Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Lik

Chapit 24

« Lik 23 Lik Jan 1 »
1 Kounye a, nan premye jou semèn nan, byen bonè nan maten, yo ale nan tonm lan; yo te pote eleman pafen yo te pare yo; te gen kèk lòt moun avèk yo.
2 Sepandan, yo jwenn wòch la te woule soti devan tonm nan;
3 epi, lè yo antre, yo pa jwenn kò Senyè Jezi.
4 Alèkile, sa rive ke antan yo te ret kanpe ap reflechi san konprann sa ki t ap pase a, twouve ke de zòm ak rad ki klere te vin kanpe kote yo.
5 Alò, kòm medam yo te pè e yo te kenbe tèt yo fas atè, mesye yo di yo konsa: Poukisa n ap chèche vivan an pami mò yo?
6 Li pa isit la, paske Li resisite; sonje kijan Li te pale avèk nou depi lè L te Galile,
7 Li te di nou ke fòk Pitit Gason Lòm nan te livre nan men pechè yo, e ke Li te krisifye; men, sou twazyèm jou a Li t ap resisite.
8 Lè sa a, medam yo vin sonje pawòl Li yo;
9 epi, lè yo tounen sot nan tonm lan, yo rakonte tousa bay Onz yo ak tout rès moun yo.
10 Medam yo, se te Mari, moun Magdala, ak Jàn, ak Mari, manman Jak, ansanm ak kèk lòt medam ki te avèk yo, se yo menm ki t al rapòte bagay sa yo bay apot yo.
11 Epoutan, nan je pa yo, pawòl medam yo te sanble ak koze san sans; kidonk, yo pa t kwè yo.
12 Men, Pyè leve, epi l kouri ale nan tonm lan; e li kroupi, li wè twal len yo ki te depoze poukont yo la; alò, li vire ale, li t ap poze tèt li kesyon sou sa ki te pase a.
13 Epi, twouve ke nan menm jou sa a, te gen de nan disip yo ki t apral nan yon bouk ki rele Emayis, a yon distans swasant estad konsa ak Jerizalèm.
14 Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay ki sot rive yo.
15 Epi, vin rive ke antan yo te nan konvèsasyon youn ak lòt la, e ke yo t ap fè rezònman an, Jezi Li menm, pwoche epi Li fè wout la ansanm avèk yo.
16 Men, je yo te anpeche dekwa pou yo pa t rekonèt Li.
17 Alò, Li di yo: Ki kalite pawòl sa yo n ap pale youn ak lòt pandan n ap mache a ki lakòz nou tris konsa a?
18 E, youn nan yo ke non l te Kleyopas reponn, li di: Èske W se sèl etranje k ap viv nan Jerizalèm ki pa konn bagay ki sot rive la nan jou sa yo?
19 Alò, Li di yo: Ki bagay sa yo? Yo di Li: Bagay ki konsène Jezi, moun Nazarèt la; Li menm ki te yon pwofèt ki puisan devan Bondye e devan tout pèp la, nan zèv Li fè, ak nan pawòl Li pale.
20 Se konsa, sakrifikatè an chèf yo ak chèf nou yo te livre L pou yo kondane L amò, lèfini yo te krisifye L.
21 Men, nou te kwè ke se te Li menm ki te dwe rachte Izrayèl la. E malgre sa, jodi a se twazyèm jou depi bagay sa yo te rive a.
22 Se konsa tou, gen kèk medam nan gwoup nou an ki fè nou sezi; yo t al nan tonm lan byen bonè,
23 men yo pa jwenn kò Li; epi yo vin di nou yo te wè zanj ki parèt ki di Li te vivan.
24 Epi, kèk nan moun ki avèk nou yo ale nan tonm lan tou, e yo jwenn bagay yo menm jan medam yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.
25 Lè sa a, Li di yo konsa: Bann egare, e moun ki gen kè lou pou kwè tout sa pwofèt yo te pale yo.
26 Èske Kris la pa t gen pou Li te sibi bagay sa yo, epi pou L antre nan glwa Li?
27 Ansuit, kòmanse pa Moyiz ak tout pwofèt yo, Li entèprete ba yo nan tout Ekriti yo bagay ki te konsène Li yo.
28 Epi, kou yo t ap pwoche vil kote yo t aprale a, Li fè kòmsi li t apral pi lwen.
29 Men, yo fòse L, yo di: Ret avèk nou, paske li fin lannuit, jounen an deja pase. Alò, Li antre pou L rete avèk yo.
30 Epi sa rive ke pandan Li chita atab avèk yo, Li pran pen, Li beni l, Li kase l, e Li lonje l ba yo.
31 Alèkile, je yo te louvri, e yo rekonèt Li. Epi, Li disparèt devan yo.
32 E youn t ap di lòt: Èske nou pa t santi yon chalè anndan kè nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, lè Li t ap louvri Ekriti yo pou nou an?
33 E menm kote a, yo leve, yo tounen Jerizalèm; e, yo jwenn Onz yo ki te reyini ansanm, avèk kèk lòt moun ki te la.
34 Yo di yo: Senyè a resisite toutbon vre wi; anfèt, Li te parèt bay Simon!
35 Lè sa a, yo rakonte kisa k te fèt sou wout la, e kòman yo te vin rekonèt Li nan kase pen an.
36 Pandan yo t ap pale konsa, Jezi Li menm parèt nan mitan yo, Li di yo: Lapè avèk nou!
37 Men, yo te panike, e yo te pè, paske yo te sipoze se yon lespri yo te wè a.
38 Alò, Li di yo konsa: Poukisa nou boulvèse a, e poukisa lide sa yo ap vin nan kè nou an?
39 Gade men M ak pye M; se Mwen menm wi! Manyen M pou nou wè, paske yon lespri pa gen chè ak zo jan n wè Mwen genyen an.
40 E, pandan Li t ap di sa, Li te montre yo men L ak pye L.
41 Men, kòm yo potko ka kwè, tèlman yo te kontan e yo te anba sezisman, Li di yo: Èske nou gen manje la a?
42 Alò, yo lonje yon moso pwason boukannen ak yon gato miel ba Li.
43 E, Li pran l, Li manje l devan yo.
44 Ansuit, Li di yo konsa: Se pawòl sa yo ke M te konn ap di nou yo, lè M te avè nou toujou a; fòk tout bagay te akonpli, nan sa ki te gen pou wè avèk Mwen yo, bagay ki te ekri nan lwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo.
45 Alèkile, Li louvri entelijans yo pou yo te ka konprann Ekriti yo.
46 Epi Li di yo: Se konsa sa te ekri, e konsa fòk Kris la te soufri e ke Li te resisite pami mò yo sou twazyèm jou a;
47 e ke repantans ak padon peche va anonse nan non Li bay tout nasyon, a kòmanse nan Jerizalèm.
48 Nou se temwen bagay sa yo.
49 Epi, gade; M ap voye pwomès Papa M nan sou nou; men, se pou nou rete nan vil Jerizalèm nan jiskaske nou vlope avèk puisans ki soti anwo a.
50 Apre sa, Li mennen yo ale jis Betani; epi, Li leve men L, Li beni yo.
51 E, sa rive ke antan L ap beni yo a, Li te separe ak yo, epi L monte nan syèl.
52 E, yo te adore Li; ansuit, yo retounen Jerizalèm ak gwo kèkontan;
53 e, yo te kontinye ret la nan tanp lan, ap louwe e beni Bondye. Amèn.
« Lik 23 Lik Jan 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!