Liv 2 Korentyen
Chapit 12
Klike la pou koute lekti chapit sa
1
Li pa nesesè pou m ap glorifye tèt mwen, pa gen dout nan sa. Ban m rantre nan vizyon ak revelasyon Senyè a yo
2
Mwen te konn yon nonm an Kris gen plis pase katòz lane de sa, (èske sa te rive nan kò fizik li, mwen pa ka di; èske se te andeyò kò fizik li, mwen pa ka di: Bondye konnen;) misye te transpòte monte nan twazyèm syèl la.
3
E, m te konn nonm sa a, (èske sa te rive nan kò fizik li, oswa andeyò kò fizik li, mwen pa ka di: Bondye konnen:)
4
kijan misye te monte nan paradi, epi li te tande de kalite pawòl ke bouch pa ka pale, de pawòl ke yon moun pa gen dwa pwononse.
5
Se de nonm sa a ke m pral fè lwanj; sepandan, mwen p ap fè lwanj pou tèt pa m, sof nan feblès mwen yo.
6
Avredi, menmsi ke m ta anvi glorifye tèt mwen, mwen pa ta va yon moun fou pou sa, paske se verite ke m ta pral di; men kounye a la a, mwen refize fè l, pou sa pa ta rive ke yon moun ta va panse ke m pi plis pase sa ke l wè m ye a, oubyen pase sa l tande de mwen an.
7
Lèfini, pou sa pa ta rive ke mwen ta vante tèt mwen depase mezi; atravè kalite kokenn chenn revelasyon yo, yo te ban m yon giyon nan lachè m, sèvitè Satan an, ki la pou souflete m, dekwa pou sa pa ta rive ke m ta vante tèt mwen depase mezi.
8
Poutèt bagay sa a, mwen te sipliye Senyè a an twa fwa pou ke l te ka soti sou mwen.
9
E, Li te reponn mwen konsa: Gras Mwen ase pou ou; paske se nan feblès, fòs Mwen jwenn pèfeksyon. Kidonk, se ak anpil kontantman ke m pito fè lwanj pou feblès mwen yo, dekwa pou puisans Kris la ka ret poze sou mwen.
10
Se poutèt sa, mwen pran plezi anba feblès, anba jouman, anba nesesite, anba pèsekisyon, anba detrès, ke m sibi pou Kris; paske, lè m fèb la, se lè sa a atò mwen fò.
11
Men m twouve tounen yon moun fou nan fè lwanj pou tèt mwen; se nou menm ki fòse m; avredi, se nou ki pou te dwe rekòmande m; paske, atout mwen pa anyen an, mwen pa pi ba nan ankenn bagay pase lòt gwo chabrak apot yo.
12
Vrèmanvre, mak fabrik ki kay yon apot te parèt aklè pami nou nan tout pasyans, nan siy, ak nan mèvèy, ak nan mirak.
13
Paske, nan kisa ke nou te enferyè devan lòt legliz, apa difèt ke mwen menm, mwen pa t yon chaj sou do nou? Alò, eskize m pou mal sa a ke m fè nou an!
14
Gade, se twazyèm fwa m pare pou vin lakay nou; e, mwen p ap yon chay sou do nou; paske, se pa dèyè sa nou genyen ke mwen ye, men se nou menm ke m ap chèche. Reyèlman, se pa pitit ki dwe met lajan sou kote pou paran; men, se paran ki dwe fè sa pou pitit.
15
E, se ak kè kontan ke m ap depanse e depanse ata tèt mwen pou nou; malgre lefèt ke plis mwen renmen nou ann abondans, se mwens nou renmen m.
16
Dakò, se vre ke m pa t sou kont nou; sepandan, an bon mètdam, mwen pran nou nan riz.
17
Èske m te eksplwate nou pa mwayen moun ke m te voye ban nou yo?
18
Mwen te ankouraje Tit ale lakay nou, e avèk li mwen te voye frè a. Èske Tit te pran kichoy nan men nou? Li menm avè m, èske se pa nan menm lespri nou toude mache? Èske se pa nan menm tras pye nou te mache?
19
Epi ankò, èske nou panse ke se defann mwen menm ak lòt yo ap defann tèt nou devan w? Nou pale devan Bondye an Kris; e tousa n ap fè la a yo, chè byenneme, se pou edifikasyon w n ap fè yo.
20
Paske m pè pou sa pa ta rive ke lè m vini, ke m pa ta jwenn nou jan m ta vle a; epi pou nou ta jwenn mwen jan nou pa ta vle a; pou sa pa rive ke gen pale anpil, jalouzi, kòlè, fache, kout lang, tripotay, gonfle, deblozay;
21
epi, pou sa pa rive ke lè m vini ankò a, Bondye mwen an rabese m devan nou; lèfini, pou ke se kriye ke m va gen pou m kriye sou plizyè moun ki te deja peche yo, men ki pa repanti de salte, ak imoralite, ak libètinay yo te komèt yo.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!