Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Tesalonisyen

Chapit 4

« 1 Tesalonisyen 3 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 5 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Lèfini ankò, mwen priye w, frè yo, e egzòte w nan non Senyè Jezi, pou ke tankou w te aprann sa de nou an, kòman ou dwe mache e kòman ou dwe fè Bondye plezi, dekwa pou ou ka kontinye fè plis pwogrè toujou.
2 Paske, ou konnen ki kòmandman nou te ba w nan non Senyè Jezi.
3 Avredi, se sa ki volonte Bondye: sanktifikasyon w; pou ke ou kanpe lwen imoralite.
4 Se pou chak nan nou konn kòman pou li kenbe kò l nan sanktifikasyon e nan onètte;
5 nonpa nan lage kò l bay move dezi lachè, tankou Payen ki pa konn Bondye yo.
6 Se pa pou pèsonn depase limit oswa twonpe frè li nan kèlkeswa biznis y ap fè a; paske, se Senyè a ki pran revanj nan tout bagay sa yo, jan ke m te deja avèti w la, e ke nou te temwaye ba ou a.
7 Paske, Bondye pa t rele w pou w vin nan salte; men, se te pou w vin sen.
8 Alò, moun ki derefize sa, se pa lòm li derefize non; men, se Bondye; Li menm tou ki ban nou Lespri Sen Li a.
9 Kanta sa k gen pou wè ak lanmou ant frè ak frè, ou pa bezwen ke m ekri w sou sa; paske ou menm, ou resevwa ansèyman nan men Bondye pou youn renmen lòt.
10 E, ou fè sa vre pou tout frè yo ki nan tout rejyon Masedwàn nan; kanmenm, nou menm, n ap ankouraje w pou n fè plis pase sa toujou;
11 epi, pou w aprann viv trankil, pou w okipe zafè pa w, e travay ak pwòp men w, tankou nou te rekòmande w li a;
12 dekwa pou w mache ak onètte ak moun deyò yo, e pou ke w ka pa manke anyen.
13 Sepandan, mwen pa ta vle ou rete san ke w pa konnen, frè yo, bagay ki konsène moun sa ki mouri yo; pou w pa gen chagren poutèt sa, tankou lòt moun ki pa gen ankenn espwa yo.
14 Paske, si w kwè ke Jezi te mouri, lèfini ke Li te resisite; se menm jan an tou pou yo menm ki mouri nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo vini ansanm avèk Li.
15 Paske, sa n ap di w la a, se dapre Pawòl Senyè a n ap di l; sèke, nou menm yo ki vivan an, epi ki la toujou lè retou Senyè a, nou p ap devanse sila ki mouri yo.
16 Paske, Senyè a Li menm va desann sot nan syèl avèk yon rèl byen fò, avèk vwa akanj lan, e ak twonpèt Bondye a; epi, mò ki an Kris yo va leve anpremye;
17 apre sa, nou menm yo ki vivan an, e ki la toujou yo, nou va anlve ansanm avè yo nan nyaj yo, pou n al rankontre Senyè a anlè a; e se konsa ke nou va ak Senyè a pou tout tan.
18 Kidonk, se pou youn rekonfòte lòt ak pawòl sa yo.
« 1 Tesalonisyen 3 1 Tesalonisyen 1 Tesalonisyen 5 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!