Liv Zèv Apot Yo
Chapit 25
Klike la pou koute lekti chapit sa
1
Alèkile, lè Festis te fin rive nan pwovens lan, apre twa jou, misye monte sot Sezare pou l al Jerizalèm.
2
Alò, sakrifikatè souvren an ak chèf Juif yo pote plent ba li kont Pòl; e, yo sipliye li.
3
Yo t ap mande yon favè nan men l, pou ke l ta voye Pòl Jerizalèm; alòske se pare yo t ap pare yon pyèj pou tiye misye sou wout la.
4
Men, Festis reponn ke se nan Sezare ke Pòl ap rete, e ke se li menm ki gen pou l pati retounen talè konsa.
5
Li di ankò: Kidonk, moun pami nou ki kapab, se pou nou tou desann avè m, epi nou va pote akizasyon kont nonm sa a, si ta gen yon bagay mal nan li.
6
E, apre ke l te ret pase plis pase di jou pami yo, li desann al Sezare; epi, nan demen, li chita sou chèz jij nan tribinal la; e, li pase lòd pou yo mennen Pòl.
7
Alèkile, lè Pòl vin rive, Juif yo ki te desann sot Jerizalèm nan antoure misye, epi yo lage yon bann akizasyon grav kont li; men, se de bagay yo pa t ka pwouve.
8
Li menm, pou defann tèt li, li reponn: Se pa ni kont lalwa Juif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza ke mwen vyole anyen ditou.
9
Men Festis, ki te vle fè Juif yo plezi, reponn Pòl, li di: Èske w ta vle monte Jerizalèm, epi pou jijman bagay sa yo ta fèt devan mwen?
10
Lè sa a, Pòl di konsa: Se devan chèz tribinal Seza a ke m kanpe, e se la ke mwen dwe jije! Mwen pa fè Juif yo anyen ki mal; ou konn sa trè byen.
11
Paske, si se yon moun ki te ofanse lalwa ke m te ye; oswa ke m te komèt yon krim ki merite lanmò, mwen pa t ap refize mouri. Men, si pa gen ankenn verite nan sa ke y ap akize m yo, pèsonn pa gen dwa livre m ba yo! Se devan Seza mwen mande pou m konparèt.
12
Alò, apre ke Festis fin konsilte ak Konsèy la, li reponn: Se pa devan Seza ou mande pou w konparèt? Ebyen, se devan Seza ou va ale!
13
Detwa jou te pase, epi wa Agripa avèk Berenis te vin Sezare pou yo salye Festis.
14
E, kòm yo te pase plizyè jou la, Festis te eksplike ka Pòl la bay wa a; li di: Gen yon nonm la a ke Feliks te kite nan prizon;
15
Se de li menm, lè m te Jerizalèm nan, ke sakrifikatè anchèf yo ak ansyen pami Juif yo te ban m rapò a; yo te vle yon kondanasyon kont li.
16
Mwen te reponn yo ke se pa t koutim Women pou ta livre yon moun al mouri, anvan ke akize a kanpe fasafas moun ki akize l yo; epi, pou l gen libète defann tèt li osijè krim ki pote kont li a.
17
Kidonk, lè yo te vin isit la, san pèdi tan, nan demen, mwen chita sou chèz jijman tribinal la, epi m pase lòd pou mennen nonm nan vini.
18
E, lè moun ki t ap akize misye yo te leve kanpe, yo pa t vini ak okenn nan akizasyon ke m t ap atann yo.
19
Men, se te sou de kesyon ki regade pwòp sipèstisyon pa yo ke yo te gen kont misye; epi, yon sèten Jezi, ki te mouri, alòske Pòl te deklare ke Li vivan.
20
Difèt ke m pa t fin konprann kalite kesyon sa yo, mwen mande misye si l vle al Jerizalèm, epi pou yo ta fè jijman l sou bagay sa yo.
21
Men, lè Pòl fè demann ke yo rezève li pou ke se Sonnekselans ki tande l, mwen pase lòd pou yo kenbe misye, jiskaske m kapab voye l al devan Seza.
22
Alò, Agripa di Festis konsa: Mwen ta renmen koute nonm sa a mwen menm tou. Li reponn: Demen, w a va tande l.
23
Konsa, nan demen, lè Agripa te vini, avèk Berenis ak gwo seremoni, e ke li te antre nan sal odyans lan, avèk kòmandan an chèf yo, ak notab nan vil la; sou lòd Festis, yo mennen Pòl vini.
24
Epi, Festis di: Wa Agripa, e tout moun ki prezan la a avèk nou yo, nou wè nonm sa a; se sou li menm ke yon bann nan Juif yo ap diskite avèk mwen, e nan Jerizalèm, e isit la tou, y ap rele di ke misye pa gen dwa ap viv ankò.
25
Men, lè m vin wè ke misye pa t fè anyen ki merite lanmò; epi, palefèt ke li fè apèl pou l al devan Samajeste, mwen deside pou m voye l ale.
26
Mwen pa gen anyen ki klè pou m ta ekri Samajeste sou misye; kidonk, mwen mennen l vini devan nou la a, e espesyalman devan w, O, wa Agripa, dekwa pou ke apre nou fin egzamine l, m a va jwenn kichòy pou m ekri.
27
Paske pou mwen, sa pa fè sans pou m ta espedye yon prizonye san ke m pa bay enfòmasyon sou krim yo pote akizasyon kont li a.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!