Liv 2 Korentyen
Chapit 11
Klike la pou koute lekti chapit sa
1
Sa t ap bon pou nou te ka tolere m yon tikras nan foli mwen an; wi, fè yon ti tolere m non!
2
Paske, mwen jalou pou nou, avèk yon kalite jalouzi tankou jalouzi Bondye a; avredi, mwen te fiyanse nou ak yon sèl mari, dekwa pou m kapab prezante nou nan eta yon vyèj ki pwòp bay Kris.
3
Men mwen pè, pou sa pa ta rive nenpòt ki jan, ke tankou sèpan an te itilize riz li pou l sedui Èv la, ke lespri pa nou ta va pèvèti, epi nou kite senplisite sa a ki nan Kris la.
4
Paske, si yon moun vini, e ke se yon lòt Jezi li preche; yon Jezi ke mwen menm ak lòt yo pa preche; oswa, si nou resevwa yon lòt lespri, ke nou pa t resevwa; oswa, yon lòt levanjil, ke nou pa t aksepte; nou sipòte li byen pwòp.
5
Paske, mwen twouve ke m pa enferyè nan anyen ak apot gwo chabrak yo.
6
E, menmsi mwen pa gen fòmasyon nan langaj, men, mwen pa konsa nan konesans; avredi, se aklè ke nou te parèt nan mitan w nan tout bagay.
7
Kòmsi, èske se yon peche m fè difèt ke mwen rabese tèt pa m pou leve tèt pa nou paske m preche levanjil la gratis ban nou an?
8
Mwen piye lòt legliz, lè m pran yon salè nan men yo, dekwa pou m ka sèvi nou.
9
Epi, lè mwen te la avèk nou an, e ke m te gen nesesite, mwen pa t sou kont pèsonn; paske, bagay sa ke m te manke yo, frè ki te vin sot Masedwàn yo te ban mwen yo. Avredi, nan tout bagay, mwen te veye tèt mwen dekwa pou m pa t yon chay sou do nou, e m ap kontinye fè sa.
10
Dapre verite Kris la ki nan mwen an, okenn moun pa ka anpeche m fè elòj sa a nan zòn Akayi a.
11
Poukisa, atò? Èske se renmen m pa renmen nou? Bondye konnen!
12
Men, sa m ap fè a, se sa m ap kontinye fè, dekwa pou m wete mwayen nan men moun k ap chèche okazyon pou fè lwanj pou tèt yo, kòmkwa se ta menm jan avè m yo ye.
13
Avredi, moun sa yo, se fo apot yo ye, se ouvriye ki gen riz, k ap transfòme tèt yo tankou apot Kris yo.
14
E, sa pa etonan, paske Satan li menm degize pou vin tankou yon zanj limyè.
15
Kidonk, se pa yon gwo zafè sa ye, si sèvitè l yo degize tankou sèvitè ladwati; yo menm ki va gen pou fini dapre zèv yo te fè.
16
M ap di sa yon lòt fwa, pinga pèsonn pran m pou egare; pito okontrè, ke se nou ki ta egare a lè nou resevwa m, pou ke m ka glorifye tèt mwen yon tikras tou.
17
Sa m di la a, mwen pa di l dapre Senyè a non; men, se tankou yon bagay san sans ke m ap di poutèt asirans mwen genyen nan elòj m ap fè a.
18
Difèt ke m wè anpil moun ap glorifye tèt yo nan lachè, m ap glorifye tou.
19
Paske, nou byen kontan tolere moun fou, kòm se moun ki saj nou ye, nou menm.
20
Vrèmanvre, si yon moun mete nou nan esklavaj, si yon moun ap piye nou, si yon moun ap foure men nan pòch nou, si yon moun ap fè awogans sou nou, si yon moun ap ban nou souflèt, nou tolere sa.
21
Mwen wont di sa wi; se kòmsi se fèb mwen menm ak lòt yo, nou te fèb. Poutan, nenpòt sa l ye a ke yon moun ta pèmèt li fè (alò, m ap pale an moun fou), mwen menm tou m ka pèmèt mwen fè l tou.
22
Èske se Ebre yo ye? Se sa m ye tou. Èske se Izrayelyen yo ye? Se sa m ye tou. Èske se desandan Abraram yo ye? Se sa m ye tou.
23
Èske se sèvitè Kris yo ye? (alò, m ap pale an moun ki fin fou), mwen sèvitè Kris pase yo! Nan zèv, mwen fè plis; nan pran kout fwèt, mwen pran depase mezi; nan pran prizon, mwen pran plis; nan chape lanmò, se tout tan!
24
An senk fwa, mwen resevwa karant kout laso mwens youn, anba men Jwif yo.
25
An twa fwa yo kale m ak rigwaz; yo kalonnen m wòch yon fwa; bato fè nofraj sou lanmè avè m; mwen pase yon jou yon nuit nan labim;
26
Pandan vwayaj, souvan m te anba danje dlo rivyè, anba danje vòlè, anba danje ak pwòp moun peyi m, anba danje ak Payen yo, anba danje nan lavil, anba danje nan dezè, anba danje sou lanmè, anba danje nan mitan fo frè;
27
nan pase tray, nan doulè, souvan nan pase nuit san dòmi, anba grangou ak swaf, souvan nan jèn, nan fredi e san rad sou mwen.
28
Akote bagay sa yo, ki yo menm te pa deyò, gen tètchaje legliz yo ki t ap trakase lespri m chak jou.
29
Ki moun ki febli, epi pou m pa vin fèb? Ki moun ki chite, epi pou kè m pa boule?
30
Si m gen pou m glorifye tèt mwen, m ap glorifye nan sa ki gen pou wè ak feblès mwen yo.
31
Bondye e Papa Senyè Jezi Kris la, Li menm ki beni etènèlman an, konnen ke se pa manti m ap bay.
32
Nan Damas, gouvènè ki te la a sou wa Aretas la te mete yon ganizon jandam veye vil moun Damas yo, misye te vle arete m!
33
E, se pa yon twou fenèt anndan yon panye ke yo te file m desann sou bò miray la, ki fè ke m te chape anba men li.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!