Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Tesalonisyen

Chapit 2

« 1 Tesalonisyen 1 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 3 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Paske, frè yo, ou konnen ke antre nou te antre lakay ou a, se pa t pou granmesi.
2 Okontrè, menm apre ke nou te fin soufri, e, tankou w konnen an, ke yo te fè nou wont nan Filipi; nou te kenbe asirans nou nan Bondye nou an, pou ke nou preche w levanjil Bondye a nan mitan bon kou opozisyon.
3 Avredi, egzòtasyon nou an, li pa t fèt ni nan twonpri, ni nan lide ki sal, ni nan mètdam;
4 men, menm jan ke se Bondye ki te otorize nou pran chaj levanjil la, se konsa tou nou pale; nonpa pou n fè lèzòm plezi, men, pou n fè Bondye plezi; Li menm ki sonde kè nou.
5 Anverite, pa janm yon fwa nou te itilize pawòl ki pou flate moun, tankou w konnen an, ni se pa t janm lide fè ava ki te dèyè tèt nou; Bondye se temwen.
6 Nonplis, se pa nan men lèzòm ke nou te chèche jwenn laglwa, keseswa bò kote w, oubyen lòt moun; alòske nou ta ka fè egzijans antan ke apot Jezi Kris.
7 Okontrè, nou te aji ak kèsansib avè w, tankou se nouris k ap pran swen pitit li ak tandrès.
8 Nou te sitèlman vin gen afeksyon pou ou ke nou te pre pou nou ba w, non sèlman levanjil Bondye a, mentou, pwòp nanm pa nou, tan ke w te vin vo anpil pou nou.
9 Dayè, frè yo, ou ka sonje zèv ak tray nou; nou te travay lannuit kou lajounen paske nou pa t vle sou kont ankenn nan ou; nou preche levanjil Bondye an ba ou.
10 Ou te temwen, e Bondye tou, kijan nou te konpòte tèt nou yon fason ki apa, ki dwat, e ki san repwòch pami sila nan nou ou ki kwè yo.
11 Dayè, ou sonje kijan mwen te egzòte, mwen te konsole, e m te konseye nou chak tankou yon papa ta fè l ak pitit li yo,
12 dekwa pou nou mache ak diyite jan sa dwe ye devan Bondye, Li menm ki ban nou apèl pou antre nan wayòm Li a e nan glwa Li a.
13 Se pou rezon sa a tou ke nou menm, n ap rann Bondye gras san rete, paske, lè w te resevwa Pawòl Bondye a ke nou te fè w tande a, ou pa t resevwa li tankou pawòl lèzòm, men, tankou sa ke li ye tout bon vre a, Pawòl Bondye a, ki travay ak bon rannman nan nou menm ki kwè yo.
14 Avredi, frè yo, nou te vin de moun ki t ap suiv legliz Bondye nan Kris yo ki nan Jide; paske w te sibi menm move tretman anba men pwòp moun peyi w, tankou ke yo menm, yo te sibi anba men Jwif yo;
15 yo menm ki te tiye e Senyè Jezi, e pwòp pwofèt pa yo; epi k ap pèsekite nou; se pa de moun ki fè Bondye plezi, e yo ann opozisyon ak tout moun;
16 yo derefize nou pale ak Payen yo, pou yo ta ka sove; se plen y ap fin plen mezi peche yo dènye limit; men, kòlè a rive sou yo nan pi gwo degre.
17 Men nou menm, frè yo, nou te separe avè w pou yon ti moman nan kò nou, men pa nan kè nou; se pa ti kalite anvi nou anvi wè figi w ankò.
18 Avredi, nou te vle vin kote w; menm mwen menm Pòl, an youn ou de fwa mwen te eseye; men, Satan te anpeche nou.
19 Dayè, kisa ki esperans nou, lajwa nan kè nou, oswa kouwòn rejwisans nou? Èske se pa ou menm ki va nan prezans Senyè Jezi lè Li retounen an?
20 Paske, se ou ki laglwa nou e ki lajwa nou.
« 1 Tesalonisyen 1 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 3 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!