Li Bib la » Rezime »
Chèche Peze / pou chèche yon vèsè

Liv 1 Timote

Chapit 4

« 1 Timote 3 1 Timote 1 Timote 5 »
Klike la pou koute lekti chapit sa
1 Kounye a, Lespri a bay avètisman sa a, sèke nan dènye tan yo, kèk moun apral kite lafwa a, pou yo suiv yon bann lespri k ap twonpe moun, ak doktrin dyab;
2 se va moun k ap bay manti nan fè ipokrit, e k ap gen konsyans yo tanpe ak fè cho;
3 y ap defann pou moun marye, lèfini, y ap kòmande pou moun sispann manje manje ke Bondye te kreye pouke moun ki kwè yo e ki konn verite a, kapab resevwa ak remèsiman.
4 Paske, tousa ke Bondye kreye yo bon; e pa gen anyen ki ta dwe refize, yon fwa ke yo resevwa l ak remèsiman.
5 Paske l sanktifye avèk Pawòl Bondye ak lapriyè.
6 Si w mete frè yo okouran de bagay sa yo, ou va yon bon minis Jezi Kris, ki nouri nan tout pawòl lafwa a, e nan bon doktrin sa ke w ap swiv la.
7 Sepandan, rejte vye koze yo ak kont granmoun lontan yo; men, antrene tèt ou pito nan devosyon.
8 Vrèmanvre, egzèsis fizik, se yon ti pwofi sa bay, alòske devosyon bay pwofi nan tout bagay: nan li, gen pwomès e pou lavi kounye la a, e pou lavi ki gen pou vini an.
9 Pawòl sa a fèm, e li merite pou moun aksepte l nèt.
10 Se pou sa dayè ke n ap e travay, e soufri anba repwòch, difèt ke nou kwè nan Bondye Vivan an, ki se Sovè tout moun, espesyalman moun ki kwè yo.
11 Se bagay sa yo pou w kòmande e anseye.
12 Pinga kite pyès moun meprize jenès ou; men, se pou w sèvi egzanp pou kwayan yo, nan pawòl, nan konvèsasyon, nan lanmou, nan lespri, nan lafwa, nan konduit ki pwòp.
13 Pou jis lè m vini, konsantre w sou lekti, sou egzòtasyon, ak ansèyman.
14 Pa neglije don an ki nan ou a, ke yo te ba w pa mwayen pwofesi avèk asanble ansyen yo ki te poze lamen sou tèt ou.
15 Medite sou bagay sa yo, lage tout kò w nan yo, de fason pou pwogrè w fè yo kapab parèt devan je tout moun.
16 Veye sou tèt ou ak sou ansèyman yo, kontinye avèk yo; konsa ou va sove e tèt pa w, e sila k ap koute w yo.
« 1 Timote 3 1 Timote 1 Timote 5 »
Met men avèk nou nan reyalizasyon yon tradiksyon labib ki fyab, kòrèk e solid. An nou envesti nan lavni espirityèl chak Ayisyen! Pawòl Bondye se sèl espwa pèp Ayisyen!