Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Timote

Chapit 2

« 1 Timote 1 1 Timote 1 Timote 3 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Kidonk, mwen konseye ke, anvan tout bagay, pou nou fè siplikasyon, lapriyè, entèsesyon, ak remèsiman pou tou lèzòm.
2 Pou wa yo, ak tout sa yo ki se otorite, dekwa pou nou mennen yon lavi ki trankil e pezib, nan tout devosyon ak onètte.
3 Paske, se yon bagay ki bon e akseptab nan je Bondye, Sovè nou an,
4 ki vle pou tout òm ta sove, e pou yo rive jwenn konesans verite a.
5 Paske, gen yon sèl grenn Bondye, ak yon sèl grenn Medyatè ant Bondye ak lèzòm, se Lòm nan, Kris Jezi,
6 ki te bay tèt Li kòm ranson pou tout moun; sa ki va yon temwayaj nan tan ki te fikse a.
7 Se poutèt rezon sa a ke mwen te jwenn òdinasyon kòm predikatè, e kòm yon apot, (m ap di laverite nan Kris, m pa p bay manti) e, yon anseyan pou Payen yo, nan lafwa ak nan verite.
8 Mwen vle donk ke mesye yo lapriyè toupatou, pou yo leve men ki sen anlè, san kòlè, san de lide.
9 Menm jan an tou, se pou medam yo abiye tèt yo ak rad ki modès, avèk desans e rezèv; nonpa ak cheve trese avèk lò, oswa avèk pèl, oubyen òneman ki chè;
10 men pito (bagay sa ki mache ak medam k ap fè devosyon) ak bòn zèv.
11 Se pou fi aprann an silans ak tout soumisyon.
12 Men, mwen pa pèmèt pou yon fi ta anseye; nonplis tou pou ta vòlè otorite gason an; men pito, pou li rete an silans.
13 Paske, se Adan ki te fèt an premye, apre sa vin Èv.
14 Lèfini, se pa t Adan ke yo te twonpe a non, men, se te fi a pa lefèt ke yo te twonpe l la ki te vin nan vyolasyon an.
15 Malgre sa, li va sove lè l fè pitit, si yo kontinye nan lafwa, nan lanmou, nan sanktifikasyon ak rezèv.
« 1 Timote 1 1 Timote 1 Timote 3 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!