Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Timote

Chapit 3

« 1 Timote 2 1 Timote 1 Timote 4 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Se tout bon vre wi, si yon nonm ta vle okipe pòs evèk la, se yon bon djòb li vle.
2 Kidonk, yon evèk dwe yon nonm san repwòch, mari yon sèl madanm, ki gen bonsans, tèt dwat, ki mennen tèt li byen, ki gen ospitalite, ki kapab anseye,
3 ki pa nan bwè tafya, ki pa vyolan, ki pa nan magouy pou lajan; men pito, ki pasyan, ki pa chèche kont, ni ki pa gen konvwatiz.
4 Yon nonm ki byen dirije lakay pa l, e ki kenbe pitit li yo nan soumisyon ak tout respè.
5 Paske, si yon nonm pa konn kijan pou li dirije pwòp lakay li, kòman li pral pran swen legliz Bondye a?
6 Li pa dwe yon nouvo konvèti, pou sa pa rive ke li ta vin plen ak lògèy, epi pou l al tonbe anba kondanasyon dyab la.
7 Anplis de sa, li dwe gen bon repitasyon ak moun deyò yo, pou sa pa rive ke l al tonbe nan avilisman ak anba pyèj dyab la.
8 Se menm jan an tou ke dyak yo dwe respektab, yo pa dwe moun ki gen de pawòl, yo pa dwe moun k ap bwè anpil tafya, ni moun ki nan magouy pou lajan.
9 Se pou yo kenbe mistè lafwa a nan yon konsyans ki pwòp.
10 Se pou teste moun sa yo anvan; lèfini, yo ka vin okipe pòs dyak la, si yo ta jwenn ke yo te san repwòch.
11 Se menm jan an tou ke medam yo dwe respektab, yo pa dwe malpalan, se dwe moun ki gen bonsans, ki fidèl nan tout bagay.
12 Dyak yo dwe mari yon sèl madanm, ki ap byen dirije pitit yo ak pwòp lakay yo.
13 Vrèmanvre, sila yo ki byen okipe pozisyon dyak la, vin leve tèt nan yon wo nivo, e ak yon asirans solid nan lafwa a ki nan Jezi Kris.
14 M ap ekri bagay sa yo ba ou antan m ap espere pou m vin kote w talè konsa.
15 Men, oka ou mwen ta fè reta, wa va konnen kijan ou sipoze konpòte tèt ou nan kay Bondye a ki se legliz Bondye Vivan an, poto ak baz verite a.
16 E konsa, san okenn dezakò, mistè devosyon an se yon bagay ki gran: Bondye prezante tèt Li sou fòm lachè, Li te jistifye nan Lespri a, Li te vizib pou zanj yo wè, Li te gen moun ki preche Li bay Payen yo, Li gen moun ki kwè nan Li nan lemonn, Li monte e yo resevwa Li nan laglwa.
« 1 Timote 2 1 Timote 1 Timote 4 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!