Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Tesalonisyen

Chapit 3

« 1 Tesalonisyen 2 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 4 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Se sa k fè ke lè nou pa t ka sipòte ankò, nou panse ke l te bon pou n ret poukont nou nan Atèn;
2 epi, nou voye Timote, frè nou an, e sèvitè Bondye, e kòlèg ouvrye parèy nou nan levanjil Kris lan, pou li tabli w, epi pou l ba w ankourajman nan sa ki gen pou wè ak lafwa w.
3 Se dekwa pou pèsonn pa twouble poutèt tribilasyon sa yo; dayè, ou konnen ke se sa k ap tann nou.
4 Vrèmanvre, lè nou te la avèk ou, nou te anonse w ke nou t ap gen pou n sibi doulè tribilasyon, menm jan sa vin rive a, e ou konn sa.
5 Se poutèt sa ke lè m pa t ka kenbe ankò, mwen voye al pran nouvèl lafwa w, pou sa pa ta rive ke tantatè a te tante w, e ke nou menm, nou te travay pou granmesi.
6 Men kounye a, lè Timote soti kote w pou vin jwenn nou, epi misye pote bòn nouvèl de lafwa w ak lanmou nan kè w; e, ke w te toujou sonje nou anpil, tankou ke nou te sonje w;
7 lè sa a, frè yo, nan mitan tout soufrans ak detrès nou yo, nou te konfòte pa mwayen lafwa w.
8 Paske, kounye a n ap viv, difèt ke w kanpe fèm nan Senyè a.
9 Avredi, ki kantite gras anplis nou ka rann Bondye anegad ou, akòz tout lajwa sa a ke nou genyen devan Bondye nou an, poutèt ou.
10 Lajounen kou lannuit, m ap lapriyè san rete pou ke mwen ka wè figi nou, e ke m ta ka fin pèfeksyone sa ki manke nan lafwa w.
11 Kounye a la a, Bondye, e Papa a Li menm, ak Jezi Kris, Senyè nou an a louvri chemen pou mwen vin kote w lan.
12 Epi, Senyè a va fè lanmou nan kè w ogmante ann abondans, e lanmou ou genyen youn pou lòt, e sa ou genyen anegad tout moun, menm jan ke nou gen pou ou a.
13 Lèfini, Li va tabli kè nou pou yo ka san repwòch nan jan ke yo apa nèt pou Bondye Papa a menm, nan lè retou Senyè nou an, Jezi Kris, ansanm ak tout Sen Li yo.
« 1 Tesalonisyen 2 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 4 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!