Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Tesalonisyen

Chapit 5

« 1 Tesalonisyen 4 1 Tesalonisyen 2 Tesalonisyen 1 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Men, kanta sa k gen pou wè avèk tan ak lè, frè yo, ou pa bezwen pou m ta ekri w sou sa;
2 paske, ou menm, ou konn trè byen ke jou Senyè a ap rive menm jan ak yon volè lannuit.
3 Paske, pandan moun va pale de lapè ak sekirite; epi se sanzatann ke destriksyon total a va tonbe sou yo, tankou se tranche ki pran fanm ansent; e, p ap gen chape pou yo.
4 Men, ou menm frè yo, se pa moun ki nan fènwa w ye, kòmkwa pou jou sa a ta va bare w tankou yon vòlè.
5 Nou tout se pitit limyè n ye, ak pitit lajounen; nou pa pitit ni lannuit, ni fènwa.
6 Alò, pinga w ret ap dòmi tankou lòt moun ap fè l la; okontrè, se pou w ap veye e rete ak tèt ou klè.
7 Avredi, moun k ap dòmi yo, se lannuit y ap dòmi; e, moun ki bwè pou yo sou a, se lannuit yo sou;
8 men, pou nou menm ki se moun lajounen yo, se pou nou ret tèt klè, pandan ke nou abiye tèt nou ak kiras lafwa avèk lanmou an, epi ke nan tèt nou, nou mete kas esperans pou sali nanm nan.
9 Paske, plan Bondye pou nou, se pa kòlè; men, se pou nou jwenn sali nanm nou nan Jezi Kris Senyè nou an;
10 Li menm ki te mouri pou nou, dekwa pou kit je nou louvri, kit je nou fèmen, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Poutèt sa, se pou youn egzòte lòt, youn edifye lòt; tankou ke n gentan ap fè a.
12 E, n ap sipliye w, frè yo, pou ke w rekonèt moun k ap travay pami w yo, e k ap dirije w nan Senyè a; sila yo k ap egzòte w yo;
13 ou dwe konsidere yo ak anpil lanmou poutèt travay y ap fè a. Lèfini, se pou w viv youn ak lòt nan lapè.
14 Kounye a, frè yo, nou menm, n ap mande w pou ou avèti moun ki deregle yo, ankouraje, moun k ap pèdi espwa yo, rekonfòte moun ki fèb yo; epi, gen pasyans ak tout moun.
15 Veye pou okenn nan nou pa rann pèsonn mal pou mal; okontrè, se pou nou toujou chèche fè sa ki byen, e ant nou menm, e ak tout moun.
16 Pa janm sispann rejwi;
17 lapriyè san rete.
18 Nan tout bagay, rann gras; paske, se sa ki volonte Bondye pou nou, nan Kris Jezi.
19 Pa etenn dife Lespri a.
20 Pa meprize pwofesi.
21 Teste tout bagay, kenbe sa ki bon.
22 Kanpe lwen tout sa k ta gen sanblans ki se mal.
23 Epi Bondye lapè a Li menm, va sanktifye w nèt; e, mwen lapriyè Bondye pou ke, e lespri w, e nanm ou, e kò w, okonplè, ava prezève san repwòch jis nan retou Jezi Kris Senyè nou an.
24 Sila ki ba w apèl la, Li fidèl, e se Li menm tou k ap regle sa.
25 Frè yo, lapriyè pou nou.
26 Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen.
27 Mwen ban nou lòd nan non Senyè a, pou nou li lèt sa a pou tout frè sen yo.
28 Se pou gras Senyè nou an, Jezi Kris, avèk ou. Amèn.
« 1 Tesalonisyen 4 1 Tesalonisyen 2 Tesalonisyen 1 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!