Liv Efezyen
Chapit 5
Klike la pou koute lekti chapit sa
1
Konsa atò, se pou nou vin de kalite moun k ap suiv Bondye, tankou timoun byenneme,
2
epi, mache nan lanmou, tankou Kris te renmen nou an, e Li te bay tèt Li pou nou; kòm yon ofrann e yon sakrifis bay Bondye, ki gen bonn odè.
3
Men, fònikasyon, ak tout kalite salte, oswa move dezi, pa kite menm yon fwa ke bagay konsa pale nan mitan nou, jan sa dwe ye pou Sen;
4
nonplis tou, ni salte, ni pawòl san sans, ni plezantri ki pa konvnab. Men pito, bay remèsiman.
5
Paske nou konn sa, ke pyès debochè, ni sansal, ni yon moun ki ava, ki se yon idolat, pa gen okenn eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6
Pa kite okenn moun twonpe nou ak vye pawòl, paske se poutèt bagay sa yo ke kòlè Bondye gen pou tonbe sou pitit dezobeyisans yo.
7
Kidonk, se pa pou nou patisipe ak yo nan sa y ap fè.
8
Avredi, te gen yon tan, se tenèb nou te ye, men kounye a se limyè nou ye nan Senyè a; mache tankou pitit limyè!
9
(Paske fwi Lespri a se nan tout kalite bonte, ak dwati, ak verite ke li ye;)
10
pou nou bay prèv de bagay sa ke Senyè a apwouve yo.
11
Lèfini, se pa pou nou antre nan zanmitay ak zak tenèb yo ki san fwi; men pito, konbat yo.
12
Paske, se yon wont menm pou pale de bagay sa yo ke y ap fè an sekrè a;
13
men, tout bagay ki kondane, limyè lakòz ke yo vin parèt aklè; difèt ke nenpòt sa l ye a ki klere pou fè yon bagay parèt, se limyè l ye.
14
Se poutèt sa li di nan lekriti: Reveye w, ou menm k ap dòmi an, epi leve soti pami mò yo, e Kris va ba w limyè.
15
Donk, fè atansyon pou nou mache ès ès, nonpa tankou moun fou, men tankou moun ki saj,
16
prezève tan nou, paske se nan move jou n ap viv.
17
Kidonk, se pa pou nou tankou egare, men, se pou nou konprann kisa volonte Senyè a ye.
18
Lèfini, se pa pou n ap soule tèt nou ak diven, nan fè eksè; men pito, se pou nou plen ak Lespri a;
19
pou nou youn ap pale ak lòt nan Sòm ak Im e ak chan espirityèl, pou n ap chante, pou n ap fè melodi nan kè nou bay Senyè a;
20
Pou nou toujou ap di remèsiman bay Bondye Papa a, nan non Senyè nou an, Jezi Kris.
21
Soumèt nou youn devan lòt, ak krentif pou Bondye
22
Madanm yo, soumèt tèt nou devan mari nou, tankou devan Senyè a,
23
paske, se mari a ki alatèt madanm lan, tankou se Kris ki alatèt legliz la, e se Li ki Sovè kò a.
24
Konsa donk, menm jan ke legliz soumèt li devan Kris, se konsa tou pou ke tout madanm soumèt yo devan mari pa yo nan tout bagay.
25
Mari yo, renmen madanm nou menm jan ke Kris te renmen legliz la, e ke Li te bay tèt Li pou li a,
26
dekwa pou ke Li te ka sanktifye l e pirifye l ak yon lavaj dlo pa mwayen Pawòl la,
27
pou ke Li kapab prezante bay tèt Li yon legliz ki gen glwa, ki san tach, ki san pli, ni ankenn bagay tankou sa yo; men ki ta dwe pou li sen e san defo.
28
Se nan jan sa a ke mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp tèt yo. Nonm sa a ki renmen madanm li an, se pwòp tèt pa l ke li renmen.
29
Avredi, okenn moun poko janm rive rayi pwòp kò li, men pito, li nouri l, li pran swen l, menm jan ke Senyè a fè l pou legliz la.
30
Paske se manm kò Li nou ye, chè Li, e zo Li.
31
Se pou rezon sa a ke yon nonm va kite papa l ak manman l, epi, li va vin ini tèt li ak madanm li, e yo toude va vin yon sèl chè.
32
Se yon gran mistè sa ye wi; men, m ap pale de sa ki gen pou wè avèk Kris e legliz la.
33
De tout fason, se pou chak nan nou anpatikilye renmen madanm li konsa, tankou pwòp tèt pa l, epi, se pou madanm nan fè ansòt ke li gen krentif pou mari l.
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen!
Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!