon Konsèy la ni ak zak yo te fè a.) Se moun Arimate l te ye, yon vil nan Jide; e, li menm tou, li t ap tann wayòm Bondye a.
52
Se nonm sa ki te ale kot Pilat, li te mande l kò Jezi.
53
E konsa, li desann kò a, li vlope L nan yon twal len, e li mete L nan yon tonm ki te fouye nan wòch, kote pèsonn potko janm antere.
54
E, jou sa a, se te jou Preparasyon an, e Saba a t ap pwoche.
55
Epi, medam ki te soti Galile ansanm avèk Jezi yo te swiv Jozèf tou, yo wè kote tonm lan ye a, e kijan kò Jezi te kouche.
56
Epi, yo tounen al pare fèy ak luil santi bon; ansuit, yo repoze pandan jou Saba a, ann akò ak kòmandman an.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!