Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Kolosyen

Chapit 1

« Filipyen 4 Kolosyen Kolosyen 2 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Pòl, yon apot Jezi Kris, dapre volonte Bondye, e, Timote frè nou;
2 a Sen yo ansanm ak frè fidèl ki nan Kolòs. Se pou gras ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou an, ak nan Senyè Jezi Kris la, avèk nou.
3 Nou remèsye Bondye e Papa Senyè Jezi Kris la, nan lapriyè nou toutan pou ou.
4 Depi nou te tande pale de lafwa w nan Kris Jezi, ak lanmou ke w genyen pou tout frè yo.
5 Paske, esperans ki pare pou ou nan syèl la, li menm ke w te tande pa mwayen Pawòl verite levanjil la,
6 ki te vin jwenn ou, menm jan ak nan tout monn lan, e ki pote fwi, jan ke l fèt nan ou a, depi jou ke w te tande l la, e ke w te vin konn gras Bondye nan laverite.
7 Konsa tou, nou aprann nan men Epafras, sèvitè byenneme parèy nou an, ki dapre nou se yon minis fidèl Jezi Kris,
8 li menm tou ki te pale nou de lanmou w nan Lespri.
9 Se poutèt sa ke nou menm tou, depi jou ke n te tande l la, nou pa sispann lapriyè pou ou, e anvi pou ke w ka ranpli ak konesans volonte Li nan tout sajès ak bonkonprann espirityèl,
10 ke w ka mache yon jan ki diy de Senyè a, pou w ap pwodui tout kalite bòn zèv, e pou w grandi nan konesans Bondye;
11 pou ke w fòtifye ak tout fòs, dapre puisans Li an ki plen ak glwa, pou ba w tout sòt pasyans ak andirans nan lajwa.
12 Remèsye Papa a ki fè ke nou te rankontre pou n patisipe ansanm nan eritaj Sen yo nan limyè;
13 Li menm ki delivre nou anba pouvwa fènwa, epi transfere nou nan wayòm Pitit Gason byenneme Li a,
14 se nan Li menm ke nou gen redanmsyon atravè san Li, e, menm padon peche.
15 Se Li menm ki se pòtre Bondye envizib la, premye ki pran nesans pami tout kreyati yo.
16 Paske, se pa mwayen Li menm ke tout bagay te kreye, sa ki nan syèl, ak sa ki sou latè; ki vizib, oswa envizib; keseswa twòn, oswa dominasyon, prensipalite, oubyen pouvwa: tout bagay te kreye pa mwayen Li menm, e pou Li menm.
17 E, Li vin anvan tout bagay, epi, se pa mwayen Li menm ke tout bagay rete fèm.
18 Anplis, Li se tèt kò a, Legliz la, ki se kòmansman an, premye ki pran nesans pami mò yo, pou ke nan tout bagay, se Li ki gen premye plas.
19 Paske, se sa ki te fè Papa a plezi, dèske se nan Li menm ke tout totalite a rete.
20 Ansuit, lefèt ke nou fè lapè atravè san sou lakwa Li a, pa mwayen Li menm, dekwa pou Li rekonsilye tout bagay nan Li; se pa mwayen Li menm, mwen di, keseswa bagay sa ki sou latè, oubyen ki nan syèl.
21 E nou menm ki yon lè te etranje oswa lènmi nan lide nou ak nan zèv mechanste, twouve kounye a ke Li rekonslye nou,
22 nan kò lachè Li a, pa mwayen lanmò; pou Li fè nou parèt sen, san defo, e san repwòch devan Li,
23 si nou kontinye nan lafwa a, byen rasinen, epi fèm; lèfini, ke nou pa deplase soti nan esperans levanjil la, ke nou te tande, e ki te preche bay tout kreyati ki twouve anba syèl la, kote ke mwen menm Pòl, se osèvis li mwen ye,
24 mwen menm ki kounye a ap rejwi nan soufrans mwen pou nou, e k ap fin ranpli sa ki rete nan doulè Kris yo nan lachè mwen poutèt kò Li a, ki se Legliz la;
25 kote ke mwen te vin yon minis dapre responsablite ke Bondye ban mwen pou nou, pou konplete Pawòl Bondye a.
26 Menm mistè ki te kache depi lontan pou anpil jenerasyon, men ki kounye a, parèt aklè pou Sen Li yo,
27 se ba yo menm ke Bondye fè konnen richès ki nan laglwa mistè sa a pami Payen yo; ki se Kris nan nou, esperans laglwa a!
28 Se Li menm n ap preche, n ap avèti chak moun, n ap anseye chak moun ak tout sajès, dekwa pou nou prezante chak moun alapèfeksyon nan Kris Jezi.
29 Se poutèt sa tou ke m ap travay, ke m ap lite dapre fòs pa Li, k ap aji nan mwen ak puisans.
« Filipyen 4 Kolosyen Kolosyen 2 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!