Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Timote

Chapit 1

« 2 Tesalonisyen 3 1 Timote 1 Timote 2 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Pòl, yon apot Jezi Kris dapre kòmandman Bondye, Sovè nou an, ak Senyè Jezi Kris, ki se esperans nou.
2 Pou Timote, pitit gason pa m nan lafwa a, va gen gras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa nou an, ak Jezi Kris Senyè nou an.
3 Menm jan ke m te mande w pou w rete la nan Efèz, lè m ta pral Masedwàn nan; dekwa pou w te bay kèk nan moun yo lòd pou yo pa anseye okenn lòt doktrin,
4 e non plis tou, pou yo pa bay enpòtans a fab ak lis non zansèt ki pa ka fini, ki se bagay ki leve diskisyon olye pou yo ta montre chemen Bondye nan lafwa: Fè sa!
5 Alò, rezon pou kòmandman sa a, se yon lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, nan yon konsyans ki bon, ak yon lafwa ki sensè.
6 Gen kèk moun ki detounen yo de bagay sa yo, pou y al vire nan vye koze san sans;
7 yo ta vle pou ke se pwofesè lalwa yo ye, epoutan, yo pa konprann ni sa y ap di yo, ni sa y ap deklare yo.
8 Men, nou konnen ke lalwa a bon si yon moun ap respekte lalwa.
9 Nou konn sa: sèke lalwa pa fèt pou yon moun ki jis, men pou òlalwa ak rebèl yo, pou moun ki san respè pou Bondye yo, pou pechè yo, pou enferyè yo ak pèvèti yo, pou sa k ap tiye papa ak sa k ap tiye manman yo, pou asasen yo,
10 pou deprave yo, pou sila yo k ap badijonnen tèt yo nan salte ak lèzòm, pou kidnapè yo, pou mantè yo, pou magouyè yo, ak tout lòt kalite bagay ki ta kontrè a doktrin ki byen pòtan an;
11 ann akò avèk levanjil ki plen glwa a, levanjil Bondye ki beni an, ke yo te konfye ban mwen an.
12 E konsa, mwen remèsye Kris Jezi, Senyè nou an, ki te ban m posiblite, difèt ke Li te konsidere m fidèl e Li te mete m nan ministè a,
13 mwen menm ki te anvan sa yon nonm ki t ap blasfeme, ki t ap pèsekite, e ki te ensolan; men, mwen te resevwa mizerikòd, paske m t ap aji pa inyorans nan kwè ke m pa t kwè a.
14 Se lè sa a ke gras Senyè nou an te plen depase mezi ak lafwa e lanmou ki nan Kris Jezi.
15 Sa se yon pawòl ki fèm, e ki merite pou yo aksepte l nèt ale, sèke Kris Jezi vini nan lemonn pou sove pechè; e pami yo, se mwen ki chèf la.
16 Sepandan, se poutèt sa ke m resevwa mizerikòd, ansòt ke nan mwen menm an premye, Jezi Kris ka fè wè tout longè pasyans Li, pou sa va sèvi modèl pou sila yo ki va vin kwè nan Li apre pou gen lavi etènèl.
17 Kounye a, se pou Wa etènèl, imòtèl, envizib, sèl Bondye ki saj la, jwenn onè ak glwa pou letan e pou letènite. Amèn.
18 Chaj sa a, mwen konfye w li, Timote, pitit gason m, dapre pwofesi ki te fèt depi alavans sou ou yo, dekwa pou ke avèk yo, ou va byen goumen nan lagè a,
19 pandan ke w kenbe lafwa ansanm ak yon bon konsyans, ki se yon bagay ke kèk moun met sou kote, sa ki vin lakòz yo fè nofraj nan sa ki gen pou wè ak lafwa yo.
20 Pami moun sa yo, gen Imene ak Aleksann, ke mwen delivre bay Satan, dekwa yo ka aprann pa blasfeme.
« 2 Tesalonisyen 3 1 Timote 1 Timote 2 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!