Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Tesalonisyen

Chapit 1

« Kolosyen 4 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 2 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, a legliz Tesalonisyen an ki nan Bondye Papa a, e nan Senyè Jezi Kris. Se pou w jwenn gras ak lapè bò kote Bondye Papa nou an, ak Senyè Jezi Kris.
2 Se toutan n ap rann Bondye gras pou ou; lè nou nonmen non w nan lapriyè nou.
3 Lè n ap sonje san rete zèv ou nan lafwa, travay ou nan lanmou, epi, pasyans ou nan esperans ke w genyen nan Senyè Jezi Kris, devan je Bondye e Papa nou an.
4 Nou rekonèt, frè byenneme yo, ke se Bondye ki chwazi w.
5 Paske, levanjil nou an pa t rive jwenn ou nan pawòl sèlman; mentou, nan puisans, e nan Lespri Sen an, avèk bonjan asirans; tankou ke w konnen ki kalite moun nou te ye lè n te nan mitan w lan, pou byen w.
6 Lèfini, ou te vin disip mwen, e disip Senyè a, lè ke w te resevwa Pawòl la anba anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an;
7 ansòt ke w te vin modèl pou tout moun ki kwè yo nan Masedwàn ak Akayi.
8 Avredi, se kote w ke bwi Pawòl Senyè a rezonnen, non sèlman nan Masedwàn ak Akayi, mentou, se nan tout kote ke lafwa ke w genyen nan Bondye a gaye aletranje; ansòt ke nou menm, nou pa bezwen di yon mo.
9 Paske, se moun sa yo menm ki rakonte nou ki kalite efè nou te gen sou ou, e kijan w te kite zidòl pou vire vin jwenn Bondye; e pou w sèvi Bondye vivan an, vre Bondye a;
10 epi, pou w rete tann Pitit Gason Li a soti nan syèl la, Li menm nan ke Li te resisite pami mò yo, Jezi Li menm, ki te delivre nou anba kòlè ki gen pou vini an.
« Kolosyen 4 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 2 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!