Liv Zèv Apot Yo
Chapit 16
Klike la pou koute lekti chapit sa
1
Apre sa, misye vin rive Dèb ak Lis; epi twouve ke te gen yon sèten disip ki te la, ki te rele Timote; se te pitit gason yon dam Juif ki te kwayan; men, papa misye te yon Grèk.
2
Disip sa a te resevwa bon temwayaj bò kote frè ki te nan Lis ak nan Ikòn yo.
3
Se li ke Pòl ta pral mennen avè l la, e ke li te pran pou li sikonsi poutèt Juif yo ki te nan zòn nan, paske yo tout te konnen ke papa misye se te yon Grèk.
4
Epi, pandan yo t ap travèse vil yo, yo transmèt bay moun yo konsiy ke yo te dwe kenbe; sa ke apot ak ansyen nan Jerizalèm yo te mande a.
5
Se konsa ke legliz yo te vin tabli nan lafwa e ke yo t ap gen plis moun chak jou.
6
Kounye a la a, lè yo te travèse zòn Friji ak Galasi, rive ke Lespri Sen an te refize ke yo te preche Pawòl la ann Azi.
7
Apre ke yo te vanse rive Mizi, yo te eseye ale Bitini; men, Lespri a p at pèmèt yo li.
8
Se konsa ke an pasan bò Mizi, yo vin desann Twowas.
9
Epi, yon vizyon parèt bay Pòl pandan lannuit; twouve ke se te yon nonm Masedwàn ki te kanpe la, li te sipliye li, li di l konsa: Vini nan Masedwàn non pou ede nou!
10
E, apre ke Pòl te fin wè vizyon an, lamenm nou te pran deszyon pou n al Masedwàn; nou te gen asirans ke se Senyè a ki te rele nou pou n al preche levanjil la ba yo.
11
Kidonk, nou kite Twowas, nou pran wout dwat pou n al Samotras; epi nan demen nou ale Neyapolis.
12
E de la etan, n ale Filipi ki te vil prensipal pati Masedwàn sa a; se yon koloni li te ye; e, nou te ret pase kèk jou nan vil sa a.
13
Se konsa ke jou Saba a, nou soti andeyò vil la, n al bò yon rivyè; kote ke lapriyè ta sipoze ap fèt; epi, nou chita pale ak medam yo ki te reyini la a.
14
E, te gen yon sètèn dam yo te rele Lidi, yon machann twal poup, moun Tiyati, ki te gen krentif pou Bondye, ki t ap koute nou. Senyè a te louvri kè l, dekwa pou li te bay tout atansyon l a bagay Pòl t ap di yo.
15
Epi, apre ke l te batize, ansanm ak moun lakay li, li sipliye nou, li di: Si nou twouve ke m fidèl vre a Senyè a, vin lakay mwen fè ladesant. E, li t ap fòse nou.
16
Apre, sa te vin rive ke pandan nou te nan wout pou n al lapriyè a, te gen yon madmwazèl ki te posede pa yon lespri divinò, li te kontre ak nou; se moun ki te rapòte mèt li yo anpil lajan nan travay divinò l la.
17
Se menm li menm nan ki te suiv Pòl avèk nou, epi ki te rele, li di: Mesye sa yo, se sèvitè Bondye Toupuisan an yo ye, se montre y ap montre nou chemen sali nanm lan.
18
E, li te fè sa pandan plizyè jou. Men Pòl, ki te bouke ak sa, vire, epi li di lespri a: Mwen kòmande w, nan non Jezi Kris, pou w soti nan manzè! E, li te soti sou li menm lè a!
19
Alèkile, lè mèt li yo gade yo wè ke lespwa fè lajan yo a te disparèt; yo kenbe Pòl ak Silas, epi yo mennen yo ale sou plas piblik la bò kot otorite yo.
20
E, y al devan majistra yo avèk yo, yo di: Mesye sa yo, se Juif yo ye. Se pa ti twouble y ap twouble vil nou an non!
21
Y ap anseye yon kalite koutim ki pa ni legal pou nou, ni ke nou pa dwe obsève antan ke Women.
22
Alò, foul moun yo leve kont yo; epi, majistra yo fè chire rad sou yo; lèfini, yo bay lòd pou bat yo.
23
E, apre ke yo te fin ba yo plizyè kout baton, yo mete yo nan prizon; yo pase gadyen prizon an lòd pou siveye yo an sekirite.
24
Li menm, lè l resevwa lòd sa a, li fèmen yo nan mitan prizon an, epi l met pye yo nan chenn.
25
Alèkile, a minui, Pòl ak Silas te pran lapriyè e yo t ap chante lwanj pou Bondye; e, prizonye yo t ap koute yo.
26
Epi toutakou, te gen yon sèl tranblemanntè, sitèlman, ke fondasyon prizon an te souke; lamenm atò, tout pòt yo te louvri, e chenn tout moun te lage.
27
Alò, gadyen prizon an ki leve nan dòmi epi ki wè pòt prizon yo louvri, misye rale epe l, e li ta pral tiye tèt li, paske l te sipoze ke prizonye yo te sove.
28
Men, Pòl rele ak yon vwa byen fò, li di: Pinga fè tèt ou okenn mal, paske nou tout la!
29
Lè sa a menm, gadyen an mande limyè, epi l kouri antre anndan an, li vin tou ap tranble, e li lage kò l devan Pòl ak Silas.
30
Apre sa, li fè yo soti, epi l di: Mesye yo, kisa m dwe fè pou m ka sove?
31
Alò, yo reponn li: Kwè nan Senyè Jezi Kris, epi w a va sove, ansanm ak moun lakay ou.
32
E, yo anonse Pawòl Senyè a ba li ansanm ak ba tout moun ki te lakay li yo.
33
Ansuit, menm lannuit la misye mennen yo, epi li lave kote yo blese yo; apre sa, san pèdi tan, e li menm, e moun lakay li yo te batize.
34
E, lè l te mennen yo lakay li a, li te pare manje met sou tab pou yo; epi, li te rejwi dèske l te kwè nan Bondye, li menm ak moun lakay li yo.
35
Kounye a la a, lè l vin jou, majistra yo voye polis pou di gadyen prizon an: Ou te mèt kite mesye yo ale.
36
Alò, gadyen prizon an al rakonte Pòl sa: Men majistra yo voye di pou lage nou wi; kidonk, kounye a nou mèt sòti; ale an pè.
37
Men, Pòl reponn yo: Yo fin bat nou an piblik san nou pa t kondane, nou menm ki se sitwayen Women; lèfini, yo fèmen nou nan prizon; epi kounye a y ap vin lage nou an kachèt? Sa a vre, li pa ka pase konsa! Men, kite ke se yo menm ki vin eskòte nou sòti.
38
Alò, polis yo al rapòte mesaj la bay majistra yo; e yo te vin pè, lè yo tande ke se sitwayen Women mesye yo te ye.
39
Donk, yo vin kalme mesye yo; apre sa, yo eskòte yo sot deyò; lèfini, yo mande yo pou y al kite vil la.
40
Konsa, yo sòti nan prizon an, epi y ale kay Lidi a; e, apre ke yo te wè ak frè yo e ke yo te egzòte yo, yo pati y ale.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!