Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv Kolosyen

Chapit 4

« Kolosyen 3 Kolosyen 1 Tesalonisyen 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Mèt yo, se pou nou bay sèvitè nou yo sa ki jis e ki dwat; paske nou konnen ke nou menm tou, nou gen yon Mèt nan syèl la.
2 Kontinye nan lapriyè, e veye aske nou fè sa ak remèsiman.
3 An menm tan, lapriyè pou nou tou, pouke Bondye ta louvri yon pòt pou nou pou Pawòl la, pou pale de mistè Kris la, e, se pou sa tou ke m nan chenn;
4 pouke m ka fè konnen Pawòl la, tankou jan m dwe pale a.
5 Mache ak sajès lè nou pami moun ki deyò yo, pa gaspiye tan;
6 Kite pawòl nou toujou gen gras, asezonnen l ak sèl, pouke n konnen kijan nou dwe reponn chak moun.
7 Pou tousa ki konsene kijan m ye, Tichik va di nou yo; li se yon frè byenneme, yon sèvitè fidèl, e yon esklav parèy mwen nan Senyè a;
8 ke mwen voye kote nou pou menm rezon an, pouke l konnen kijan nou ye, epi rekonfòte kè nou;
9 ansanm ak Onesim, yon frè fidèl e byenneme, ki se youn nan nou. Yo va fè nou konnen tout sa k ap pase bò isit la.
10 Aristak, yon prizonye parèy mwen, voye salye nou; e, Mak, kouzen Banabas la, (ke nou te deja resevwa lòd konsènan li an; si l vini bò kote nou, resevwa li.)
11 Epi, Jezi, ke yo rele Jistis la, voye salye nou tou. Yo se moun sikonsizyon yo; e, se yo menm sèl k ap travay ansanm avèk mwen pou wayòm Bondye a; yo se yon ankourajman pou mwen.
12 Epafras, yon sèvitè Kris ki se moun lakay nou, voye salye nou, li toujou ap konbat san pran souf nan lapriyè pou nou, dekwa pou nou kanpe fèm e okonplè nan tout volonte Bondye.
13 Paske, m temwaye sa sou li, sèke li gen anpil devouman pou nou, e pou moun Lawodise yo, e pou moun Yerapolis yo.
14 Lik, doktè byenneme a, ak Dema, salye nou.
15 Salye frè yo ki nan Lawodise, e Nenfas tou, ansanm ak legliz ki lakay li a.
16 E, lè yo fin li lèt sa a ban nou, fè ansòt ke yo li l tou nan legliz moun Lawodise yo; ansuit, pouke nou menm tou, nou li lèt pa Lawodise a.
17 Epi, di Achip konsa: Fè atansyon ak ministè ke w te resevwa nan men Senyè a, dekwa pou w ka akonpli l.
18 Salitasyon sa yo fèt ak pwòp men pa m, Pòl. Sonje chenn mwen yo. Se pou gras la avèk nou! Amèn.
« Kolosyen 3 Kolosyen 1 Tesalonisyen 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!