Liv 2 Korentyen
Chapit 3
1
Kòmsi, èske mwen menm ak lòt yo, nou ta dwe kòmanse rekòmande tèt nou ankò? Oswa, èske, tankou kèk lòt moun, nou bezwen lèt rekòmandasyon pote ba ou, oubyen lèt rekòmandasyon nan men w?
2
Se ou menm ki lèt pa nou; lèt ki ekri nan kè nou, ke tout moun e rekonèt, e li.
3
Ou menm, se klè ke w se yon lèt Kris ekri pa mwayen ministè pa m ak pa lòt yo; se pa ak lank non ke nou ekri l; men, se ak Lespri Bondye vivan an; ni se pa sou adwaz an wòch, men sou adwaz an chè ki nan kè yon moun.
4
E konfyans sa a, nou genyen l atravè Kris vizavi Bondye.
5
Se pa kòmsi nou panse ke n kapab regle kichoy pou kont nou non; men, sa nou kapab fè yo, se nan Bondye yo soti.
6
Li menm tou ki te pèmèt ke nou vin sèvitè Nouvo Alyans lan; ki pa soti nan lalwa ki te ekri a; men pito, nan Lespri a; paske, lalwa ki te ekri a pote lanmò; alòske, Lespri a bay lavi.
7
Men, si sistèm lanmò a, sa ki te yon ekriti grave sou wòch la, te gen laglwa, jouk li te lakòz desandan Izrayèl yo pa t kapab fikse je yo sou figi Moyiz sitèlman laglwa a te fè vizaj misye klere, alòske se te yon laglwa ki te gen pou l pase;
8
kouman fè pou sistèm Lespri a pa ta gen plis laglwa?
9
Vrèmanvre, si sistèm kondanasyon an gen laglwa, se plis toujou ke sistèm jistis la gen laglwa depase mezi.
10
Avredi, menm sa ke yo te fè gen laglwa a, li pa t gen laglwa nan sans sa a, akòz laglwa kounye a ki pi gran pase l la.
11
Vrèmanvre, si bagay ki te pasajè a te gen laglwa, bagay k ap rete la a gen plis laglwa toujou.
12
Alò, lè w gade kalite espwa sa a ke nou genyen an, sa fè ke nou pale ak asirans;
13
pa menm jan ak Moyiz ki te mete yon vwal devan figi l, pou ke desandan Izrayèl yo pa t fikse je yo sou lafen bagay ki t apral aboli a;
14
men, lespri yo te bouche; paske, jouk jounen jodi a, menm vwal sa a rete la toujou lè y ap li Ansyen Testaman an; paske, se nan Kris ke vwal sa a anile.
15
Men, jis rive jounen jodi a, lè y ap li ekriti Moyiz yo, vwal la kouvri kè yo.
16
Men, depi yon kè va vire vin jwenn Senyè a, vwal la a va soti.
17
E dayè, se Senyè a ki Lespri sa a; e, kote Lespri Senyè a ye, gen libète la!
18
Men, nou tout ki avèk figi nou dekouvri k ap gade laglwa Senyè a tankou se nan yon glas, n ap transfòme sanble ak menm pòtre Senyè a, soti nan yon laglwa pou al nan yon lòt, tankou sa fèt pa mwayen Lespri Senyè a.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!