Liv Zèv Apot Yo
Chapit 10
1
Te gen yon nonm nan Sezare yo te rele Kònèy, yon santenye nan batayon ki te rele batayon Italyen an.
2
Se te yon nonm devwe; e, youn ki te gen krentif pou Bondye, li menm ansanm ak tout moun lakay li; se te yon nonm ki te konn bay anpil lacharite a pèp la; e, se toutan li t ap lapriyè Bondye.
3
Li te wè yon zanj Bondye aklè nan yon vizyon, ki vin sou li nan nevyèm è a konsa, epi ki di l: Kònèy!
4
E, lè misye gade l, li te pè; epi, li reponn: Kisa ki rive, Senyè? Alò, zanj lan di misye: Lapriyè w ak lacharite w yo rive monte devan Bondye, tankou bagay ki ret grave nan memwa.
5
Kounye a atò, voye kèk gason ale Jope pou y al rele yon sèten Simon, ki gen ti non Pyè.
6
Misye fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a ki gen kay li nan bòdmè a.
7
Epi, apre ke zanj ki te pale ak Kònèy la te ale, misye rele de nan sèvitè lakay li yo, ansanm ak yon sòlda devwe pami sa yo ki te toujou osèvis li yo.
8
E, apre ke li te fin rakonte yo tout bagay sa yo, li voye yo al Jope.
9
Nan demen, pandan ke yo t ap kontinye vwayaje, e ke yo te rive pre vil la, se konsa ke Pyè li menm te monte sou tèt kay la pou l lapriyè; se te bò sizyèm è a konsa.
10
Misye te vin grangou anpil; e, li santi l ta manje. Pandan li te ret ap tann yo pare manje pou li a, li tonbe ann ekstaz;
11
epi, li wè syèl la louvri; e, yon sòt de aparèy t ap desann vin sou li, kòmsi se te yon gwo dra ki mare nan kat pwent, epi l ateri sou latè.
12
Anndan l te gen tout kalite bèt kat pat sou latè, ak bèt sovaj, ak bèt ki trenen atè, e avèk zwazo nan syèl la.
13
Epi, gen yon vwa ki vini e ki di li: Leve non, Pyè; tiye, epi manje!
14
Men, Pyè di konsa: O non, Senyè! Paske, mwen pa janm manje ankenn tchanpan, ni bagay ki pa pwòp.
15
Alò, vwa a pale ak misye ankò, li di dezyèm fwa a: Sa ke Bondye di ki pwòp, pinga w di l se tchanpan.
16
Sa te fèt an twa fwa; apre sa, aparèy la te retounen monte nan syèl la ankò.
17
Alèkile, pandan ke Pyè t ap chèche konprann kisa vizyon ke l te fè a vle di, men li, mesye ke Kònèy te voye yo te mande enfòmasyon kote kay Simon an ye, epi, yo vin kanpe devan baryè a.
18
Lèfini, yo rele, e yo mande si Simon, ki gen ti non Pyè a, te fè ladesant la a.
19
Pandan Pyè t ap reflechi sou vizyon an, Lespri a di misye konsa: Gade non, men gen twa zòm k ap chèche w.
20
Alò, leve non, epi desann; ansuit, ale avèk yo, san fè renka; paske, se Mwen menm ki voye yo.
21
Se konsa ke Pyè desann al jwenn mesye yo ke Kònèy te voye kote l yo; epi, li di yo konsa: Gade non, se mwen menm ke n ap chèche a; ki rezon ki fè nou vin la a?
22
Alò, yo reponn: Kònèy, santenye a, yon nonm ki dwat, ki gen krentif pou Bondye, epi, ki gen bon renome pami tout pèp Juif la, misye te resevwa yon avètisman de Bondye pa mwayen yon zanj sen, pou li voye chèche w, e fè w vin lakay li; epi, pou li tande pawòl nan bouch ou yo.
23
Lè sa a, Pyè fè yo rantre, e li ba yo ladesant. Epi, nan landemen, Pyè pati ale avèk yo; e, kèk frè nan Jope te akonpaye li.
24
E konsa, landemen apre a, yo antre nan Sezare. Kònèy te ret ap tann yo; e, misye te reyini fanmi l ak bon zanmi l yo.
25
Alèkile, lè Pyè ta pral antre, Kònèy al rankontre li, epi misye tonbe nan pye li, pou adore l.
26
Men, Pyè fè l kanpe, li di: Leve, mwen menm tou, se yon moun mwen ye!
27
E, pandan l t ap pale avèk li a, li antre, epi li jwenn yon pil moun ki te vin reyini ansanm.
28
Li di yo konsa: Nou konnen kòman ke se yon bagay ilegal sa ye pou yon nonm ki se yon Juif asosye avèk, oubyen antre lakay yon moun lòt nasyon; men, Bondye montre m ke mwen pa gendwa rele okenn moun pa bon, oswa pa pwòp.
29
Se poutèt sa mwen vin kote w san fè rendong, lamenm ke yo te vin chèche m nan; kidonk, m ap mande pou ki rezon ou te voye chèche m nan?
30
Lè sa a, Kònèy di konsa: Gen kat jou de sa, mwen te nan jèn, jis kounye a; e, nan nevyèm è a, mwen t ap lapriyè lakay mwen; epi, men yon nonm ak yon rad klere sou li vin kanpe devan m.
31
Epi, li di: Kònèy, lapriyè w la egzose; e, lacharite w t ap fè yo rete kòm souvni devan Bondye.
32
Alèkile, voye moun ale Jope, fè Simon, ki gen ti non Pyè a vini; misye fè ladesant lakay yon bòs tanè ki rele Simon, nan bòdmè a; se li, lè l vini, ki va pale avèk ou.
33
Lamenm atò, mwen voye chèche w; e, ou te byen fèt vini. Kounye a menm, men nou tout prezan la a devan Bondye, pou nou koute tousa ke Bondye te kòmande w pou di nou.
34
Lè sa a, Pyè louvri bouch li; e, li di: Avredi, mwen rekonèt ke Bondye pa nan patipri ak moun.
35
Okontrè, nan chak nasyon, moun ki gen krentif pou Li, epi k ap fè zèv ki jis, Bondye aksepte li.
36
Pawòl la ke Bondye te voye bay pitit Izrayèl yo te anonse lapè pa mwayen Jezi Kris: Li se Senyè tout moun.
37
Pawòl sa a, jan m di a, nou menm, nou konn sa, li te pibliye toupatou nan Jide, e li te derape nan Galile, apre batèm ke Jan t ap preche a;
38
li rakonte kòman Bondye te konsakre Jezi moun Nazarèt la, avèk Lespri Sen an e ak puisans; Li menm ki te mache fè byen, e ki te geri tout moun ki te tonbe anba pouvwa dyab la; paske, Bondye te avèk Li.
39
E, mwen ak lòt yo nou se temwen tout bagay ke Li te fè yo, e nan peyi Juif yo, e nan Jerizalèm; Li menm nan ke yo te tiye a, yo te pann Li sou yon bwa.
40
Li menm ke Bondye resisite sou twazyèm jou a; epi, ke Li montre an piblik;
41
se pa t ba tout pèp la; men, bay temwen ki te chwazi davans pa Bondye; bay nou menm nan ki te manje e bwè avèk Li apre ke Li te resisite pami mò yo a.
42
E, Li te kòmande nou pou nou preche bay pèp la, pou nou temwaye ke se Li menm ke Bondye chwazi, ki va Jij e pou vivan yo, e pou mò yo.
43
Se de Li ke tout pwofèt yo te bay temwayaj kòmkwa ke atravè non Li, kèlkeswa moun ki kwè nan Li va resevwa padon pou peche l yo.
44
Pyè t ap fè deklarasyon sa yo toujou, epi twouve ke Lespri Sen an desann sou tout moun ki t ap koute Pawòl la.
45
Alò, kwayan nan moun sikonsizyon yo, kòm te gen plizyè ki te vin avèk Pyè, yo te sezi difèt ke kado Lespri Sen an te desann sou tèt Payen yo tou.
46
Vremanvre, yo te tande Payen yo ki t ap pale an lang, e ki t ap fè lwanj Bondye. Alò, Pyè reponn:
47
Èske gen yon moun ki ka refize pou ta gen dlo dekwa pou moun sa yo batize, yo menm ki resevwa Lespri Sen tankou nou an?
48
Epi, misye kòmande pou yo batize yo nan non Senyè a. Apre sa, yo mande li pou l rete pase kèk jou.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!