Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Kolosyen

Chapit 2

« Kolosyen 1 Kolosyen Kolosyen 3 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Paske, mwen ta renmen ke nou konnen gwo goumen m ap mennen pou nou, e pou sila yo ki Lawodise a, e, pou tout sila yo ki poko janm wè figi m nan lachè;
2 pou ke yo ta ka konfòte, pou yo koud youn ak lòt nan lanmou, epi nan tout richès asirans total bonkonprann lan, pou rive rekonèt mistè Bondye a, e Papa a, e Kris;
3 se nan Li ke tout trezò sajès ak konesans kache.
4 E m ap di sa, pou sa pa rive ke nenpòt moun ta vin sedui nou ak pawòl k ap twonpe nou.
5 Paske, menm si mwen absan nan lachè, men, mwen avèk nou ann espri, mwen gade ak rejwisans jan nou gen lòd, ak fèmte lafwa nou nan Kris.
6 Donk, menm jan ke nou te resevwa Kris Jezi, Senyè a, se konsa nou dwe mache nan Li:
7 Anrasinen tèt nou, e fonde tèt nou nan Li, epi, tabli nou nan lafwa, tankou yo te anseye nou an; epi, vanse devan nan bay remèsiman.
8 Fè atansyon pou pèsonn pa gate nou pa mwayen filozofi ak twonpri san sans, ki ale dapre tradisyon lèzòm, dapre bagay ki baze sou sistèm lemonn lan, e nonpa dapre Kris.
9 Paske, se nan kò fizik Li ke totalite divinite Bondye a abite.
10 E, nou okonplè nan Li, Li menm ki alatèt tout prensipalite e tout otorite;
11 e, se nan Li menm tou ke nou sikonsi, ak yon sikonsizyon ki pa t fèt ak men, men ki elimine kò peche lachè a, pa mwayen sikonsizyon Kris la.
12 Nou te antere avèk Li nan batèm, konsa tou nou te leve ak Li pa mwayen lafwa nan operasyon Bondye a, ki te resisite L pami mò yo.
13 E nou menm, nou te mouri nan peche nou ak ensikonsizyon lachè nou, men, Li rebann lavi ansanm avèk Li, difèt ke Li padone tout peche nou yo.
14 Li efase tout sa k te ekri nan dekrè ki te kont nou yo, sa ki te opoze avèk nou yo, epi, Li wete yo, Li klouwe yo sou kwa L la;
15 ansuit, kòm Li dezame prensipalite ak otorite yo, Li fè yon espektak piblik avèk yo, lè Li gen laviktwa sou yo pa mwayen lakwa a.
16 Konsa donk, pa kite pyès moun jije nou nan zafè manje, oswa bwè, oswa osijè fèt, oswa nouvèl lin, oswa jou saba yo;
17 ki se lonbraj bagay ki te gen pou vini yo, alòske kò a, se Kris.
18 Pa kite pyès moun sedui nou pou fè n pèdi rekonpans nou sou aparans yon imilite, nan adorasyon zanj, nan foure bouch li nan sa ke l pa janm wè; ki gonfle ak logèy pou anyen, akòz lide chanèl li yo,
19 alòske li pa kenbe Tèt la, Li menm ke tout kò a nouri ladan L lan, e ke kò a koud ansanm nan jwenti ak nan lyen, pou l grandi ak diplis ki soti nan Bondye a.
20 Konsa donk, si nou mouri avèk Kris nan sa ki gen pou wè ak prensip de baz lemonn yo, poukisa nou fè kòmsi n ap viv nan lemonn, pou soumèt nou a règleman:
21 (pa manyen, pa goute, pa pran;
22 tout bagay sa yo ap peri otan yo sèvi ak yo,) alòske se nan ansèyman lèzòm yo soti?
23 Bagay sa yo, vrèmanvre, gen yon aparans sajès difèt ke yo mande yon adorasyon volontè ak imilite, epi pou meprize kò a; men, sa pa gen okenn valè, paske se lachè y ap satisfè.
« Kolosyen 1 Kolosyen Kolosyen 3 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!