Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 2 Korentyen

Chapit 10

« 2 Korentyen 9 2 Korentyen 2 Korentyen 11 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Kounye a la a, mwen menm Pòl, m ap ankouraje nou ak imilite e tandrès Kris yo; mwen menm ki lè m prezan pami nou, mwen mete tèt mwen byen ba; epi, lè m pa la, ki tchak avèk nou an;
2 mwen sipliye nou pou ke lè m rive, pou nou pa fè m tchak avèk asirans sa a ki nan mwen an, jan ke mwen pare pou m tchak vizavi kèk moun ki konsidere mwen menm ak lòt yo, kòmkwa se dapre lachè n ap mache.
3 Paske, menmsi mwen menm ak lòt yo, n ap mache nan yon kò ki se kò lachè, men, lagè sa n ap mennen an, se pa dapre lachè n ap mennen l.
4 Avredi, zam ke nou genyen kòm zam degè nou yo, se pa zam chanèl yo ye; okontrè, se zam fannfwa ki sot nan Bondye pou demantibile fòtrès.
5 Nou takle imajinasyon lèzòm, e tout kalite bagay ki leve kanpe kont konesans Bondye; lèfini, nou fè tout panse prizonye pou li soumèt a obeyisans Kris.
6 E, nou pare pou nou pini tout dezobeyisans, yon fwa ke obeyisans pa w va fin akonpli.
7 Èske se sou aparans ke w ap gade? Si yon moun kwè nan tèt li ke li an Kris, ebyen, men sa l ta dwe konsidere ankò: sèke, menm jan ke li an Kris la, se konsa tou ke mwen menm ak lòt yo, nou pou Kris.
8 Paske, menmsi mwen ta glorifye tèt mwen yon ti kras twòp de otorite sa ke Bondye bay mwen menm ak lòt yo pou edifikasyon e nonpa pou destriksyon w; mwen p ap wont poutèt sa;
9 dekwa pou ke sa pa parèt tankou se presyon m ap ban nou ak lèt yo.
10 Avredi, gen moun k ap di: Lèt misye yo rèd e yo gen fòs, alòske lè se li menm ki la, prezans misye fèb, epi l pale yon jan ke moun meprize.
11 Men kisa pou moun sa yo konnen: sèke, jan ke m ye ak mo ke m ekri nan lèt yo lè m absan an, se jan sa a ke m ap ye nan zak m ap poze lè m prezan an tou.
12 Paske, mwen menm ak lòt yo, nou pa ka pèmèt nou pou nou ta met tèt nou nan gwoup moun k ap rekòmande tèt yo a, ni nou p ap konpare tèt nou ak yo. Men, yo menm, yo mezire tèt pa yo ant yo menm, epi yo konpare tèt yo pami yo menm; yo pa gen sajès.
13 Men nou menm, nou p ap fè lwanj pou sa ki depase lizyè nou; men pito, se dapre mezi bòn ke Bondye te ban nou an; yon mezi ki rive jiska ou menm.
14 Vrèmanvre, se pa detire nou detire kò nou pou depase bòn pa nou an, kòmkwa nou pa t dwe rive bò kote w; paske se nan preche levanjil Kris la ke nou rive jis bò kote w la.
15 Nou menm, nou pa fè lwanj pou sa ki andeyò lizyè nou non; ki vle di, pou travay ke lòt moun fè; men, espwa nou genyen, sèke lè lafwa w ogmante, se atravè ou menm ke n ap grandi ann abondans dapre mezi ki pa nou an;
16 konsa, nou va al preche levanjil nan zòn ki depase kote ou menm ou ye a, san ke nou pa fè lwanj nan lizyè travay yon lòt moun.
17 Men, yon moun k ap glorifye tèt li, kite ke se nan Senyè a li glorifye tèt li pito.
18 Paske, se pa moun ki rekòmande tèt li a, ki apwouve non; men, se moun ke Senyè a rekòmande a.
« 2 Korentyen 9 2 Korentyen 2 Korentyen 11 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!