Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Kolosyen

Chapit 3

« Kolosyen 2 Kolosyen Kolosyen 4 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Alò, si nou resisite avèk Kris, chèche bagay ki anwo yo, kote Kris chita sou men dwat Bondye a.
2 Mete lide nou sou bagay ki anwo yo, e nonpa sou bagay sou latè yo.
3 Paske, nou mouri, e, lavi nou kache avèk Kris nan Bondye.
4 Lè Kris, ki se lavi nou, va parèt, alò, nou va parèt avèk Li tou nan laglwa.
5 Kidonk, se pou nou tiye tout manm nan kò nou ki sou latè, fònikasyon, salte, pasyon, move dezi, ak konvwatiz, ki se idolatri;
6 paske, se bagay sa yo ki lakòz kòlè Bondye ap tonbe sou pitit dezobeyisans yo;
7 se nan yo nou t ap mache tou, lè nou t ap viv nan peche.
8 Men, kounye a, nou debarase ak tout bagay sa yo: fache, fè kòlè, malfezan, malpalan, mo sal ki soti nan bouch nou.
9 Pinga nou youn bay lòt manti, difèt ke nou dezabiye nou de ansyen moun ke nou te ye a, ak zèv li yo;
10 e ke nou abiye nou ak nouvo moun nan, ki renouvle nan konesans dapre pòtre Sila ki kreye l la;
11 kote vin pa gen ni Grek, ni Jwif; ni sikonsi, ni ensikonsi; ni moun sòt, ni sovaj; ni esklav, ni moun lib; men, Kris se tout, e nan tout.
12 Alò, antan ke Chwazi Bondye, sen e byenneme, abiye nou ak kè sansib, jantiyès, imilite nan panse nou, dousè, pasyans;
13 youn pou sipòte lòt, e, youn pou padone lòt; si nenpòt moun gen kont ak yon lòt, menm jan Kris padone nou an, se konsa nou dwe fè tou.
14 E, sou tèt tout bagay sa yo, abiye nou ak lanmou, ki se ne ki mare sa k pou fè nou vin bon nèt la.
15 Epi, kite lapè Bondye dirije nan kè nou, se poutèt sa tou ke nou aple nan yon sèl kò; e, nou dwe rekonesan.
16 Kite Pawòl Kris la rete nan nou ann abondans nan tout sajès; youn dwe anseye e avèti lòt, ak Sòm, ak im, ak chan espirityèl, pou n ap chante ak gras nan kè nou pou Senyè a.
17 E, nenpòt sa n ap fè, nan pawòl oswa aksyon, fè tout nan non Senyè Jezi, pou nou remèsye Bondye Papa a, pa mwayen Li menm.
18 Madanm yo, se pou nou soumèt tèt nou a mari pa nou, tankou sa dwe ye nan Senyè a.
19 Mari yo, se pou nou renmen madanm nou, epi pa fache kont yo.
20 Timoun yo, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay; paske sa fè Senyè a anpil plezi.
21 Papa yo, se pa pou nou pwovoke timoun nou yo jis rive nan kòlè, dekwa pou yo pa dekouraje.
22 Sèvitè, obeyi mèt nou dapre lachè nan tout bagay, nonpa lè gen je k ap gade sèlman, kòmsi se ta lèzòm n ap fè plezi, men, nan senplisite kè nou, ak krentif pou Bondye.
23 E, nenpòt kisa n ap fè, fè l ak tout kè nou, tankou se pou Senyè a, e nonpa pou lèzòm;
24 paske nou konnen ke se nan men Bondye n ap jwenn rekonpans eritaj la; difèt ke n ap sèvi Senyè Jezi Kris la.
25 Men moun ki fè mal, va resevwa pou mal ke l fè a; e, pa p gen okenn patipri.
« Kolosyen 2 Kolosyen Kolosyen 4 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!